TERRIER ROUGE BEZWEN YON LOPITAL MODÈN .

TERRIER ROUGE BEZWEN YON LOPITAL MODÈN NOU BOUKE AK SANT SANTE YO by Boomba libertaire

Bonjou , Bonswa Tout moun Terye Wouj , Gran Basen , pòlèt , Savan kare , patriko , Danda etc.
Depi 2 jen mouvman sa sou Tout platfom yo li rele ( LE MOUVEMENT BOOMBA OU TERRIER ROUGE EN PERSPECTIVE)

Anpil Otorite fè tankou yo pa wè l , anpil nèg ki di yap panse fè tankou yo pa wè l .

Mwen toujou gen yon sèl objectif nan tèt mwen se fè komin nan bèl e fè pale de li ,  gen anpil moun ki pa konn pase komin nan , mwen yo rakontem ti kal , depi 1950 ak L.Agaru jiska jounen Jodiya Terye Wouj toujou kotel ye a .
Toujou pa gen moun kap panse pou pèp , men toujou gen moun kap panse pou fanmiy yo , pou pòch yo. Nou ka rele moun sa yo patripoche ( Critique de la Raison gourmande , Critique de la méchante)

Pou mwen rantre nan sanm vle rantre a, paske komin nan gen anpil Pwoblèm .Pwoblèm yo (multiple et mutidimentionnel )

1er san m vle  abòde  e mwen konnen L ap bon pou tout moun .

Komin nan Bezwen yon lopital , map repete ankò komin nan Bezwen yon lopital kite m repete pi fò li bezwen yon lopital , paske gen anpil moun ki getan mouri distans pou yo jwenn yon ti premye swen , men m lè moun nan Sant yo konn fè sa yo kapab yo pa jan m rive satisfè tout moun vre. Paske ti Sant la twò piti pou resevwa anpil moun.

Mesye ann réfléchi ansanm( Nou ka rele réflexion sa << Réflexion au marteau>>) Pou  nou nan 21ème Siècle, pou yon ti Sant sante pou yon pakèt moun nan yon komin , Sa men m moun ki tap viv nan Antiquité tardive pap pranl  ah, ah ah ,  sa se yon Crime .

Chak jou yon pakèt moun ap kite komin nan pou yo al jwenn yon ti swen byen lwen ;  e gen nan yo distans pou yo rive swa lopital  milot a  , oubyen lòt kote yo getan mouri , aaah , mesye rantre nan Konsyans sa vle di chak moun sa yo ki mouri , se pa yo men m ki ta vle mouri , men se nou men m ki tiye yo , se fot yon vre sistèm nou mete an plas.  E tout krim sa yo se sou Konsyans nou , mwen pa anyen poum jugé nou, men nou gen pou nou peye sa e yon jou Nap peyel chè. Se lè timoun nou gen yon Pwoblèm nap konn sa map pale a , pou men m machin li pa ka monte konnya na dim sa nou pral fè . ..Nou gen pou nou regrèt lè sa lap twò ta pou nou , Nou pral di si nou te konnen.

Poukisa lakay mwen pa ka gen yon lopital nòmal , modèn pou tout moun nan komin nan jwenn bon jan swen paske la santé se yon gwo koze nan développement yon pèp  , men m lè maladi pa fèt sèlman pou chyen men fwa sa nou tretem pi mal pase chyen. Banm raple nou mesye malad pa soumoun.

Nan Chak mo , Chak lèt , Chak fraz mwen pa jan m vle violent , mwen toujou vle rete nan still pa m nan ki rele ( Perspective d' idée)

Tout jounen nèg yo ap ban n pawòl , Chak eleksyon ki  pral rive yo pran nou nan zatrap ak mensonge , yon ban n manipulateur , méchant , Fabulateur ect

Yon ti kote piti konsa mete tèt nou ansanm pou l bèl non , nou tout ap goumen pou se nou men m ki bon , ni yonn nan nou pap di,

Ah kite m voye Intèl paske li gen yon vizyon ki klè , an nou pa jwe boukik nap kite mesye *X* pase ou mesye *Y*
Nou tout ap goumen ak lòt viv Chen manje Chen.

Si nou tap fonksyone byen kote m ta pral ekri tout bagay sa yo .

Si nou te banm yon lopital

Eskem tap pedi ti jakline
Jaklin , ti jan , ti mamoun
Jozyann , kaline , jezila , Jessika , Vanessa , ti leya , ti pouche , Ti Paulin

Mwen kwè nou gen repons la deja , mesye yon Lopital pa yon big deal non , paske lajanm konn tande bandi  ap jwenn sa ka fè yon pakèt bagay wi , Mesye sispann non vinn travay paske gen yon popilasyon ki bezwen èd

Tankou nan komin Terye Wouj la nou Bezwen yon lopital , e se yon lopital modèn , mwen Bouke ak krim map wè yo , Svp mesye Banm li non , konsa jenerasyon k ap vini pap plede panse a bagay sa yo ankò yap panse ekri lòt bagay , konsa komin nan ap rale souf. ou pa bezwen kandida non pou w fè yon bagay .

Komin nan pa reprezantab men m men m , Efò jeunesse la ap fè e fè pou l parèt bèl menm lè  nou manke bèl imaj , Mesye rantre nan nou men m ( itilize introspection) Non tanpri .

Nou bezwen yon Lopital modèn mwen pa vle Sant sante ankò , epòk 1980 nou te ka kite l, mwen pa tap gen problèm men nou nan 2019 mesye popilasyon an ogmante mesye ......(Please urgence ) pa gen ase plas pou tout moun . Urgenge nan Komin nan , Crime , Crime ...

Mesye ti mo sa yo ap trakasem mwen jis lage yo paske m konnen gen moun ki gen konsyans toujou yap publiye l pou l sonnen pi fò ( peut être)

Nan ane k ap vini nèg yo ta di yon mo pou nou , Mesye mèsi pou lespri Bon konprann nou. si nou pa fè atansyon nou ka disparèt ( antanke pèp)

Mwen ta renmen nan Chak liy nou kenbe yon sèl bagay nan tèt nou *TERRIER ROUGE*  Bezwen yon lopital modèn ban nou li nou meritel .

Le Mouvement Boomba ou Terrier Rouge en Perspective .

La défaite de pensée vs la reconstruction de la pensée .

Otè  :  Still Boomba libertaire






Commentaires

Enregistrer un commentaire

Articles les plus consultés