*A-Pwopoze yon lòt sistèm.*
*B-Voye tout enkapab ale.*
*C-Jije tout kowonpi e pini yo selon lalwa.*

A-1 Edikasyon

a) Fè evalyasyon teknik pou tout moun kap travay nan domèn sa sitou nan primè ak segondè;
b)Peye epi remèsye tout moun ki pa gen kapasite pou rete nan nouvo sistèm nan;

b-1 fè resiklaj pou tout pwof gradyèlman;

c) Rekrite jèn pwofesyonèl pou konble espas vid yo;

d) Bay lòt moun ki remèsye yo yon nouvo anplwa selon nivo yo;
d-1 si la yo ki renmen domèn nan ki manke fòme kanalize yo pou yo reyentegre sistèm nan;
e) peye pwofesè yo selon merit yo;

e-1 Pèmèt chak pwof jwenn yon kat dasirans sante pou li ak fanmiy li;
e-2 Bay pwofesè ki vle yon machin epi tire kòb la
gradyèlman sou salè li;
f) Elimine tout lekol nan valiz yo;
g) Mete (sètifika /9èm) ofisyèl;
g-1) Mete segondè 3 ak 4 ofisyèl;
h) Mete pou pi piti yon lise
pwosyonèl nan chak komin, obligatwa pou elèv ki nan [segondè 1, Segondè 4] , gradye yo, bay yo sètifika yo merite.
i) Chak ane leta dwe chwazi pou pi piti 3 loreya nan chak komin , nan chak domèn ,epi bay yo bous pou kontinye aprantisaj yo.
j) Leta dwe mete jaden eskolè nan tout komin yo, lè sa yap gwoupe yo pa 10 lekòl epi leta mete yon ansanm de materyel a dispozisyon yo, regwoupe yon pòsyon tè pou yo, ankouraje elvaj zannimo...

k) Mete pou pi piti 2 sant espòtif ak 1 sant fòmasyon preliminè-militè nan chak komin.
k-1) 1 sant fòmasyon sekouris ( obligatwa);
k-2) Ankouraje lig kominal/depatmantal eskolè.
l) Entèdi yon seri mizik woule  nan aktivite paraskolè yo.

m) Fòme yon komisyon dankèt nan chak komin kap gen pou tach:
1- Enfòme de tout pwofesè kap detounen lavi elèv yo nan fè asèlman seksyèl;
2- Enfòme de tout elèv kap fè asèlman seksyèl sou pwofesè;
3- Enfòme de direktè lekol kap vann manje ti moun yo;
4- Enfòme de tout elèv ki al fè lòt bagay lè yo pa gen chans rantre nan klas swa pou reta oubyen lòt kichoy;
5- Enfòme de tout lekol ki pa janm fè lijyèn (yon seri de elèv wap wè sal kon pengn ti dan);

n) Enpoze chak lekol pou sove lavi yon pye bwa an fonksyon de kantite elèv yo chak ane;
o) Enpoze chak lekol pou yo patisipe nan resiklaj matyè plastik nan komin lakay yo; top 3 lekol ki resikle plis yo dwe jwenn yon prim yo...

P) Redefini kourikouloum aprantisaj lang etranjè yo ( Anglè/espanyòl);
p-1 Sispann Anglè ak espanyòl nan egzamen ofisyèl yo, bay fòmasyon sa yo apa epi livre yon sètifika ak moun ki pase nan yon evalyasyon espesyalman pou sa men se an fonksyon de chwa moun nan( swa li chwazi espesyalize l nan anglè ou espanyòl);
P-2 Enplante gradyèlman kek lekol lang pòtigèz ak mandarin nan chak depatman;

q- Mete pou pi piti yon laboratwa syantifik nan chak komin.
q-1 Chimik/fizik/matematik/enfòmatik/lang vivant....
r- Ogmante nan jou fonksyonnman klas òdinè lekol klasik yo de 5 a 6( lendi, madi, mèkredi,Jedi...Vandredi(samdi ou dimanch))epi divize l an 2.
4 jou pou fòmasyon akademik epi 2 jou pou fòmasyon pwofesyonèl plis pratik.

s- Retire gradyèlman tout biwo ledikasyon yo nan kay prive yo tankou:
1- BDS
2-BIZ
...
t- Elimine tout lekol kap fonksyone anba tant yo, lekol nan kay an tè yo...
t-1 si se nan yon zòn rekile leta dwe fè yon bon lekol nan plas lekòl sa epi bay moun ki tap fel la responsab li si l gen kapasite adekwat a sistèm nan.
t-2 si se nan mitan yon vil, an fonksyon de efektif li, leta ap deside swa li voye ti moun yo nan yon lekol leta ki tap fonksyone deja oubyen li pran lekol sa an chaj li bay moun ki te direktè a responsab li an fonksyon de merit li oubyen negosye pou teren an si nesesè...

u- Avan lekol louvri chak ane depi apati de mwa me, leta dwe gen kontwol sou eta batiman tout lekol ke piblik ke non piblik( si yo fisire oubyen pwop).
u-1 Fok tout batiman lekol byen pentire pou nouvel ane a;
u-2  Fok lekol la gen bon ban, tab, chez nòmal...dekwa pou aprantisaj la fèt nan yon atmosfè pi konfotab.

v- Leta dwe pase vizite tout  lekol preskolè yo(jaden danfan) yo pou founi yo kek materyèl psikomotè
v-1 Fè direksyon yo kado jwèt pou ti moun yo elatriye...
w- Leta dwe anplwaye pou pi piti 2 sikològ ak 3  sikopedagòg nan chak komin jis pou ede elev ki an difikilte dadaptasyon yo nan aprantisaj la.
x- Leta dwe mete anpil lajan nan bidjè repiblik la pou sektè levasyon an;
Y- Leta dwe gen je fiskse sou tout Inivèsite yo ke piblik ke prive sitou ak yon seri de jan yap bay fòmasyon yo.
Z- Leta dwe peye anplwaye li nan domèn sa, korek e atan...pou evite yon paket deriv tankou grev anseyan ( se pa serye sa).

Si n aplike sa yo de a rive nan z, nap bati yon lòt sosyete tout bon.

Nap vini pou seksyon B avek C a..

Rann sistèm levasyon lakay ou pi korek se echape peyi a de tout dirijan sanvègoy.

Jenel Orinvil, Edikatè.✍

13/10/19

Commentaires

Articles les plus consultés