*Dyalòg sa nou pral li la , Mete Anfas mwen men m , ak yon ansyen Pwofesè  Ki pral rantre Nan politik Terye wouj. ( Pwofesè ak S.Boomba*)

Se pou mwen di nou se Yon dyalòg ki fiktif men gen baze sou reyalite komin nan .

Dyalòg la gen yon Volim estrèm nan sa yo rele , objektivite , jijman valè , Rejè valè, epi verite. Pou konprann Dyalòg sa fòk ou ta li yon liv ki rele ( La reconnaissance du générale Salnave de Demesvar D)

Pwofesè  :  Boomba sa k ap fèt , ou pa desann Terye wouj men m non [...] Men mwen wè pwojè ou a sou Facebook , YouTube wi ( Terrier rouge en Perspective ) Sa move wi kontinye , Gras a ou nou pral gen posibilite  ;  pou nou (introduit ) yon kou konsa nan komin nan .

Boomba  :  Pwòf mwen nou la wi , ou konnen n ap esseye rantre kèk konesans nan tèt la , Men m lè peyi a pa bon , Men tankou lòt yo di depiw ame ak konesans pa gen anyen ki ka bare w .
Pou afè pwojè a tout moun ki vle mèt vinn patisipe li gratis , Pou bagay Kandida ou Dim la mwen poko avèw non , lide sa m poko konprann li fèm klè non  ?


*Pwofesè*  :  Wi ou konnen se Ansyen Elèv mwen ou ye , Mwen metew okouran , Mwen gen yon vizyon pou m chanje komin nan , Paske twòp Gagòt ap fèt  ;  Mwen antanke moun k ap reflechi mwen pap pran salte Sa Terye Wouj.


*Boomba* Mwen poko ap rantre nan detay avew non Pwòf  la k ap fèt , kèk riyèl ap pwojè laplas la elatriye.
pou mwen diw mwen poko wè anyen ki serye ,gen yon dlo chak lè li soti tanta , se ravaje li ravaje komin nan kanal ki pou fèt poko jan m fèt. nèg yo ta dwe panse sou sa , men m pou rebati lise a pa gen anyen ki jan m di.enfin

*Boomba* :Bon  !  Kanal sa ap baw pwoblèm toujou , ni dlo di soti bò site fede bò ponp ki  kote Alix la , lèw soti nan mache a , ou fè tankou ou prale nan mizè a  pa jan m aaa pwoblèm.
Pou afè depitew la Pwòf mwen konseyew travay toujou , paske ou poko fè anyen pou komin nan , kite moun kap travay parèt .

Ban m mandew yon bagay sa vle di pou fèt Terye wouj ane a Nou pap gen plas pou nou men m chita men m .

Sa majistra a di nan sa  ?
E kote responsab  komin yo  ?
E kote sa m  wè tout jounen sou rezo soyso ki rele pa fè fòs la ?

*Pwofesè* Pou zafè majistra a pa pale m de sa , pou moun ki reprezante nou pa Dim anyen .
Poum diw chak lèm sot fè kou m chita la mwen pa wè yonn ki vinn pale ak Jèn yo , oubyen oganize kèk aktivite , se sèl lè pral gen eleksyon ou wè yo.

Pou zafè laplas la , Mwen tande lajan pati , men m poko konfime , men m sèl Sam konnen Pandan epòk peyi cho a yo dechèpiye tout tòl yo ki te bare plas la .
Mwen pa ta vle Laplas Terye wouj la pase men m jan ak Mache a ki pa jan m fini an . poum rezime Lajan laplas la gen gwo diskisyon .


*Boomba*  Bon  !  wow  !  problèm pou komin nan , ou pa ka Dim ou gen yon majistra ak lòt reprezantan , epi wap di pa palew de sa , Pwòf sa se manke sajès wi ou pa li ( les bacchantes , Romulus , le manuscrit de mon ami , Fernand Hibbert )
Enbyen ki solisyon ou gen pou nou pa asepte sitiyasyon sa yo  ?
Men nou ta dwe jwenn ti laplas la pou nou fete mezanmi , pou nou chita , pou nou fè lèkti , sa se yon krim pasyonèl wi Pwòf.

*Pwòf* Jan bagay yo ye la , se tout moun Terye Wouj pouki mete ansanm pou yo viv , yonn lòt , pa dwe gen rayisman , pwofesè yo dwe ini yo , Legliz yo paske nan l' union nou ka fè tout bagay .
Se pou moun Terrier Rouge Di yo Bouke ak tout sa yap endire .

Se pou pwochen eleksyon ki pral fèt la , si genyen paske nou wè eta Peyi a .
Se pou yo vote yon moun ki konsekan , yon moun ki ka pale , ( elatriye) Tankou le grand Demesvar D. te ekri ( Les théoriciens aux pouvoirs) .


*Boomba* Rire  !  Jan wap pale la ou pran pòz se wou men m ki pral chanje Terye Wouj , fòm diw byen nou tout se men m se Toujou men m diskou yo , Fwa sa nou pap pran pawòl se kòmanse travay .Fòk nou kòmanse ede jèn yo mete aktivite , kreye fèsti jeni , kreye konkou pou nou dekouvri talan Terye Wouj yo.


