LE MOUVEMENT BOOMBA (( ou )TERRIER ROUGE .....ENVITE NOU VINN REFLECHI...... ?? ?

Degrengolad pwodiksyon nasyonal, kesyon chomaj ak lavi chè ki peze lou sou sila ki pap vòlè yo

1- Jounen jodia yon bwat lèt vann 35g, yon gode pwa 100g , yon gode diri 50g ak anpil lòt pwodwi ke pri yo monte wo bibit. Men kisa ki lakoz sa? Ki politik reyalis ki ka pèmèt nou soti nan sitiyasyon dezespere sa prese prese?
Ann fè yon ti reflechi, an Ayiti nou di nou aplike sistè kapitalis ke tout moun konnen ki chita sou lib echanj ak lib konkirans, tout gwo etid montre ke sistèm kapitalis la jwe yon gwo wòl nan devlòpman yon peyi. Men eske nou gen sistèm kapitalis vre an Ayiti?  Apwe anpil refleksyon, mwen te arive pa anplwaye tèm *_diktati ekonomik
*_an ayiti . si nou byen gade , nap wè se yon sèl moun ki gen dwa antre diri nan peyi a, yon sèl ki gen dwa antre twal, yon sèl ki gen dwa antre sik elatriye. Lè se yon sèl moun ki enpòte yon pwodi, li fikse l nan pri l vle, se enpoze li enpoze w yon pri. Si nou pwan kèk egzanp vivan nap tande pale de kesyon asfat la ak Jovenel epi kesyon diri a ak ekip Lawòch la( nan lane 2015 yo, Lawòch nèg okap ak ekip li te jwenn posibilite pou fè antre diri an ayiti, yo te vin apwann ke nèg anlè yo te achte diri a 3$ us e yo te revann li 10$us, yo wè si se yo ki antre l nan pò okap la yo tap ka revann li 9$ e yo tap fè anpil benefis. Lè konsa nèg anlè yo ta pwal oblije desann pri pa yo a tou, swa desann li 8$ tou oubyen metel 9$, lè sa se malere yo ki tap jwi de konkirans sa. Etonámman diri a antre nan pò okap la legalman, men nèg anlè yo pwan diri sa nan men Lawòch sou preteks se yo menm sèl ki lejitime pou fè komès ak letranje. Konsa Lawòch pèdi diri l la ak tout kòb la).
Sa te fèm ri anpil lè PM Céant te dil pwal desann diri a paske mwen konnen sa pa depann de li.
Donk an Ayiti nou bezwen yon laboujwazi ostil ki fòme de nèg tèt grenn ki kou kreye konkirans kap vin nan avantaj pèp la. Yon gouvènman ki eklere e ki gen lespri dwe kreye ak favorize yon laboujwazi ki fèt ak tèt grenn ( m vle nou konpwann sam vle di)
Men sa pwal fè enpak sou pwodiksyon nasyonal la. Sa se laverite.

2- *Pwodiksyon nasyonal la*
Pwodiksyon agrikòl nou ki vwazen zewo a, kisa ki lakoz li? E ki mwayen ki ki rapid nou ka remedye a sa?
Apwe anpil refleksyon ak etid tèren, mwen reyalize ke gen anpil peyizan ki toujou ap plante san okenn èd ni materyèl, men yonn nan pi gwo pwoblèm yo toujou genyen se difikilte pou yo vann sa yo pwodwi a, anpil fwa rekòt yo fin goumen pou fè a gate nan men yo epi ti machann vin pwan rès la nan vye pri nan men yo. Yo oblije likide l pou yo pa pèdi tout kòb la. Sa ki vin fè yo dekouraje paske yo wè se an ven yap travay. Sa vin fèm wè yon gouvènman ki gen lespri e ki eklere dwe an pwemye lye mete yon magazen leta nan chak depatman oubyen nan chak komin dekwa lè peyizan an fin fè rekòt la, li konnen li pap pèdi lajan an, li pap nan kastèt pou l vann li. Lè sa yap gen plis ankourajman pou yo travay, nan menm okazyon sa pwodiksyon nasyonal la ap fè chimen l menm jan li te ye sou Duvalier. Blaze one pale de sa nan mizik ( m anvi wè ) chapo pou Blaze one.

3- *Kesyon chomaj an ayiti*
Kiyès ki responsab? Kòman nou ka ogmante kantite anplwaye ki nan peyi a?
Anpil moun mete nan tèt yo se leta ki dwe ba yo travay, sa ki fè manifestasyon a dwat a goch nan dèyè leta pou travay. Men map fè nou konnen nan tout peyi kote se sitèm kapitalis kap demere, se laboujwazi ki toujou kreye plis pase 50% travay a travè antrepriz ke yap kreye, sa ki bay 3000 lòt ki bay 2000 elatriye. Men an Ayiti nou gen yon laboujwazi ki pa patriyòt, ki fòme sèlman de yon bann doub nasyonalite kap pwofite de kòripsyon peyi a pou fè lajan. Sò peyi a pa enterese yo vwe, se sa ki fè yo plis lage yo nan komès pandan y ap pwofite de franchiz ke gouvènman kòronpi ba yo, yo pa kreye kenn faktori,endistri ni izin nan peyi a sou preteks ensekirite alòske blan vin pwofite de men dèv bon mache ki gen nan espas yo di ki pa sekirize a.
Sa se yon rezon anplis pou yon gouvènman ki gen lespri e eklere mete sou pye yon laboujwazi tèt grenn ki sibi anban laboujwazi cheve siwo sou tout fòm.

Se te tout konsèy sa yo m te gen nan djakout mwen pou ede nouvèl Ayiti nou vle bati a. M konnen se pa bagay ki fasil se pou sa gouvènman ki vle aplike sila yo dwe gen anpil *lespri e eklere*
M konnen m bon pou m mouri la, men kite mele m, lanmò lan, lanmò rapid se menm lanmò a. Di djab bonjou lap manjew, rele djab papa lap manjew, grann mwen di m lè sa ou chire bouda w ba djab la.

 Jean Rolex Mondestin,
Vwayou a pwiske an ayiti kad pa gen kenn siyifikasyon.










Commentaires

Articles les plus consultés