*Pwofesè* Ou pa ka di , Paske ou ka remake lè nèg yo te metew deyò lise a , mwen te yonn nan moun ki te di nèg yo pral fè yon krim si yo kite sa pase , men ou wè tout Sam te fè san siksè , Mwen te vle edew.

*Boomba* Pwòf ou deyò nan konvèsasyon an wi , se pa wap itilize (stratagème) Pou konvenk mwen , map raplew mwen li ( L' art d' avoir raison d' Arthur Schopenaheur)

Pou bagay lise a mwen pran sa Tankou yon ( Renforcement positif , se sa k Ban m kouraj plis poum lite , travay  jis souf mwen koupe ) Motivation plis chak fwa tonbe , chak fwaw pran pran yon echèk.

*Pwofesè* ann kite liy sa , Eske wap avèm nan eleksyon pral vini la  ?

Eskew pral mobilize kolèg ou yo , Site Fede , Site Nasilya , Anwo bouk , anba Bouk , Lòt bò pon , vye mache , elatriye  !  Dim se kandida pou depite nan eleksyon ki pral vini la . mwen konnen li ( La République de Platon ou pap refizem )

*Boomba* Rire  !  Pwòf wap jwe sou mwen , men m siw te konn edem , pretem dokiman , mwen dezole , mwen pap votew , plis ou konnen Terye Wouj timoun pa fè politik ( réflexion ! )
 Plis ou poko fè anyen pou komin nan pou moun yo kwè nan you , Se vre ou son pwofesè ki onèt men travay toujou, saw Di aprè kat eleksyon ankò wa parèt.


*Pwofesè* Gen nèg ki pral parèt la , ki pa men m plante yon ti plant men m , mwen men m m gen 14 zan ap bay sèvis nan komin .
 Reflechi byen .

 *Boomba* ou se yon Gwo pwofesè gen respè pou wou , men m si m pral pran plas ou a nan yon ti tan la .
Konsèy mwen ta Bay ou pa swiv lòt ki poko fè anyen pou komin nan   ;  Rèspèkte dignitew , paske nan politik pa gen verite se manti sèlman , men m lèm konnen nan ( Échelle de valeurs ) li enpòtan men ou gen plizyè sèl sa pa ka fèw pa Rèspèkte , ou gen Konsyans , ou metrize sigmun Freud Bay sa vag , ou fenk marye , ou gen 2 timoun piti , pa kite move tras pou yo , sove dignite fanmiy ou .
Pa fè ti vagabond vinn ranse avèw , vinn sal miray kay ou , paske yo pap kwè nan Dyalòg se kraze brize sèlman .svp Ban m kous la bag.

*Pwòf* Mwen tande tout saw Dim yo , men En vérité mwen pap Bay kous la vag , mwen vle goumen pou komin nan , mwen byen kontan ou te pibliye lis majistra depi 1950 jiska Jodiya wa Dim sa yo fè , map tann ou pibliye lis Depite yo wa Dim sa yo fè .Gen anpil Jèn Terye wouj ki gen kapasite men yo kokobe sistèm nan pa ba yo pase , Tankou wou men m li pral difisil pou wou .kite m parèt  !!!


*Boomba* Bon  !  mwen wè saw di yo mwen abitye tande yo deja , se pa sèl wou ki gen diskou sa . mwen pap tann pou moun Ban m travay mwen pral travay ak tèt mwen.
ou te toujou konnen lise a ....pi gwo rèv mwen se ( kreye yon inivèsite popilè pou tout moun )

 *Pwofesè*   Lide sa toujou enbyen kenbel pa la mwen pap kenbew Twòp Boomba , al mete valiz ou la , Nou pral Bwè yon ti bouyon chamo lòt bò pon , lè nou fini na pral bwè 2 bière kote matante ou a , m tande kòl pa twò bon .

*Boomba*  Wi , men se yon moun ki gen kouraj li abitye , ede tout moun nan komin nan , yo konn vin n chèchel ale byen lwen , Tout moun ap pote soutien pou li , pou chasse kò pa bon sa .

*Pwòf* enbyen map tann ou pou Jan m de dialogue sa yo paske  << Sitiyasyon Terye Wouj la kritik anpil , Fòk tout moun pran Konsyans , se sèl jij ki ka sove nou , ou pa wè tout Epòk Jèn yo ap fè bèl mizik tankou Gwoup ou a << Level Click mizik yo pat Jan m woule nan komin nan se byen lwen yal woule , jis ou te fache ak yon animatè .


*Boomba* men wi , Konnya pa rapò rekil mwen pran , mwen konpran yon pwofèt pa Jan m pwofèt nan peyil . men mwen map travay plis toujou poum . n ap pale talè Pwòf .



STILL BOOMBA LIBERTAIRE  Kritike Dyalòg la ......stillboomba282@gmail.com

Whatsapp + 509 33899870 .....Relem siw gen feyton , pyès teyat , tout sa ki gen rapò ak . L ' épanouissement de la Jeunesse .

Commentaires

  1. Respect pou wou frèm...
    Eseye kreye yon paj facebook, pouw kapab lage yo..

    RépondreSupprimer

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés