Phénoménologie de Boomba Libertaire au peuple Haïtien.

Folie , Raison , Déraison et maladie


Sa ki pi bèl nan démocratie se lanmou Chak grenn moun genyen pou peyi w



 
OTÈ :  Jean Louis Butherly ( Etidyan nan syans moun)
                Kontak :  39989718  / stillboomba282@gmail.com






                                   LANE :  2019 / Haïti / T - Rouge
                           Dedye pou :  Alix William/ Notreda / Francilia/ Maga/ Paulinks/ Pola / Wedson / Terrier Rouge en perspective / Nathy / O. G / Widly/ Gasley/ Joanès / Ederson / Harry/ Hermain/ Wood/ Danou / Love / Gerome/  Miss Jozi/ Ing Karl/ Danex / Makenson/ Chilou/ Kettline/ Valida/ Gardy/ Withline/ Francko / Guerson/ Islande/ Frantz/ Djerry / NaDou G / Ramond / Edner / Frisline / Djessicka / Kenande/ Junior/ Djeffly / Gerald / Djeckson / Patrick / Bensly / Clara / Free B / wendy / Marc Donald / Yves/ Mana/ Adèle / FAdelin / Daniel / Wilfrid/  Wesley / Prof Romel
Widlyn / Zilo / Adm Polo/ Maslow/
















Sa ki pi bèl nan démocratie se lanmou Chak grenn moun genyen pou peyi w , tankou N. Sarkozy te dil nan lane kite 2012 la, e lanmou sa temwanye Chak grenn bulletin lè nou Bay Chak kandida lè gen eleksyon.

Lè nou fè sa nou pwouve anpil lanmou nou gen pou Ayiti nou pwouve anpil santiman pou peyi nou , Chak fwa nou rantre nan yon biwo pou nou al vote.
Nou toujou Konsyan de chwa nou fè yo .
Se avèk tout lanmou sa mwen vle pale nou de vizyon mwen gen pou Ayiti , epi kòman mwen wè avni peyi a, fas a tout défi  sa yo li gen pou l leve a.
Mwen panse ak yon mato peyi a ka chanje e li ka leve tout vye defi sa yo sèlman si nou tout pran Konsyans.

# Mwen vle adresse a nou tout San mwen pa oblije pase akote ni itilize yon kreyòl bawòk ni fransè konplèks , sa vle di nan liv sa pap gen entèmedyè.
Mwen pa konn kilè ap gen eleksyon nan peyi a men mwen vle adressé m ak nou tout alawonbadè.
Mwen vle fè pa ekri paske lè w ekri li rete yon ekri angage, mwen vle fè l konsa paske N ap viv nan yon Sosyete kote telefòn pran plas sèvo , plis telefòn yo entèlijan se plis sosyete a ap finn ale.

Nap viv nan yon moman kote se Facebook , whatssap ak instagram ki alamòd , Jèn yo refize ekri yo refize li tou , se pou sa mwen deside ekri men m lè mwen konnen nou pap li l.
Men m gen espwa gen kèk k ap li liv  sa paske se pa nou tout ki pa bon, menm lè tout zoranj nan kivèt la gate ou mèt kwèm map trouve yonn ki bon , menm si anpil moun pa li nan peyi men map jwenn yon tikal kanmenm.

Mwen vle pale nou de konviksyon ak valè ,sa vle di sa Ayiti aprann mwen Pandan ti tan mwen genyen ladan l la.
Depi sou Prèval (mouri) map swiv kòman peyi Rèd epi li di pase wòch , Sou lòt yo mwen wè se Men m jan an sa vle di bagay yo vinn pi mal.
Men peyi a pa ka rete konsa,
mwen vle di nou nan ki direksyon pou nou mete enèji nou  ; pou peyi a avanse, mwen pa konn si n ap banm yon ti chans pou m èsplike nou avni Ayiti nan tan k ap vini la yo.











Ayiti pral disparèt 

Sa pa sekrè pou pèsòn paske se pa 1er fwa yon peyi pral effondré .
Mwen pran anpil tan poum di sa  e se aprè anpil Refleksyon ,peyi a pral vide nan tou si nou pa mete tèt nou ansanm, di sa se tankou m pran yon gwo angajman politik paske sa pap janm rive fèt men li pa enposib.

Yon kandida ki  pral parèt nan eleksyon gen pou fèt yo dwe pwopoze yon pwojè ki  susceptible pou l Rasanble tout moun , paske pa gen moun ki ini nan peyi a .
Sa ki fèm di sa se paske m wè desizyon nèg yo ap pran nan peyi a pa bon men m pou sitwayen k ap viv ladan l , Ayiti pa bon menm nan moman sa , bagay yo vinn pi mal , se goumen kout chèz chak jou map gade Depite ap goumen ak Depite,  Senatè ap goumen ak Sénatè , map viv nan yon peyi Chen manje Chen , kote moun pa Rèspèkte moun , se sak fèm di peyi a gen anpil défi pou nou leve .
Sa pa sekrè poum di Ayiti te konn Bay anpil lòt peyi manje , Ayiti te gen anpil resous , Ayiti te( imbattable sur le plan économique , politique , culturel et social)

men konnya nou pa reprezante anyen , pa gen pèp ki Rèspèkte nou men m sa nou te konn Bay manje , a la ingrat yo ingrat .
Gen anpil lòt pwisans k ap kokobe nou k ap toufe nou , vole richès nou yo .
Depi ou wè yo vini Ayiti se pou enterè yo .
Depi lontan pèp ayisyen  ap fè yon pakèt vye Chwa politik ,pi gwo leson m tire nan peyi sa , se manti Chak lè anyen pa janm fèt , aveni a Chak grenn Jèn nan peyi sa se ak katouch yo toujou fini , pi gwo rèv Jèn yo konnya se kenbe yon zam pou yo fè krim ,

Ayiti ansyen an disparèt , e pa gen yon Ayiti Nouvo k ap monte se toujou dezòd , Gagòt k ap fèt Chak jou .
Eske se monde lan n' ap kite deside nan plas nou  ?
oubyen eske se nou men m k ap deside nan plas mond lan ?
si de kesyon sa yo pa Reponn nou ka Chwazi rete mèt destin nou .
Mwen kwè nan Ayiti , mwen kwè nan Jèn ki ladan l yo , mwen pa kwè nan Histoire a paske se mensonj , fiksyon sèlman , nou pa janm konnen Istwa a vre .

Ayiti se yon nasyon ki fò , ki ka reklame identitel tout kotel passe , nou gen yon bèl istwa men nou pa konnen , sa pa ka enpeche l  jwe yon wòl primòdyal.
Ayiti toujou rete yon peyi lib et souverain , nou pa esclave fisik ankò , konnya Se nan mental nou mare.

Ayiti pedi valèl li pedi Otorite l li pedi tout mòd de vi li,
men gen plizyè mwayen nou ka retrouvé tout sa nou pedi yo ,nou dwe rekonstwi peyi a , redefini , reyenvante  modèl politik nou yo.(  sans rien ignorer des difficultés de la tâche et de l’ampleur des enjeux.)
Ayiti pa  vle sibi ankò , Ayiti vle fò , fò pou l fè fas a desten  l fò pou l aji pou l pèse  Fò pou l bay jenès  la yon chans , fò  pou nou konbat tout vre nèg k ap fè ( Koripsyon)
Fò pou Chak grenn moun viv alèz , fò pou tout sitwayen mèt tèt yo.
mwen konnen sa ap posib e mwen vle konvenk nou , paske men m lè yo pa kwè nan nou ak kout plim Nap konvenk yo.






Nou dwe gen Sekirite nan peyi a pou Touris vinn Vizite  nou .

Anpil moun te traumatisé , 12 janvye 2010 ki te pase la , nou fè tankou nou bliye , konnya nou an 2019 sa fè 9 lane, nou pa janm pran konsyans , Dim kilè n ap rive pran men nou  ? 

Ayiti toujou ap frape , e nou pap sispann frape ,
Lekòl nou yo frape , timoun yo pa tèlman konn li ankò , Chak jou wap tande moun ap mouri lè se pa jounalis se etidyan , lè se pa etidyan se yon elèv k ap soti lekòl bon  !  kote peyi sa prale .
Anpil moun ap mouri , anpil Fan m ansent ap pedi lavi yo , anpil moun ki malade pou ti lasante  yap mouri.

La haine , l' esclavage sexuel  Koripsyon se sa ki a la tête nan peyi sa, Ayiti pa janm fè moun mal , se yo ki toujou ap fè nou , Ayiti se pitit li k ap maletretel konsa.

Ayiti pa janm timid , li toujou solid ak tout fanmiy li , li toujou padone men m sa k ap trèt li .
Nou dwe fè oubyen nou dwe gen l’unité nationale contre l’intolérance et le fondamentalisme.

Tout sa k ap pase Ayiti la , fè nou poze kesyon sou organisation de la société  , si sa rete konsa ki jan de sosyete n ap gen Pandan 10 lane ankò .
N ap viv nan yon mond ki toleran pou kèk épi entoleran pou lòt , se paske nou se yon gran peyi ki gen yon pakèt timoun k ap viv yo fè sa yo vle ak nou , men m Kominikasyon  nou pa valab pou yo , m poko janm wè yon reportage Yap fè pou yo pale byen de nou.

konnya nou gen yon ti chans paske entènèt lib pou tout moun men m lè nou pa konn jan pou nou itilizel ,  gras a li enfòmasyon yo sikile pi vit , mwen ka di se pi gwo chans yo ban nou .
yonn nan pi gwo problèm démokrasi nou an fè fas a li la konnya ( c' est la  liberté individuel ) yon libète kote tout moun atache yo , liberté de circulation , la liberté d' expression ect.
Nou dwe protéje teritwa nou yo , nou dwe fè Chak moun gen yon minimum pou yo Chak ka viv byen.
Nou pa dwe kite okenn trafik fèt nan peyi a , je veux dire
armes, drogue, êtres humains, contrefaçon, etc.
Ministè lajistis dwe kanpe tout vre bagay sa yo paske sa pa bon men m ,mwen vle klè paske m pa janm tande yon gouvernement ki monte ki di li pral agir conte l' insécurité nan pays a , yo ka dil wi nan  bouche men sa pa janm fèt vre ,,,,  yo pa janm di nou sa pou nou fè pou nou konbat délinquance nan peyi a tout jounen gen tèz k ap soti sou sa bon ( A quoi ça sert )
pa janm gen videyo pwoteksyon pou kontwole represyon k ap fèt sou moun yo , pou kontrole moun k ap fè sèks nan lari yo , yo pa janm di anyen sèlman yap gade jan Sosyete a prale , pou mwen Chak gouvènman ki monte nan peyi a yo toujou  initil , paske pa gen yonn ki ka fè diferans ant délit ak Krim.

Mwen  kesyon  map poze tèt mwen se poukisa aprè 12 Janvye anpil moun pa pran konsyans , sa map di ankò poukisa Chak eleksyon pèp la al vote pouki rezon ??? c' est la raison ou deraison...












Tout nèg yo bare nan koripsyon nan peyi a dwe pandye sou yon plas piblik ,
nou pa vle okenn idéyoloji èn nan sosyete a  sèlman saw fè se li wap wè 

Nou pa dwe asèpte kenn manifestasyon kriminèl ideyolojik nan peyi a ,
nou dwe veye rezo sosyal nou yo , paske se la moun yo vèse tout èn yo , se la yo detwi anpil moun .
Lapolis nasyonal dwe kopere ak popilasyon an , Lapolis pa dwe ap simaye terè anvè  popilasyon an .
Tout prizonye dwe jwenn swen paske yo se moun tou ,
pastè ak  prèt yo dwe ini yo , pa dwe gen okenn ideyoloji èn nan prêche yo , yo dwe preche lanmou , tolerans ak viv ansanm.

gen anpil apoloji  vyolans k ap fèt Chak jou , men sa pa gen anyen pou wè ak liberté d' expression epi kominikasyon nan peyi a.

(La liberté d’Internet est précieuse, mais Internet n’est pas une zone de non-droit dans laquelle on peut impunément déverser des messages de haine, faire  circuler des images pédophiles, piller le droit d’auteur, comme disait Sarkozy et il avait raison.)
Sosyete a gen dwa pou l protejel contre tout atake yap fè l , pa di anyen sou tout sa kap pase konnya se tankou m santi m tap pi gwo konplis ki tap genyen , nou dwe  konstri yon nasyon ki fò dwe gen yon konsiltasyon jeneral sou tout sit entènèt yo , paske l reprezante pou nou yon fot moral.









Si gen delenkens se pa fot sosyete a

Kòmanw ka fè ap reproche Haïti pou wap dil pa bon wap di Si w kite peyi a l ap pi bon , li ka pi bon vre men se sèl lakay ou wap santiw byen ...
Ayiti se peyi ki pi ouvri nan mond lan e se li men m ki pi toléran  nivo tolerans  li fè l pa gen ni yon bon edikasyon ni lasante, Nivo redistribisyon sosyal li ki pi fèb  nan mond la , lontan nou te pami peyi ki te pi pòv yo men konnya se Ayiti ki peyi ki pòv nan mond lan.
pou m byen di nou Repiblik la divize se yon kesyon de nèg anwo ak nèg anba, se paske yo Bay yonn dwa epi lòt la pa genyen , se sak fè wap toujou wè yonn ap toujou monte kont  lòt.
Sosyete a pa ka koupab de délenkans lan men se moun k ap viv nan sosyete ki okazyon l ,yon peyi gen delenkans se lè nivo povreté a ogmante , se lè gen anpil grangou , sa se pozisyonm.

 Ayiti se yon peyi lib , tankou tout lòt peyi, li pa yon (pays de merde) jan yo fènn konprann li an 

sa tap yon gwo privilèj wi , si tout peyi ki nan Amérik la te uni yo , tankou tout moun alèz ap sikile lib ,  li tap yon fierté pou mwen si kilti yo te mélange
yo di nou amerik la pou américain yo men poukisa m nan amerik la m pa ka alèz  mwen pa ka ale ale USA janm vle menm pou mal continue étude mwen se nan tèt chager , a la bèl sa tap bèl si te gen yon l' union antre nou.
poukisa gen peyi ki riche nan Amérique la yo pa vle ede nou  ? , pouki se pran up toujou pran nan men nou men yo pa janm Bay  ? 
Ayiti se yon peyi ki l'ouvri pou tout moun li pa dwe y on peyi paswa .
Peyi a gen identité , rasin li trouve nan divès Kilti yo multiple et multidimensionnelle men pou Relijyon se Vodou a ki primé pou nou.
Lang pèp sa pi alèz ladan l se kreyol listwa peyi sa se gè ki fè l se la haine et la douleur , se 1er nasyon nwa ki te endépendan se pou sa yo rayi nou se sa yap fènn peyi jis Jounen Jodiya.nou sibi anpil , anpil lòt peyi te vole nou " pou jis konnya yap traumatisé nou , gen anpil sa nou te ede konnya se yo k ap fè estil , m en N ap toujou rete yon Nation ki fort nou pap bese bra nou.tout sa ki rayi nou vini pou nou Bay la men vini nou fè la paix , pa gen okenn individu ni collectivité ki ka vivre sans frontière   , et frontière a yon pèp li ka Chwazi ouvril Bay moun li vle men sa pa raison pou w te tiye Konbyen millions épi u Acheté Chak grenn à . 1 $  la map pale de masak de trijulo...
yon Sosyete ki pa gen frontyè se  yon sosyete san respect , tout continent dwe protéger frontières yo sa mwen pa gen problème ak sa .
Ayiti se peyi nou travay plis lekòl men ki pa janm aprann anyen vre , tout sa yap ban nou yo kode tout mesaj yo konplèks , sa vle di nou pa rive konprann anyen vre e yo byen kontan lè yo wè sa.nan moman an la peyi faible e faiblesse peyi se nan dirigeant nou yo , imaj yo voye deyò vle fè kenn moun pa rantre nan politik , si peyi a ap degrenngole se nou men m pouki mete tèt nou ansanm paske mwen kwè nan inyon tout bagay ap possible. peyi a dwe jwenn soutyen lòt pwisans yo , mwen vle yo retire èn yo gen kont nou yo.

 Eske milat yo dwe gen dwa nan peyi plis pase lòt moun yo  ? 

kesyon sa se yon envitasyon pou nou panse se pa yon invitasyon pou nou pa panse , trete dosye milat nan peyi dur anpil paske Sim konprann byen tout sa ki gen Ayiti se yo ki alatèt ,yo  pa menm vle kandida men m paske Chak kandida se yo menm k ap sponsorisé yo lè yo bon , yo fè sa yo vle nan pouvwa sa vle di yo toujou ap kòmande San yo pa chèf .

(La liste est longue des imbrications entre l' histoire des noires et des mulâtres dans ce pays)
Mwen pa bezwen fè yon etalaj piblik paske anpil sit konn ap Bay non yo , pase nan télévizyon , yon pakèt non grecque , Arabe , chinois , sa pa intéresse m men m sa ki banm plis problèm se paske yo kenbe richès peyi a nan men yo .
Ayiti toujou rèspèkte kilti tout pèp ou pa ka privé yon pèp de kilti li , Chak kilti pote konntribisyon nan pa nou an nou pa janm refize etranje , se etranje ki toujou refize nou .
 Nan moman Fòk Chak grenn ayisyen gade tèt yo pou nou di wi nou se yon nasyon forte .
Tankou Braudel te  renmen di l  : 
yon peyi kote moun ap mouri grangou , yon peyi ki gen yon bèl divèsite épi Jèn ap mouri pòv pa yon peyi .
Ayisyen ki lavil yo , ayisyen ki nan pwovens yo , Ayisyen ki lòt bò dlo yo vinn mete men nan pat la pou nou rekonstwi Ayiti nou bezwen an .
Nou pa dwe viv Chen manje Chen men nou dwe viv yonn ak lòt , yonn akote lòt konsa N ap fè yon nasyon ki forte , jou nou accepté unir nou le monde entier ap mete ajenou devan nou.

men m lè nou gen anpil adverse  : 
Nul ne l’a dit mieux que Renan :  «  Ce qui constitue une nation, ce n’est pas de parler la même langue, ou d’appartenir à un groupe ethnographique commun, c’est d’avoir fait ensemble de grandes choses dans le passé et de vouloir en faire encore dans l’avenir  ».

se pou rezon sa tout moun dwe kolabore nan peyi a , granmoun , timoun, jèn , nèg vès , nèg mayo  se nou tout pouki mete men nan pat la .
Pou zafè enpo a tout moun dwe peye enpo ,men lè popilasyon an peye enpo li dwe jwenn sèvis , sil pa jwenn sèvis li pa oblije peye enpo , (c' est très simple .)














 Yon prezidan  Repiblik dwe gen sans de responsabilité

Mwen te panse Prezidan peyi a te ka dirijel paske imaj li te projeté te montre l te gen volonté , men se pa te vre se te langaj politik la ki konsa , mwen pat konprann sa men se aprè yon pakèt analiz mwen finn konprann bagay yo .yon prezidan dwe gen sans de responsabilité , se wou men m ki a la tête yon peyi ou pa ka kite Boujwa ap dirije peyi a nan men w se pa Boujwa yo ki prezidan , mwen wè sa tankou yon wont nasyonal paske depi lè w monte a peyi a pa janm estab men m , kisa nou pral di générasyon  k ap vini yo , mwen sa map di se sou gouvènman sa yo m wè kote dyèl ap fèt , anpil crime fèt mwen pap di anyen ankò , map di epòk sa pèp la te zombie .Map di yo nan gouvernement sa yo , pat gen la santé , pat gen lajistis , moun tap mouri San okenn rezon.
Nan men m epòk sa yo élève pa te Rèspèkte pwofesè e pwofesè yo pat Rèspèkte élèv se te yo véritab  pwazon .Pa gen kenn kote wap wè dwa San devwa men Ayiti se peyi espesyal se la tout bagay pase.















 Depi plizyè lane Ayiti fè face a des crises économique .

Depi lè blan fransè yo finn pran tout lajan sa sou nou an peyi a toujou ap gen krize ekonomik , sou gouvernement Boyer a yo rache nan men nou yon pakèt lajan , nèg yo fè konnen se Libète nou an nou  te achete paske nou te pranl nan move kondisyon .

yon pakèt gouvernement monte , yon pakèt chef d' état médiocre , ki pa men m konprann sa yo rele gravité des crises économique , nou pa janm jwenn yon minis ki ka monte ekonomi nou an , nou te gen yon grenn wi mwen ka sitel se te Antenor Firmin , li te rive montel men nèg yo te manjel .

Sistèm bankè  Ayiti a pa bon e Frédéric Macelin depi nan (la Banque nationale) li te deja di sa , mwen map kontinye , poum di système nan rabougri li pa bon li pa au service de la population an li pito au service des gens riches ( Les aristocrates)

Nan moman an la Ayiti sombré nan yon konfli ki babare , ke nou pa janm konnen depi anpil syèk , se masak, grèv moun ap manje moun , detouneman  fond koripsyon total.
Systèm retrete Ayisyen an pa bon men m Otorite yo dwe panse sou sa , paske gen Twòp moun ki nan pensyon yo pa men m jwenn yon goud , mwen gen yon ancien pwofesèm ki dim sa fè 8 lane li nan pensyon se yon lè konsa yo banl yon ti mwayen , par contre lèl yo te konn peyel depi anlè yo pran tout sa yo vle , me konnya li pa ka jwenn anyen , (injistice , crime , crime)...
Il aurait mieux fallu réduire les pensions ou augmenter les cotisations.  Aujourd’hui, moyennant une augmentation somme toute raisonnable de l’âge de la retraite,Nan peyi sa ou pa konnen a ki laj wap pran retrèt ,  sèkman al travay lè w mouri wa pran retrèt.
Nan moman an la American ap taye banda , moun ki lòtbò yo se sen yo rele yo , tankou se sen jan , sen Pye , sen Thomas …(Elatriye)



 Mwen  vle ban nou ( 2 )de  rezon pou nou kwè nan Ayiti

Premye rezon an Ayiti se yon bèl ti peyi se  dirijan nou yo ki pa bon , tout dirijan nou yo se saf , men peyi pa konn pa bon si peyi a pa bon se moun ki ladan l yo ki pa bon , se Menm jan si Andan kay ou sal se pa kay la ki sal men se tout Andanw ki sal paske se wou men m k ap viv ladan l . Ayiti bèl li gen anpil ressource , se nou men m pouki jwi yo.

Dezyèm  rezon moun k ap viv Ayiti yo gen anpil fòs , nou se yon pèp ki gen anpil talent , nou gen anpil imagination se se yon pèp ki gen esprit d'entreprises , nou fè yon pakèt bèl invention men yo vole yo paske nou nwa , li pa sekwè pou yonn nan nou Edison pa te invente anpoul vre se pou yon nwa li te ye .ou ka konprann byen gen anpil peyi nan mond lan nwa pa gen valè , yo trete nou tankou se bèt , men m Sen domeng nou pataje frontières avèl lè li vle li vide nou atè , pou ale la wap bezwen paspò ak lòt bagay se nòmal tout peyi gen sa , men yo lè pou yo vini , yo pa bezwen anyen yo rantre jan yo vle vaykevay .

sa ki fè ekonomi nou an bese konsa , nou dévalorise tout bon travay yo , olye nou bay yon senatè yon pakèt kòb mye vaut nou redwi nan chanm nan , redwi nan pati politik yo . Retire kèk legliz nan peyi a paske mwen wè se plis divizyon yo mete , Tankou spinoza renmen dil sa fè lontan Bondye pa legliz ankò se nan foret yo rak bwa yo , nan mòn yo se la li ye paske plas li pa la ankò sispann ale legliz.













 Jenès la vle reprann konfyans li 

Tout peyi de développé jenès yo toujou patisipe si nou vle Ayiti développé fòk jeunesse la travay tou , Fòk yo tante chans yo , Fòk yo pran risque , Fòk yo echwe , fõk yo reyisi ...
Jenès la pa vle travay ak moun ankò , yo vle travay ak tèt yo , yo pa vle kouri devan obstacles yo ankò , men yo vle fè fas a yo.
Jenès la bezwen konfyans nou , svp ba l il
Finanse projel yo , bay Jèn yo chans pou wal lekòl , peye lekòl pou yo , peye inivèsite pou yo lè yap travay yap remèt kòb la . Ouvri  yon bank pou jenès la finanse ti entreprises yo olye se bandit k ap jwenn lajan pou yo acheté zam fann fwa, pran Konsyans Bay jenès la yon chans souvle.Nèg yo toujou ap bay jenès la Manti or se yo ki avenir peyi a , si se jenès la vre ki avenir peyi a pouki n ap maltrete yo konsa , pouki yo pa ka viv byen .
nou trayi Konfyans  yo si nou pa ka ede yo chanje mond lan .

Nou dwe gen yon konesans estrèm sou katastwòf natirèl yo

Chak lè gen yon katastwòf ki pase Ayiti tout moun ap rele , kriye se nòmal pou anpil moun mouri bon nou pa prépare , konstwi jan nou vle , anwo mòn , bò sous dlo sa ki pi Rèd la konnya se yon ti kay ki te fèt pou l pran sèl tòl yo konnya yo mete kat lòt sou li , kòman ou vle pou nou pa mouri.
Kòmanw vle rete en santé si w pa men m gen latrin pou w fè bezwenw anpil moun Ayiti se nan lari yo poupou ,
menm  si wou men m ou konfòtab , e anviwònman  ki kontaminé a saw pral fè , mwen pozisyonm pa gen yon moun kap viv nan peyi sa ki gen lasanté ou te mèt saw ye a , Prezidan , Senatè yo yonn pa en sante , si yo en sante sèl si yo pap respiré men m lè avè mas la .

Pèp Ayisyen limite en matière de Science , nou enbesil men m nan sa yo rele lasyans la , mwen pa tèlman kondane étudiant yo paske yo gen labo pou fè recherche yo pa gen anyèn sèlman , resite sa lòt te di déjà , yo pa janm rive konstwi pwòp panse yo , yo pa janm gen yon teyori ki pwòp a yo men m .

men m lè nou se yon pèp ki entèlijan men yo brile sèvo nou , tout crâne ti Ayisyen finn ale , nou pa men m ka réfléchi Pandan 2h , tèlman yo programe nou.
Nèg yo vole atansyon nou , dédikas pou Facebook , Whatsapp , instagrame ki refize kite jenès la réfléchi yon gwo kout chapo pou 2 Rezo ki nan peyi a ki refize kite yon ti plan pou etidyan yo , anpil rèspè pou yo paske yo pa vle ban nou yon ti plan Semèn , yo kontan lè yo ap bay Otorite yo minit pou tout yon mwa " yo santi yap viv lè yap souse malere yo oh  !!! .
Ayiti yon mo majik depiw tande pale de li ou getan konnen se manman libète ,nou se premye pèp nwa ki te libère .Nou toujou onore pdomès  sa e nou toujou ap retire lòt pèp nan esklav, men konnya me nou anchene nan tèt kiyès kap vinn edenn .
Sa mwen ta renmen wè nan peyi a se yon savoir faire ayisyen, yon entèlijans ayisyen..

 Éloge du Vodou

Mond lan se pwodwi Konsyans mwen , mwen toujou fè konfyans a entèlijans mwen , Sim gen tò  Dim gen tò Dim gen rezon Dim genyenl paske se cultivé yo cultive intelligence , si w pa killtivé l  wap sòt , siw killtivé l wap intelligent yo ka men m metew nan kategori dye yo , paske dye yo te  anpil anpil se yon détachement ki te  fèt , Christianisme diw gen yon Seul Dye.
Pale de Dye sa se fè yon Éloge pou Vodou an men m si sa pral parèt contradictoire , men se jis yon invitation .
Jan nèg yo konprann Vodou a li pa konsa vre , yo prezante vodou a tankou se yon bagay sal , poutan se pa vre vodou a pwòp se moun kap itilizel yo ki sal .
jan yo fè nou konprann Vodou a li pa konsa , Vodou a nan San tout Ayisyen depiw tande Tanbou ap frape yon kote , wap wè sanw ap mache , Vodou a pa kreye divizyon , tankou lòt yo pansel la , si tanbou a bat la ou ka vinn danse , men kitem al legliz pou w wè tout moun pral di kilè ti gason sa tè konvèti wap wè plis pase 30 je sou ou sa pral kreye yon frustration lakay ou ou ka pa men m vle retounen ankò men nan Vodou a pa konsa , Tout moun lib , pa gen lakolèt Chak lè pa gen fo pwomès Vodou a , janm te dil déjà se yon invitation .
Yo fè nou mal ak Vodou a pouki sa mwen di sa , paske Chak reportage map gade yo pa janm montre bienfait Vodou a se lòt fas la yo montre , e nou konnen kote bienfait a plis yo kachel .Men m jan yo mete kou Bib lekòl yo nan université yo se pou nou jwenn yon kou Vodou tou  :  Tankou ( Introduction du Vodou) etc
Vodou a se nou Men m ki pa konn valèl , se sak fè anpil lòt nasyon ak rantre Ayiti pou vinn pral nan men nou .
Yap pranl epi se yo men m k ap dil pa bon ala mechant.

Vodou a dwe gen valèl tankou Relijyon nan peyi nou an li dwe gen plis valè pase Relijyon paske se li men m ki pou nou , se la Rasin nou ye .Menm jan timoun yo konn Bib la byen an se pou depi timoun yo piti , pou nou initié yo a Vodou a paske lap bon pou yo .
Konsa yo pa pèl ankò se pou nou fè yo renmen Vodou a , se paske nou gen yon meconnaissance de li kifè n ap aji konsa.Ayiti se yon gran peyi , yon gran Nasyon  ,  Ayisyen yo se yon gran pèp ...
pa janm bliye sa ki ekri nan drapo nou an << L' union fait la force >>

mwen panse Ayisyen yo renmen Ayiti, e Fòk nou renmen l paske se pou nou li ye , mete men ansanm pou nou rebatil , mwen kwè nan nou mwen konnen n ap Edem rebatil , men m lè pa gen vérité vre , vérité pa janm yonn , li miltip  e vérite pa janm divizib.
Nou pa dwe janm kwè nan sa yon moun ap di , pa janm jije yon moun de sa lap di men jijel sou action lap poze yo , se men m jan an tou pou kritike yon moun Fòk ou konnenl e si pou konnenl Fòk ou renmenl.
Lekòl primè yo dwe chanje , yon pwofesè pa ka fè tout matyè yo , li tap pi bon si nou te fè l tankou segondè yo , tankou yon pwofesè ak fè fransè , épi yonn ap fè matematik , si Jodiya a mwen pa ka fè matematik byen se pa mwen ki koupab

se fot sitèm nan , se sitèm nan ki pa bon , se pou leta Ayisyen mete ide sa en place , konprann yon pwofesè nan primè pa ka fè tout matyè yo , ni nan segondè tou , li ka fè fransè byen epi matematik li pa ka fè anyen , sa vinn rann li vèse tout lacune nou sou elèv yo . Bagay sa yo dwe chanje nan sistèm nan , sitèm nan pa dwe gen parcoeurisme ankò , li dwe gen yon pédagogie libre k ap invite tout timoun vinn réfléchi , pwofesè yo pa dwe au centre nan aprantissaj la ankò se elèv yo pouki pran plas la , evèv yo dwe construit propre savoir yo , se pa moun pouki di yo sa pou yo fè.
Tout moun kap aprann dwe lib si w pa lib ou pap ka aprann , yon pwofesè nan yon lekòl la tankou yon gid poul  gide elèv yo.
Yon pwofesè pa gen dwa koze yon elèv , ni yon elèv pa gen dwa courtisé yon pwofesè se yonn Rèspèkte lòt Lekòl yo peyè twò chè nan peyi a Twòp kòb mezanmi , mwen twouve sa lèd pou yon lekòl katolik ap kenbe kane a yon élève paske li pa peye , ni yon lekòl pwotestan tou kote lanmou an ye la .
Bagay sa yo dwe chanje nan peyi a Twòp moun ap volé nan peyi a men m sa yo ou panse ki te bon , yo se yo ki  pi mal ...Leta toujou gen kòb , leta pa janm pa gen kòb si w wè nèg yo pa vle peye Pwofesè , yo men m ki  pa vle fè yon pakèt bagay se volonté ki manke .
Yon ti peyi konsa poukisa li pa ka bèl 27 mil kilomètres ak ti kal li ta dwe yon paradis .
Men Hélas li se yon pak , paske moun ki ladan l yo pa pran swenl ...konnya tout moun ap kite peyi a paske peyi a pa bay anyen , yo fè tout moun vle kite peyi a Men m sa ki fini etid yo se mande yap mande nan lari yo oubyen yon katouch yo ba yo nan tèt.ala tray mesye pou moun kap viv la .

 Fè atansyon ak sa n ap manje yo 

peyi a pa pwodwi anyen Menm sèl sa nou prodwi se Mechanste , tout sa n ap manger soti lakay vwazen an oubyen lòt kote , dèfwa nou pa Menm konn sa n ap manger , sa yo ban nou nou pranl paske nou pa ka fè anyen pouki rezon n ap etidye , n ap etidye pou anyen nan yon mond ki menace de destruction nucléaire , kote pa gen prevansyon pou changement climatique yo pouki sa ou vle nou ale lekòl , Dim pouki mwen map invite tout moun fè yon grèv pou nou kanpe sa paske monde la vire tèt anba , yon ti posyon ap travay pou yon ti Gwoup , e ti Gwoup sa yo se yo ki gen monopòl la . Yo fè sa yo vle tankou se yo Men m ki mèt latè .

Nou gen yon pakèt bagay n ap manger nou dwe kanpe yo nan peyi a , lè nou wè Espérance de vie nou kout konsa se pa anyen se konsekans lan n ap peye , sa n ap manger yo chager pwodwi chimik nan yo , e Twòp pwodwi chimik pa bon pou kò a , se bagay ki natirèl pou nou konsome , nou négligé pwodwi lokal yo Twòp .
Si w wè ou gen 20 lane ou gen Pwoblèm yeux se sa yo ki lakoz.

Si w wè 40 lane ou gen kansè se sa yo ki lakòz
Si w wè 30 lane ou getan ap vyeyi se sa yo ki lakòz
Si w vle soti nan sa se konsome pwodwi Lokal men Kõman sa pral fèt  ? 
Eske nou pwodwi  ?
Eske nou ka pwodwi pou tout bouche sa yo  ?
Mwen kwè n ap ka fè l sinn mete tèt ansanm , se pou nou tout kanpe pou n di non ak tout vye bagay chimik sa yo , paske lavi nou menase , avenir jeunesse la antrave ak tout kalite maladie.Nou tankou se yon pye bannann wap Bay pòpòs , depi nou fini nale , yo gen misyon pou nou se éliminé nou sou tout fò m , nan moman sa fò nou fort anpil.









Contre les organisations banbouche dans ce pays

Tout òganizasyon ki vini nan peyi a se lajan yo vinn fè pou yo ale , paske se mission yo , fè sanblan yap ede nou poutan se yo k ap exploité nou , yo toujou gen plan pou nou , yo toujou gen pwojè développement men yonn pa janm ateri  ;  Sim tonbe site non mwen kwè 3 paj ap ranpli paske yo anpil .
mwen pa vle site non paske non yo tout nan tèt nou deja li sifi seulement pou nou pran rekil epi gade tèt nou.
Òganizasyon yo toujou gen bèl kouvèti nan peyi a se sak fè yo alye ak leta pou kokobe nou , Pou dat yap ban nou èd kote èd sa yo mennen nou , yo di yap peye lekòl pou timoun se pa vre , paske gen anpil timoun Ayiti ki pa ka al lekòl .
Yo di yap ban nou mange poutan anpil moun ap mouri grangou nan peyi a .

Yo di yap Fè sesi yap Fè sela men anyen pa janm fèt vre , chak lè gen deblozay yo pi byen kontan paske yo wè se yo kap divizenn .
Pou mwen men m organisation magouy yo dwe kite peyi , sim te gen poouvwa anpil ta prale deja paske misyon yo fini nan peyi , Tout blan mannan tout blan ki pote maladi yo kite peyi , tout sa kap vyole timoun yo ale kite peyi a kite nou viv en paix .

Mwayen ki senp pou nou Fè mache , Manifèstasyon nan peyi a .

Nou pa bezwen al kraze brize , koupe wout ap brile kawouchou sa pap bon pou sante nou.
Me ki modèl mwen vle nou adapte , Gen anpil revolisyon ki fèt se pa ak vyolans yo te fèt men se yon ensemble èstrateji nèg yo te mete sou pye .

Si nap gade jan Gandhi te fèl la nou ka adapte men m prensip la tou , nou pap Fè dega , nap mete afè nou deyò , nap manje nan lari a , sa yap fòsen manje yo nou pap manje yo.
Nap kite pati sa pou nou pale de moun kap tiye moun parèy yo .
Tiye sou tout fòm , bal , manchèt , pwazon , majik etc
pa bliye lèt sa gen 2 aspè li syantifik paske anpil bagay map di yo la yo verifiable .

epwi li gen yon pwosesis esplikasyon , paske mwen nan yon lojik yo rele lojik( Binet )paskem renmenl anpil .

Pou maji a se imaj sa lè nou fèl ki tiye sosyete a
nou tiye frè nou pou gran mesi , lè nou tiye yon moun li pa bon  men m paske nou pa konn sa moun sa ta pral fè pou sosyete a.
Nou pedi anpil jeni konsa ,  pou dan griyen ou tande yon etidyan mouri paske l tal fè vakans nan peyil , sèw mande kòman l fè mourir ou tande yo manjel paske li tap mete bik nan pòch oubyen li tap fè estil sou peyizan yo .

Lojik la toujou men m , Depi moun nan frustré lap tiyem , kesyonm ta renmen poze eske se wou men m ki kreye fistrasyon an oubyen Sosyete a ? 

Anpil moun mourinan mond lan se paske yo fè lòt moun frustré , e nan sosyeté n ap viv la tout moun frustré , kòman w fè konprann nan yon société tout moun frustré pou pa gen anpil krim , ap Toujou gen krim , depi nèg la frustre se nòmal pou li fè 10 à 15 moun peye frustration l lan .

Se sak rive nan peyi a la .

Tout moun frustré nan peyi a , Président frustré
Sénateur frustré
Dépité frustré
lè w pran tout frustration sa yo ou mélange yo ansanm sa baw yon violence physique , se kout chèz nan paleman an , Sénatè ap tire sou jounalis  …( elatriye)

Gen kèk jounaliste tou k ap rakonte sa yo pa wè , yap bay yon pakèt panse fausse.

Pale de pense fausse , fèm sonje misyon m , mwen se yon moun ki en voyage , yo mèt konparem ak yon Romansye  paske yon Romansye se yon moun ki en voyage sans fin. , jan yo rakonte nou , yo di nou romantisme haïtien an li grandement dépendant du romantisme français , lèm tande sa mwen ri , Poukisa m ri paske m se yon gran riya , yon moun ki renmen ri se yon moun ki résistant tankou Montaigne te dil nan esè pal la.

Gen yon gran filozòf tou ki di nou , se pou w toujou ap ri paske l bon nou

Se byen Democrite , Democrite di si ou vle jwenn bonè ou dwe ri chak jou .
Pandan n ap pale de ri , Montaigne di nou dwe reflechi sou tout sa nou wè  ou dwe.
Democrite li li di nou 1er bagay pou nou kòmanse ri se Bondye , sa se yon envitasyon oubyen nou ka di se yon (Éloge de Athéisme)
Democrite te renmen ri anpil , se sak fè l te di ou dwe kontantew ak saw genyen yo pa fè eksè , nou ka pranl nan lojik sa .

2er sa Democrite di nou dwe ri relijyon yo nou dwe Fè sa ayiti paske yo twòp nan peyi a  , gen anpil moun ki mouri se relijyonn ki tiye yo , siw al li ( le suicide d' Emile Durkheim ) wap konprann tò religion Fè nan monde la .
Lè yo vini Haiti , yo vini avèk yon bato Bib , Bib yo konplèks ak yon fransè kòde ou pa men m ka konprann , epi yo kòmanse separe Bib , yo diw fèmen jew pandan yap plen sak yo lò , mwen map metem nan ide sa map rire religion yo.
Se paske lòm pa ka Fè fas ak kèk bagay ki Fè yo panse a Dieu .

Depi tout bagay byen pou moun yo Bondye pa existe , men depi tout bagay mal moun yo Fè apèl a Bondye , se nan malè yo konnen Bondye blan an .
gen anpil pansè Ayisyen ki te konvenk pa Bondye blan yo nou ka di yon gran poète Ayisyen , mwen gen poum site nonl nan liy k ap vini yo la .

Etzer vilaire ekri anpil , se te yon gran powèt , mwen li misye anpil , mwen ka site kèk , ( poème à mon âme)
(Tendresse ultime) Homo , map kanpe sou Homo a paske se la li pale de Bondye blan yo tout liv la pakouri a sa .

Depi wap pale de liv sa ou dwe fè apèl à la divine comédie de Dante , Poukisa mwen di sa paske yo comparable , Dante pale de pigatwa ....enfè ....ak paradi se nan menm sans sa Vilaire ale.

Gen yon bèl pèsonaj nan liv sa se Béatrice li pral pase tout etap yo , pou mwen tout Otè sa yo tap chèche pwouve (l' existence de dieu)
se menm jan tou St Thomas d' aquin tap chèche prouvé l   , à forcé lap fòse prouvel li jwenn benefis li , e li jwenn gloire li , li pa sekwè pou yonn nan nou , se li yo Bay patron filozòf yo , map li toujou mwen poko wè pouki rezon yo bay li .

Eske se sèl li ki fè yon bèl travay ak filozofi a oubyen se paske se kretyen k ap domine mond lan ki fè sa map li toujou pou jou yo invitem nan fèt filozòf yo poum fè bon figi , fò m ka pote agiman solid .

Pote agiman solide Poukisa , poukisam pral chèche konvenk ou , men m lèm konnen mwen pral mourir .
Pale de Mouri se remonte tan an poum rejwenn Epicure , ki di nou , nou pa dwe pè lanmò , mwen di nou pito nou ri lanmò  .
Poukisa mwen di sa , Epicure di lè w mourir ou pap konnen anyen , Lanmò se yon cessation conscience , ou pap konnen anyen se pou w ri lè w pral mourir.ou pa dwe pè mourir

Lèw tap fèt ou pa te konnen , se men m jan an lè wap mourir ou pa bezwen konnen ou dwe viv Chak jou tankou w ta pral mourir Demen maten , Chak moun kap viv gen yon misyon sou tè sa , Tout Ayisyen dwe konnen sa , depiw vinn règle saw te vinn règler a se bay yon lòt moun plas , paske si moun pat janm mourir mond lan pa tap gen sans , nou dwe mouri pou nou kite plas pou lòt moun . men titan ou gen pou w viv la , men kòman pou w viv li , pa fè mechanstè ,

pa pran sak pa pou ou

pa fè mal fè plis byen
pote contribution nou nan mond lan pou nou ka fè plis moun viv en paix .
Pandan wap viv toujou chèche limite ou men m dépassé limit ou si w kapab , paske monde la pa kòmanse ak Jezi , listwa panse pa kòmanse avèl , te gen yon panse avan Jézi.

Ou pa bezwen kwè nan Bondye pou w gen moral , paske gen moun ki gen moral ki pa kwè nan Bondye , Spinoza di Bondye ka eziste vre men kitel trankil .

Nan peyi d' Haïti nou dwe panse bagay yo San Bondye , paske fwa fonksyone pa krent , nou dwe rantre nan lasyans pou nou simonte krent sa yo , men se domaj en Haïti pa gen lasyans vre . pa gen laboratoire , pa gen anyen men m sa map pwopoze la ka deranjew men ou dwe toujou Honoré pawòl ou , ou dwe fè ki jis , si w ap travay nan yon eentitisyon pa fè foub , pa volè , pa fè fanmiy ou ap volè ( Soyez honnête)

Sa fèm sonje Lucrece ki di Poukisa nou tout  konnen nou pral mourir epi n ap viv toujou .

Nap viv nan yon mond ki pa gen kenn sans , se wou men m pouki Bay sans, nap viv nan yon mond , kote moun yo renmen fab pase réalité , se vre anpil société yo concourir sou fab men se vrè fab tankou yon ti American k ap viv men m sil pa gen yon goud nan men m li panse li ka ede lòt moun se pa pou San rezon nou wè yo tout nan mond lan. yo construire konsa yo transmettre li de génération  en génération, pou yo se yo ki sèl roi nan mond lan fè gè lè yo vle insulte lòt pèp lè yo vle.




Gen 2 fason pou w viv nan monde sa  .

Premye swa ou konnen wap viv ak mit , ak fab ak fiksyon yo
n ap gen pou nou développe nan point anba yo ,
Dezyèm swa wap viv ou pa kwè nan mit yo .
mwen map postile nan 2ème pati a, poum di mwen pa kwè nan mit yo .
Fòk nou demake nou de yo paske tout mit ki Ayiti yo se mit k ap kokobe nou se yon ensemble de mythe ki pa vle kite nou fè yon pa devant yon pa dèyè .
Sa vle fèm pale de yon solitude volontaire , jan sarte te dil lòm pa anyen nan liv li an ki rele ( Existentialiste)
Nan yon lòt pyès teyat ankò li di nou ( l' enfer c' est l' autre)
Janm te dil piwo a , tout sa kap passe nan peyi a se nou ki lakòz , paske nou pa gen yon rapport de vivre ensemble .Intentionm pa vle di Prezidan peyi a pa bon men sil li abbe pierre l'ap di( l' enfer c' est lui même)

Mete tèt ou nan prizon konsa , se tankou w te diw mouri , yon peyi ap mal mache se kitel , demisyone tout moun ki onèt ki Rèspèkte tète yo pap dakò non yo sal ni pou génération k ap vini pa panse yo mal , sèl Sam konnen Histoire se yon ankèt li ye lap pran nòt , nan ane kap vini n ap gen chans disserter de tout sa yo , ki kè nou pral gen pou kouzenw ap pale jan w pat bon ni frèw , si w wè yon kote pa bon pou wou se kite l paske se plas ou ki pala...

Map kite sekans sa la , pou mwen pale de jenès la kijan jenès la prale menm lè mwen pale de sa anlè a , men mwen pa vle pedi fil d' idée a mwen vle tout lektè yo konprann mwen , konprann Sitiyasyon degrenngòch sa yo , jenès la ale paske yo pa marye plezi ak travay sa fèm sonje yon ansyen kondisip mwen ki te di si w vle reyisi nan la vie a Fòk ou marye plezi ak travay .

Men Kòmanw pral fè marye yo ansanble paske alimèt ak gazolin pa mele, si w mete yo ansanb sa ka fè dega .
Bon , se pa sèl dega lap fè men lap kite sikatris .

Marye plezi ak travay sa vle di tout sa wap fè se pou w fè orè se pou w gen metòd planifye tanw paske tout moun ap chèche tiye tan an men se tan an ki tiye nou tout.

Si w gen pou w ekri menaj ou fè l Pandan 30 minit sa mwen ka Relel plezi , épi travay la se transfòme 30 minit plezi yo en travail ou ka trouve sa konplèks men li byen fasil , si se Tèks wap Tèks ak menaj ou sa nou rele ekri pa sms yo se mélanje  tout sa wap di yo en travay.

Nou nan yon moman kote plezi pran plas travail , kote jenès la pa gen modèl , tout modèl yo gen se bagay immonde nèt se joure fi , di depi w gen lajan se brilel sa pa gen yon planifikasyon de vie , pou mwen imaj k ap projeté nan télévision yo pa bon men m si Jèn yo ap chèche yon modèl , ki ta dwe responsable politique yo men pa gen moun ki bon men m men m intelligence yo ale.
entèlijans yo ale paske nou nan yon peyi kote depi ou wè 80 %  de jèn chita yon kote ou pa bezwen doute de kisa yap pale se de Fanm tankou Fan m Tardive nan histoire de l' humanité .

Depi lèm fèt mwen wè fi la , pouki m obligé ap bat tèt mwen poum genyen San mwen poko prépare , sa k ap passe konnya fèm tris paske map gade yon timoun 14 zan ki 2 timoun sa fèm mal anpil , Timoun 14 lane sa te ka itil peyi a men a 14 lane li getan granmoun lakay li getan mati , lè Jèn yo fè sa yo tiye peyi a men se pa yo men m ki lakòz se sistèm nan ki pèmèt yo fè sa .
Tout Bandi sa yo k ap taye banda nan peyi a , se nou men m ki konstwi yo , tout timoun ki pa al lekòl yo sa ki nan lari yo , sa k ap siye machine yo se yo men m ki vinn gwo Bandi nan peyi men se Bandi 2e man yo ye .

Bandi 1er man yo se ak vès yo ye se yo men m k ap Bay Bandi 2er man yo travay sa pa sekrè pou pèson men m se yo men m ki gwo pedagòg Jèn yo , men li pa ta dwe konsa yo ta dwe fè l yon lòt jan Bay Jèn yo kouraj ba yo fòs pou yo tal lekòl pito , men yo pa fè sa , mwen konprann sa se yon forme de domination li ye yap toujou bezwen lòt moun pou yo manipulé , nèg yo konnen sa yo rele l' unité a se sak fè yap domine pèp la konsa , pa bliye tan se lajan Chak minit ou pedi se tankou w te pedi 100 goud , jenès la dwe mete yo au travay . yo pa vle ban nou travay men Unicef pa yon don men se yon ti kal konpasyon , si w wè m pa souri chak jou se paske m vle denonse krim kèk ap fè , mwen k ap fè éloge du (rire)
mwen vinn pa ka ri ,paske n ap viv nan yon mond kote se servitude volontaire k ap domine sa fèm sonje Étienne de la Boitie  ki esplike nou en grand ponp sa servitude la ye nan yon ti liv 53 pages ki rele( De la servitude volontaire )

Si pèp Ayisyen an tounen zonbi konsa se fò 3 bagay sa yo se Religion , l' État , le capitalisme sa fèm sonje Gobineau men m lè misye te raciste li fè kèk réflexion ki te bon tou se men m jan an Rodney fè yon rale important sou De la Zombification map invite nou li ti Tèks sa pou nou jwenn plis info Stillboomba.blogspot.com
Mwen gen ton inquiétude politique lakay mwen e yon pédagogie Rebèl paske , nan yon société kote Lang ou pa gen valè , kote pa gen 40  %  moun ki ka byen ekri yon mo kreyòl byen men m ou dwe Rebèl , réfléchi nan Lang sa bèl Lang sa invitem panse tankou Nietzsche ak max , pou mwen pou w yon vrai penseur ou dwe ka ekri épi pale 1er Lang ou a.

Nou gen tout kritè pou nou yon Lang tankou tout Lang pouki nou obligé ap minimize Lang la .Gen lekòl mwen tande Si w pale kreyòl wap fèw peye 100 goud Poukisa krim sa yo , ou mèt kwèm se kolon yo k ap fè sa , Pandan yap fè anpil timoun bliye Lang kreyòl la Gen moun k ap ekril byen , e ki pap kite anyen pase , mwen tande gen zònn nan peyi a ki pa ka pale kreyòl , mwen considéré sa tankou se yon sorte de racisme collectif moun sa yo ta dwe mourir ou byen fè yo kite peyi a :  Al viv lwen , kite la pou nou.

Mwen pa di moun pa pale plizyè Lang au contraire si nou tout te polyglotte li tap pi bon pou peyi a nou tap jwenn anpil débouché , mwen pa kont sa mwen kont lekòl yo , université yo ki pa men m gen yon kou kreyòl , mwen twouve sa pa bon men m , nou tout dwe panse sou sa , nou dwe fè yon (archéologie de la langue créole)

Pale de sa se tankou m te vle di nou ka fè yon maryaj ak Lang YO Pandan Nap Rèspèkte tout prensip ki gen nan Lang yo, Ayiti koze Lang sa bay Pwoblèm mwen pap ka ap panse  en créole réfléchi en kreyòl pou  map ekri nan lòt Lang pou mwen m santil pa bon map panse e réfléchi nan Lang kreyòl , mwen dwe ekri nan lang kreyòl la .

moun ki te premye panse tèm sa , sa yo rele akeyoloji a se te Michel Faucault , archéologie li te pwopoze a se yon archéologie classique, mwen map pwopoze yon archéologie MODÈN , se pou nou mete tout liv tout roman ki ekri nan Lang kreyòl la pou tout moun jwenn aksè a yo , kòmanse tradwi sa ki ekri en fransè yo paske timoun yo ap etidye nan yon Lang étrange , nou pat pran Lang sa nan bon condition se ak kout bâton , mete nou nan tou vide siro sou nou pou fwomi mode nou yon Lang konsa pouki w vle fèm palel plis wap aprann moun yo Racine nan peyi pòv yo se tankou wap déraciné yo .

Anpil matyè yap aprann nou pat dwe fèt en fransè tankou philosophie ou pa frekan pou ou al usa pou w al aprann moun yo philosophie en anglais , Chimie pa dwe fèt en français paske nou bezwen sa yo anpil , se yon méconnaissance de savoir sa yo ki fè nou sot konsa anpil bèl matyè nèg yo dwe réfléchi sou sa .

Men  domaj pa gen maison d' édition pou w tradwi Tèks yo , pa gen ankourajman nan peyi a tou , liv pa gen valè, se pwogram Rabòday , tisourit ki prime lè w mande moun yo pouki yap fè bagay sa yo , yo diw<< yap fè plis tan mouri ke viv>>

sa vle di yo dwe jwi lavi yo , men Kòmanw dwe viv viw nan yon kondisyon konsa , kote moun pa Rèspèkte moun , pa gen kontak moun ak moun ankò , tout moun bouro , tout moun ap règle afè yo , se nòmal paske yo pa gen kenn loisir , yo obligé ap vann kò yo , vann koko yo paske yo pa kwè nan lekòl , kraze peyi paske yo pa ka panse .

Se pou rezon sa yo pa ban nou yon fakilte philosophie nan provens yo paske philosophie an pa la pou l montre fay ki gen nan listwa a , se idée pou idée se Questionnement pou Questionnement se kesyon pou kesyon .

Nou pa poze kesyon sou constitution nou an pouki yo pa di pou w prezidan peyi fòk ou fè yon etid avanse , fòw konn listwa peyi a lwa yo non mwen pa wè sa nan constitution an sèl sam wè yo mete aksè sou laj , mwen trouve sa lèd anpil , nan constitution an gen fay e anpil fay se sak fè nou gen illettré konsa nan peyi a se pa paske w tal lekòl ki ka fèw pa illettré men ou ka illettré nan yon domèn , gen anpil nèg ki nan pouvoir a la ki se yon ban n illettré nan politik mwen pa konn Si w konprann mwen .

mwen pa ka sosyalizem nan yon kondisyon konsa men nou konnen Aron Raymond di nou (toutr société humaine est socialisé, )
Se menm jan an  tout peyi ki gen Gagòt , sociologie a ap pouse jiskobou .

Mwen pat vle fè lèt la long men se Pandan map ekri fraz yo ap vini nan tèt mwen , Pandan yap vini mwen santim ta di nan tout sitiyasyon sa yo n ap viv la mwen pap di lòm mouri ni Dieu mouri tankou Nietzsche te dil mwen map di lòm ap viv menm si se nou ki pi fèb nan nati a pascal te déjà di sa nan ( les pensées ) mwen pa bezwen fè yon etalaj piblik sou sa , paske tout la ou ka al vérifié l , mwen pa vle discontinuité nan sa map di yo , mwen pa vle koupe yonn nan fraz mwen yo .

Tout sa ki ekri la soti nan trip mwen , paske lòm pa panse ak tèt sèlman kòm panse ak tout kò yo , gen lòt réflexion k ap vini men sa yo sè trip mwen k ap vèse yo , mwen pa wè fiti m tankou yon ekrivan paske m pa gen materyèl pou l avanse , nèg yo nan gwo lekòl , yal li nan limite yo mwen mwen gen aksè li liv pwofesè ap fè kou , se pa lapèn pou mal frekante gwo lekòl.

Gen kèk bagay map tande sa fè m wont pou moun k ap dil la , moun nan diw li gran paske l te pase nan yon gran lekòl oubyen nan yon gran inivèsite , non yon lekòl gran se paske m ladan l kòm élève se paske l genyenw ladan l se menm jan an pou yon inivèsite , si n ap gade byen si w abitye li wap wè yo diw grecque yo ki te envite entité sa yo pat janm gen diplòm jan de Refleksyon sa yo kite yo , paske yon moun ka kreye yon inivèsite men yon inivèsite pap janm ka kreye yon moun , gen kèk Revolisyon nèg yo pap janm asèpte tankou idriss Aberkham renmen dil , tout Revolisyon pase pa 3 etap
mwen pap di 3 etap yo , men konprann byen eske lontan ou te ka di yon Fanm ka al vote konnya saw wè , lontan li te mal , yo te wè l ridicule men konnya li pa sa ankò , se menm jan an tou ekriti sa yo ka rive konprann jis en 2090 lè génération m nan ale sa k ap fèm mal la mwen pap gen tan wè changement an .

Changement an poko ap fè konnya paske ti espri pa ka bare gran esprit , ti esprit ap goumen ak lòm , gran l' esprit ap goumen ak lide Refleksyon , Tankou mwen menm m pa janm gen Pwoblèm ak moun men m toujou gen Pwoblèm ak lide moun yo , nou dwe adopte sa nan peyi a pa gen problèm ak Jovenel gen problèm ak sal di yo , invitel pou l exprimel  , toujou goumen pou w defann idéw pa kite moun jijew , pa gen pyès moun ki gen pouvwa sou moun sou latè , si w kite yon lòt ap dominew se wou menm ki vle .

Si pèp la vle yon prezidan a le li ka voye l ale bon se yo ki te metew kite tout moun kanpe aktivite yo yal retirew nan palè a pou w wè si wap ka rete , yo mèt tire ponpe wap kitel paske yo pap ka tire tout yon popilasyon , Depi wap dirigé ou pa dwe gen zanmi , paske depiw nan pouvwa gen anpil moun ki pa renmenw , paske tout moun assoiffé de pouvwa paske pouvwa dous anpil , sil pat dous yon moun pa tap tiye tout fanmiy li Bay timoun li pou l pran pouvwa .
sa montre nou tout travay n ap travay la se pou yon ti Gwoup woule gwo patwòl ap byen viv épi yon pakèt moun ap mal viv .

Lontan m pat konprann Poukisa moun te renmen pouvoir konsa , mwen vinn konprann li ak yon liv ki rele politique du Rebelle de Michel Onfray yon philosophe français ki esplike nou pouki yon moun renmen pouvwa , si w pap travay épi wap touche ou pap renmen l ou menm , Dim non , nou pap ka changer sa si nou pa solidaire , pa kwè yon kandida sou pawòl li kwè nan aksyon li kòmanse poze yo .Mwen konnenm pa ka Fòt nan sa map di yo men eske yon Fanm ki nan sak pa bon ap di pitit fiy li l'ap fè sak pa bon nan moman li konnen li bezwen tifi a , mwen kwè non li pap janm dil yon manman k ap prostitue pou pitit li , pou l fè edikasyonl pa tap janm renmen se wout sa pitit li fè,
mwen fè l konsa se pou anpil moun konprann li , mwen ekril nan lang sa paske 90  %  moun palel nan peyi a .

Nou nan yon moun tout moun konèkte , tout moun ap pale , yo pa janm rankontre , konnya pawòl yo pa gen sans mwen gen 4 zanmi gen te ki mourir se Amedee Brun ak Félix courtois pou 2 lòt yo n ap diskitel nan liy k ap vini an , pou lèdmi mwen pa bagay konsa , sim tap lèdmi m tap lèdmi Jomo ak tout akolit li yo .





# Kòmanw viv byen , Kòmanw pou w viv #

Anpil moun pa ka viv byen , se paske yap chèche konnen Poukisaw konnen fouye téléphone menaj ou pa bon pou wou ou wè l kanmenm ou fè l , si w vle viv byen se pa al nan sak li , nou nan yon mond tout moun ap kouche ak tout moun pa gen moun ki echappe a sa paske nou se (être de désir) Si w saj chèche yon Fanm k ap konprann ou konsa ou pap soufri , Si w renmen metew en colère chèche yon Fanm sadique k ap fè w soufri Pandan tout viw konsa ou pap viv anpil tan , Konsèy map ban nou se toujou chèche mezi pyew , nan yon peyi kote sa n ap gade se infidélité , tromperie , moun ap volè moun ap Bay moun kout pitit , ou marye ak madanm ou épi gadew gade yon pitit pa pou ou moun ap trompe moun nan yon civilisation konsa kòman w dwe konpòtew, li senp se viv dwat kite tout moun viv jan yo vle .

Si moun yo ap développe L'homosexualité lakay yo kite yo , ou pa bezwen développe haine kont yo pitow ba yo Konsèy , se chercher origine ki fè yo fè l , pa kouri pote kritik konsa , apprann avanw juger.

Nou dwe fè konsta avan nou kòmanse pale , nou dwe vire lang nou plizyè fwa nan Bouche nou avant nou di yon koze , paske saw di nan bouche ou a ka koz plizyè moun ap soufri Demen , kòman w santiw lè 10 , 15 moun ap soufri sou Konsyans ou , ki kèw genyen lè w mete yon pakèt moun ap soufri , Kòmanw santiw lè w mete yon pays en otage  . Lè moun yo fè sa map mande ak kisa yo réfléchi , eske se ak tèt yo oubyen ak Fès yo , Refleksyon an ka egzajere men nou oblije pranl . Paske yon moun kap réfléchi ak tèt li dwe fè sak bon , se sak fè nan sous titres liv la wap wè m pale de Raison .

Kisa Raison ye  ?

Raison  : se yon fakilte ki pèmèt ou konnen , réfléchi épi itilize bon sens , principe sa te élabore nan filozofi Dèkat  la, misye esplike nou kisa Raison an ye lèl te di ( Je penses donc je suis )
Jules Simon, Introduction de: « Œuvres de Descartes », édition Charpentier à Paris, 1845)

Gen yon lòt kote yo di nou rezon an se yon pakèt prensip filozofik ,  e pakèt prensip sa yo englobe konesans ak aksyon refleksyon sa soti nan Èv
André Maurois, Histoire de l'Angleterre, Fayard & Cie, 1937, p.600)

Gen kèk lòt bèl definisyon ankò tankou rezon marye ak l' esprit , li marye ak sagesse , se sak te pouse lòt la di ( La raison est la chose du monde la mieux partage ) mwen pa tèlman Refleksyon sa paske si l te sa mond nou gen Jodiya se pa li menm nou tap gen li tap gen yon lòt vizaj.
Gade tout bagay sa yo fèm reyalize moun k ap viv nan peyi pòv yo pa itilize rezon vre si yo te itilizel peyi yo rete a tap change e plus que yo pa itilizel yo vinn rantre nan sa nou rele Folie  ; 

Sa foli a ye , foli a se yon dérangement ki fèt nan esprit a , tankou yo toujou dil pa gen okenn jeni sou tè a ki pa gen yon ti kal foli ki développe lakay li gen anpil liv mwen li sou sikopatoloji , mwen constaté gen anpil moun kap viv ki malade ,
sitou pou Ayiti anpil moun kap viv ladan l malade se sèl lè w al lopital pou w konn si w malad ou ka ap mache ou malade sou moun .

Molière, Médecin malgré lui, I, 5.) Pou Molière folie tankou se yon pakèt panse ki gaye nan tèt ou sa vle di yo pa nan lòd , sens yo pa mache menm .

Sa fè nou konprann anpil moun ki konn ap pale pawòl yo San sans ,Mwen ka pran egzanp sa sou dirigent peyi mwen yo , Tout pawòl , tout diskou yo San sans .

Pou medsen yo foli se tankou yon dezòd , yon dérangement ki fèt nan sèvo a ou vinn pa ka itilize sa nou rele fakilte entèlekyèl yo , ou pa menm ka itilize rezon ankò rete la . pale de foli se tankou yon rapprochement de deraison .

Kisa Deraison ye  ? 

Se yon jan w panse ki pa pase nan menm chemen ak rezon ni bon sens .
sa vle di depi pap itilize rezon ou nan derezon . gen anpil konsèp n ap etidye nou pa janm konprann yo vre nan lèt sa mwen vini ak yon lòt fason pou nou ka panse jan w te dil déjà se yon invitation pou nou panse lèt sa ye..

Lèm pale de pense sa raplem gen anpil moun kap panse ki malade , enbyen nan sekans sa nou pral pale de maladie .

Kisa  maladie ye   ? 
Nou ka di maladie se lè eta sante yon moun pa bon , oubyen yon dysfonctionnement ki fèt nan mantal moun nan nan evolisyon  medsin fè depi nan antikite jis Jounen Jodiya lòm toujou ap fè fas a maladi genyen lòm rive trete gen kèk lòt tou se aprè anpil tan yo rive jwenn medikaman ki ka diminué yo men yo pa janm ka trete yo , yo anpil yo multiple , si nou pran site pap gen anpil espas pou nou di tout bagay , tankou Sida , Cancer , Tumeur ect se yon ansanm maladi konesans humain yo pa tèlman avanse pou trètman yo , ou byen yo gen trètman yo se moun ki pa gen kòb ki pa ka jwenn yo , oubyen moun ki nan peyi rich ki ka jwenn yo , sa pap deranje pyès moun paske tout moun ka postulé .
Nou ka di maladi pa fèt sèlman pou lòm li fèt pou bèt tou , gen anpil maladi se nou menm ki ba bèt yo li , gen anpil maladi nou pran nan bèt yo se nou menm ki al chèche l paske lè w kouche ak Chen  ou pran yon maladi se pa li menm ki Chwazi ba ou l , yon Chen pa gen dezi pou l kouche ak y on moun nan sans pou l fè sèks avèw se ou menm ki al chechèl.

Nou contaminé bèt yo Twòp , tout vre expérience n ap fè se sou yo , mwen pa vle pase pou yon ethologue non pa sa ditou , men en Haïti pa gen laboratoire pou fè expérience bonne idée , men nou tiye bèt yo San rezon valab, yon moun yo bare k ap tiye menm yon zandolit ta dwe pran prizon , paske tout sa nou wè nan nati a important , se sèl lòm ki gen vre pasyon initil, mwen pa janm wè yon mòpyon vle prezidan Repiblik la , ni yon koulèv vle rektè yon inivèsite sa pap janm fèt e sa pap janm rive fèt , svp sispann tiye bèt yo pou gran mesi , lè w tiye yon manman boustabak ou kite tout fanmiy li ap soufri se pa sèl ou menm ki gen fanmiy , ou poko janm asiste lè yon makak ap kriye , pou yon pitit li ki mouri ni yon Chen , mwen ta renmenw pran Konsyans jou ou ta wè sa ak jew paske li pi tris pase lè yon èt imen ap kriye .

retounen nan paj anlè a pou w wè kote mwen pale de sida a

Tout chapit sa pral konsakre sou maladi sa k ap ravage mond la , Li parèt nan peyi a nan lane kite 1981 Sim pa tronpem se pote yo potel pou nou paske , yo toujou ap ban nou yo li pa yon sekrè pou pèson Duvalier père pat konnen bagay sa .

Poukisa se nan peyi pòv yo bagay sida a plis Fè eko , sa vle di , Haïti , Somalie , Guine , Kinshasa , Libye , Etiopie etc .

Se paske pèp sa yo fò tout sa yo esseye yo wè l pa mache yo fè gè antre yo Chak lè yo divize pèp lè yo vle épi yo lage sa nan kòsaj nou

Nou pa konn si li vrè si li fo sèlman , depi yo diw fè l li demanbre tout kòw , fòw gen yon pakèt lòt sentom pou jis ou mouri .

Avan nou ale pi lwen sa Sida a ye menm kòman w ka pwoteje tèt ou  ?
Sida se yon sendrom ki provoke anpil maladi ki vinn rann defens immunitaire yo fè depi l rantre nan kò a se globil blan yo li manje , se pa sida a ki konn tiye moun yo vraiment se usage yo fè de maladi a , mwen konnen yon granmoun yo te dil ki fè l granmoun nan pa janm mete sa nan tèt li sèlman li continue Bwè medikamanl li viv 90 lane , lè lap esplike expérience li se bagay tèt chaje , selon li menm li te considère maladi a tankou se yon fièvre li te gen Chak lè li Bwè medikaman pou w kanpe l .

Bon ' me kòman pou w pwoteje tèt ou se fè abtinans (...)

si w wap mennen yon vi deboche mete kapòt Chak lè ou pral fè sèks , évite itilize bagay sa yo ak moun razya, jilèt , paske tout bagay sa yo ka transmet viris la , selon sa nèg yo di se pa San ak espèm li pataje . sa se si maladi a existé vre men kèk ti prensip pou w mete en pratique.

Men sil pa existé vre , men sa pou nou fè se élimine tout vieux panse lè yo di nou genyen l , esseyer Retirel nan tète nou

Konsèy ultime nan se toujou pwoteje tèt nou , konnya la jeunesse en chaleur tankou Bicha renmen dil si yo pa fè sèks San kapòt yo pap viv , yo dil pa gen dousè vre , yo di yo pa jwenn anyen pa gen satisfaksyon vre tout sa yo fè Jèn yo pa fè attention ak kèk maladi se pa sèl sida ou ka pran nan fè sèks gen anpil danje toujou , gen sifilis , gen brenoraji , klamidya elatriye , sèl sa map di nou se genbe tèt nou .

Fè sèks pa yon bagay jwèt , li gen enpòtans , konsa tou li gen konsekans tou , nou pa etone lè nou tande gen yon bagay ki rele << La magie sexuelle>> Nou nan yon mond tèt anba nèg yo fè tout kalite bagay pou yo gen kòb , magie sexuelle la se yon pakèt esprit Chak moun genyen nan kò yo , sa vle di Chak moun ou fè sèks avèl esprit yo konekte , si w vle aprann plis monte sou YouTube tapel , pouw konnen nan ki monde wap viv ., selon la théologie positive , mwen pa konn si tèm nan egziste men dil kanmenm se pa pòm nou te mange vre se ògan nou yo nou te découvri , gen anpil filozòf tou ki di ,<< c' est le fruit de l' arbre de la connaissance >>
si sèks se pèche tout moun fè péché Bib la pat dwe di peple latè.

Map kite Refleksyon sa la pou mwen pale de yon lòt bagay ki pi enpòtan , pa bliye map pale de fenomenoloji ak anpil lòt ankò, fenomenoli a se yon apwòch filozofik ki pèmèt yon moun dekri yon fenomèn , konprann yon evènman .

#  mwen santim kontan paske map pataje avèk nou kèk bagay depi lontan mwen vle mete en pratik mwen pat kapab , men ak sa k ap pase nan peyi a sa banm yon ti tan pou mwen réfléchi , map poze problèm yo e map esseye pote kèk solisyon ki ka ede nou wè sa k ap pi byen.
Nan pati sa mwen vle pale nou de kesyon sa nou pral eseye réfléchi ansanm pou nou konpran
Pouki moun ap fè gè konsa
Eske gen yon mwayen pou nou kanpe l pou nou fè lòm panse  a lòt bagay , li pa sekré pou nou nou konnen gen anpil gè ki fèt nan mond lan , e gè sa yo lakòz anpil moun mouri .

Pandan map li Refleksyon ALbert Einstein ak Sigmun Freud se yon korespondans ant de gran pèsonaj sa yo yonn te sikanaliz e lòt la te yon fizisyen mwen kwè anpil moun konnenl ,
Selon Einstein anpil moun  Syantifik ap chèche konprann pouki sa lòm ap fè gè yo avanse anpil ipotèz , malgré tout avanse sa yo lasyans ap fè yo , yo pa janm rive konprann pouki moun ap tiye moun konsa , anpil avanse ak teyori sa pou yo di se pou yo jwenn pwisans , pou yo domine lòt , pou yo gen kontwòl mond lan , men poukisa pou senp sa yo ou oblije vide moun atè konsa  ?

Pou mwen se yon dezi ki manifeste nan yo pou yo monte pwisans yo , janm te dil pi wo a .

Bonbade yon vil ak yon pakèt moun pa fè sans nan jem lè yon nasyon fè sa yo ta dwe , jiye yo devan enstans ki la pou sa oubyen jije moun nan ki nan tèt gè a , paske lè yon gè fèt se pa tout moun ki vlel fèt se yon ti Gwoup ki di wi nap fè l e ti Gwoup sa ta dwe jije devan yon tribunal

kisa yon tribunal ye  ?

yon tribunal se yon entitisyon moun ki la pou montre ki desizyon pou nou pran lè yon moun gen Pwoblèm ak lajistis ,
se li ki la pou di si yon moun gen rezon oubyen li gen tò ,
Tribinal yo la pou yo mete en vigueur tout vèdik ,

Tribinal yo gen force ak dwa depi nan listwa pense moun fòs ak dwa gen yon bèl koneksyon sa vle di yo relye

idéal jistis yon kominote fèt avèk prensip dwa yo , tout sitwayen ta dwe konnen dwa yo , depi wap viv ou pa konnen dwa ou yap pasew anba pye yap toujou fè w fè tenten li enpòtan pou Chak gren moun fè Dwa .
si ap fè gè San rezon , se pou w jije , e men m si w ta gen rezon ou pa gen dwa aji sou ti pèp ki mizirab yo ,

Lè nou fè sa vinn pa genyen sa nou rele sekiririte entènasyonal la

: La voie qui mène à la sécurité internationale impose aux États l’abandon sans condition d’une partie  de leur liberté d’action ) Sa vle di kominote entènasyonal la dwe jere afè sekirite a lòt ti pèp yo.
Gen anpil ki fè tankou yo pa konprann paske yo gen apeti pou pouvwa , se toujou ipokrizi nan chèn entènasyonal la . Fabrike zam fè trafik moun sa yo pap mennen humanité a okenn kote se inyon pou ki genyen pou nou fè mond lan avanse.

Se sèl fason sa nou ka kanpe moun yo fè zak sa yo pou yon soti nan eta psychose yo ye a , se sèl nan tèt ansanm nou ka rive kanpe Haine sa yo k ap pwovoke tout gè yo.
Se pou lòm mete  a la disposition tout konesans li pou yo kanpe sa , mwen ta renmen nou li Sam ekri yo e médite sou yo , paske mond lan Bezwen en paix Twòp bagay fè , si sa yo ap continue konsa jan yo prale la l' humanité ka disparèt .

Anlè a mwen te pale de Droit ak force , nou te konprann byen kòman droit ak force marye, droit ak force se point de départ sekans sa ,

Si nou pèmèt mwen di nou sak force la ,
Men avan sa , gen anpil moun depi yo tande pale de Force yo wè violence e nou tout konnen Force ak violence gen yon kondisyon estrèm sa nou rele antinomi an

sa vle di Force ak violence gen yon pozisyon ki opoze yonn ak lòt ,
se sak fè konprann Poukisa nèg yo ap fè gè a parèt difisil men na eskizem Sim pase akote kesyon an.
sa ki fè plis violence nan mond lan rele konfli interè , depi gen konfli interè ap toujou gen violence . Lè nou konprann byen violence pa manifesté lakay moun sèlman li lakay bèt yo tou , diferans ki gen antre nou menm ak bèt yo , bèt yo pa janm ogmante nan violence yo se nou menm ki toujou ap mete sou pa nou yo.

Nan sa yo nou ajoute yo nou ka site konfli opinyon , sa li pi epapiye paske tout Jounen moun ap pale moun ap Dyalòge depi gen dyalòg ap gen konfli .

Nou ka pale de yon lòt bagay se force miskilè ki tap dirije lontan , men ak evolisyon tan sa sa ale li ranplase pa sa yo rele ( La suprématie intellectuelle)
pa bliye tou gen violence brutal gen violence intellectuel .

Violence brutal la se lè de moun ap goumen yo la pou tiye lòt blese lòt .
Violence intellectuel la se lè wap blessé moun ak sa wap di , yon ensemble de propos wap relance ki pa rete lòt advèsew la byen.

Vyolans  ka brize ak linyon tout moun konnen Maxime sa ( L' union fait la force ) se tèm depi lèm kòmanse a map dil   , si ak linyon nou ka kanpe tout sòt vyolans k ap fèt , konnya li pap Pwoblèm pou nou fè violence ak droit fè yon sèl.

Pou mwen menm violence pa la Pou l tiye men li la pou l  sèvi , pou mwen depi yon moun ap fè violence intellectuel se paske l pa vle tiye advès yo , li plis vle yo pran Konsyans rantre nan deba yo.

Konbyen tan nap tann pou mond lan pasifik  ?  sa mwen pa konnen e mwen pa ka avanse anyen ankò 

nan sekans sa , sèl sa mwen ka di se kanpe gè nan mond lan pa yon utopie  , gen de bagay pou nou mete en pratique se  : 

la conception culturelle  et la crainte justifiée des répercussions d’une conflagration future ( S.Freud échange avec Einstein)
konsa nap rive mete yon fin nan sa , se travay pou nou ogmante kilti nou .

Filozofi Dwa , Kòman nou ka konprann sa paske tout anlè a nap pale de Force ak  violence (...)
pou nou konprann sa yo nou dwe fè apèl a filozofi ki pral pèmèt nou réfléchi sou dwa a .
Pandan map ekri fraz sa mwen monte sou YouTube mwen  tande Jacques Chirac mouri , se te yon ansyen prezidan lafrans , paix à son âme Chirac ...26 Septembre 2019

NAP enchaîné ak sa nou rele filozofi dwa a pou nou fini ak sekans la, San nou pap bliye paralèl nou pral fè ant Religion e droit

Pou mwen kòmanse , mwen ka di Chak juriste  ta dwe yon filozòf , se sak fè anpil nan yo pa ka réfléchi byen yo pap travay sèlman fè Tèks dwa yo pale , mwen konnen sa ki leta a , se sak fèm ka réfléchi sou yo , lwa se byen pou tout moun tankou sekirite sosyal , paix social ect

Pou mwen dwa se pou sak pi pwisan yo , dwa la pou détruit sak pi fèb yo se toujou konsa tout bagay fonksyone depi lè humanité a kòmanse .

Tankoum te ka di dwa se yon Relijyon si nap gade jan jurisprudence yo ap fonksyone , wi dwa existe men Poukisa l la

Lwa dwe teyorik e transcendant , e li dwe gen yon rapport de force sosyal dwe gen yon ekite sosyal , se sa filozofi a fè sou dwa li poze kesyon poul jwenn kèk entèrogasyon. ??

Tout magistrat yo dwe filozòf , pou yo konprann kòman yon ti peyizan pran yon kabrit épi yo metel nan prizon , fè l pase yon pakèt ane nan prizon , men yon prezidan yon peyi pran yon pakèt lajan , dwa di non prizon poko pou wou yo pap diw se volè tankou ti peyizan an men yap diw fè  :  detourment de fond , sa vle di lajan an pou te réglé problèm peyi a ou manjel ou gaspiye l sa vle di non vòlè a pa pou wou .

Se sak fèm te di piwo a dwa se pou kèk moun li ye li pa pou tout moun , paske si yon prezidan ap vole nan kès leta, yon senatè , yon depite ap vole nan yon peyi li pa ka nan prizon li pa ka jije menm jan ak tout moun ki fè zak , pou mwen dwa pa egziste .

li ka egziste men se yon structure ideyolojik tankou Max te dil, gen yon egalite pou chak moun nan dwa men pa gen egalite sa nan lwa.

Gade sa k ap fèt Ayiti konnya eske gen dwa vre  ?

Eskew ka defenn yon masisi ?

mwen kwè théoriciens nan dwa pa di anyen sou sa men , dwa se yon rapò de force ki evolye , kòd nwa ke pa gen moun ki pale de sa

men gen anpil Tèks de droit ki pale sou sa ...tankou yon moun nwa se yon byen mèb , mwen ka vann li tankou objè , se yon Tèks de dwa ki di sa al verifye wap wè l. Gen Tèks de lwa ki diw ou ka mete yon nwa nan esklavaj

Gen anpil Tèks de lwa ki pèmèt yon kandida oubyen yon prezidan yon Repiblik echapel a yon Tèks de lwa , pa étonné se konsa sa fonksyone .

pozisyon m nan dwa se Deleuze , Faucault , Nietsche ,L.J Janvier pou mwen remesye paske se yo menm ki pale kòman dwa fonksyone .

Map kite sa poum pale de diferans ki gen ant dwa ak Relijyon janm te dil pi wo a

pou mwen kòmanse fè diferans la , mwen pral kòmanse pale nou kisa yon Relijyon ye , E kòman li konstitiye .

Relijyon li fonde sou représentation fwa ak kwayens chak moun , jan yo te aprann yo li soti nan laten li sa religare << Relier l'homme a sa divinité >>

Men ki divinité  : 
nou konnen mond lan te gen plizyè divinité sa vle di te gen anpil Dye , se avèk Relijyon kristyanis la nou vinn konnen gen yon sèl , men sa pa tèlman enterese nou nan Relijyon , pale de Relijyon nap wè Foi ; croyance ; piété ; dévotion.
nou konnen sa Relijyon fè nan mond la , li pa sekwè pou ou menm paske tout bagay yo la , yo fè anpil gè e gè sa yo yo rele yo gè sainte , sa vle di tiye moun sou non Bondye , fè krim sou nom Bondye .
Pou jis konnya yo mete anpil moun nan esclavage, e nou konnen gen anpil Tèks de dwa ki pale de l' esclavage e dwa dakò esclave , Relijyon mete anpil moun ladan L pou mwen pa gen diferans ant dwa e Relijyon paske yo chak konstitiye menm jan se travay au profit de yon ti Gwoup . ( Si w vle verifye li twa liv sa yo )
Bossuet, Oraison funèbre d’Henriette d’Angleterre, 1670)
Pierre-Henri Simon, Les Raisins verts, 1950)
Anonyme, Civilisation des Indiens Chérokées, Revue des Deux Mondes, 1829, tome 1

Twa (3) liv k ap pèmèt ou réfléchi pou w konprann kòman dwa ak Relijyon fè yon sèl , kote nap wè e konprann kote pap janm gen diferans antre yo .





  Matelly ak Jovenel nou pral réfléchi sou yo 

Sa fè plizyè lane  map analize kèk diskou politik avan e aprè.

Chak nèg gen yon sèl diskou men ki pa jan m men m jan
Se toujou men m manipulation an, nou bezwen fè yon etalaj piblik sou sa .
Nan sans sa kòman yon pèp ka fè fas ak sa , mwen vle di jan de diskou sa yo e jan de manipulation sa  yo .

Pou mwen kòmanse mwen pral pran yon n nan prezidan ki sòt pase la mwen te apèn ka réfléchi au marteau, mwen preske kenbe tout pawòl li te pwononse yo. Paske se te premye Prezidan ki tap mache a pied ak pèp la ..men li te konn sa li tap fè .

mwen vle pale de Ex président peyi ....Mateli
Lèl rive Terrier Rouge ( Nord est )
Li gade kay yo , Epwi li gade moun yo , mwen pa konn sil te pale ak yon otorite nan zòn nan pou di l kòman poul manipulé moun yo, sa mwen pa konnen l mwen nan yon (processus d' explication)

Ex président an te fè pase popularité l kòm Atis , Imajinew ou andeyò tout Jounen wap gade moun nan nan télé , tande l nan Radyo ou pa jan m wè l se nòmal lèl vini pou w anvi wè l .

Se konsa taktik misye te pase , li vinn aji sou moun yo ak yon lòt gwo Atis entènasyonal rekonèt  li se te Wyclef JEAN.
an nou klè kòman pou w ta santiw pou w tande Yon moun konsa ap vini Nan zòn ou pouw pa  ta Vin n gade l e tande l tou.

Lè yo vini depi nan wout tout moun al tann yo tankou se jan yo explikenn lè Jezi te al jerizalèm tout moun te resevwa l tankou se wa
Se men m jan an tou lè ekip PHTK yo te vini tout moun te resevwa yo tankou se te dieu . Men poukisa se konsa nèg yo tretenn
Nan analizil ki pi ba yo nou pral konprann poukisa se konsa sa ye depi lontan .
Lè Mateli vini sou ti plas la li poko pale non lap jwe mizik li yo ....mwen sonje kèk mo nan mizik la ....(Depi gwo sak diri a vann 100 dola sal bezwen ) li te fè yon etènite sou grenn fraz sa sa .Pou mwen li te vle montre li ta pral bese lavi chè
Se konsa manipilasyon an te kòmanse , li te montre avèl pral gen chanjman , avèl anpil timoun pral lekòl e lekòl ap gratis , Kesyon mwen anvi kite eske tout timoun tal lekòl vre ?

Eske lavi chè te bese vre  ?
mwen ta renmen wou Men m k ap li Tèsk la reponn yo pou mwen , n ap kontinye
Ex président  an jwe sou moun lakay mwen sou yon lise ki pa jan m fèt li te anfas Lise a.
Li poze popilasyon an ki te la a kesyon sa
Kisa sa ye ?  , Tout moun te Reponn yon lise National
se la preske tout timoun komin nan ye ?
Mateli te Reponn Adjee zip ti tililip zip adje sa se crime , li di lòt kamarad li yo sou gouvernement mwen an sa pap ka fèt dezòmè , Depim finn Eli sa vle Dim finn pote seman se 1er Lise mwen Vinn fête ladan l
Tout moun te kontan tande pawòl sa yo , Tout moun te nan lajwa , yon lajwa pèson pa te ka explike , lè misye te Finn pwononse pawòl sa yo Wyclef te tou monte ak Chante sa pou te fè moun yo plis kontan

ele...ele ...elee se te Yon refren kontini  tout moun tap chantel ....Ex président an Men m tap Souke renl paske l wè li getan genyen bagay la

Epwi lòt bagay li te di moun yo...Nou esseye ak anpil moun vès konnya anou pran yon moun ki gen mayo

Mwen poko te konprann sans la se aprè anpil Refleksyon m Vin n konprann li te vle di nou esseye ak anpil moun bon tèt anou esseye yon moun tèt anou ...oubyen li te vle di nou esseye ak anpil moun (de bien ) anou esseye yon vakabon ..Kesyon ta renmen kite ...Eske vakabon an te travay  ?
Eske sa yo li te pwomèt yo yo reyalize  ?
Nap kontinye toujou lèl kite ti plas la tout moun ap swiv li se toujou Men m pawòl yo li tap di ....konsa misye te ale nan yon lòt zòn
Mwen pa konn si te Men m diskou a li te genbe men , lè résultat eleksyon se kotem soti a m panse l te fè plis vwa paske tout moun se te ba yo bèf la tout peyizan , tout jenès la se te misye ...estrateji misye yo te bon anpil li te rive konvank anpil moun andeyò ...se konsa yo trete nou ...se nèg p au prince ki eklere
Tankou se sèl yo ki li Marx , Freud ...Frédéric Marcelin ....Victor Hugo etc

Bon m pa vle egzajere men mwen vle montre nou kòman yo manipulé sa ki anba yo mwen vle di sa ki nan pwovens yo ...Fòk gen yon ( Décolonisation des provinces )
Nou pa ka asèpte  sa yo ankò .
bon Ex président an te akonpli misyon l ...li te poze Yon kesyon kotel te di nan yon mizik
Kilè ou dwat ,,,,, Kilèw kwochi eske se lè w leve yon defi
epwi li Kontinye pou l di Kesyon sa poze prezidan se lè sa yo pral di l Bandi ( Map cherche sans Bandi a )

Eske se Bandi m konnen yo
Oubyen yon lòt Bandi  ?
Sèl sanm konnen li te Reponn kesyonl l l'an li te prezidan peyi a li Riche e li toujou ap mennen bon !!!!
Li fè tout sal te vle fè. pitit soyèt piti malere yo toujou men m jan se toujou nan difficulté pou w manje yon gode diri , poutan yo men m yo riche e yo aristocrate nou ka dil konsa .

Gen kèk zòn ki néglige nan peyi e lè yon présidant resi mete Pyel swa pou kanpay li swa pou lòt afèl li toujou jwenn bèl akèy fwa sa yo pap kapab gen yon kouran ki pase je tout moun klè men m sourit fè doctorat nan mensonj.nan rele i i i i i i

Tèt mwen ouvrir sou aktyèl présidant peyi a ki rele Jovenel Moïse toujou ( PHTK)

Misye te gen yon diskou e li toujou genyenl ...pèson pat ka déchiré egnime sa
Nou gen dlo

Nou gen solèy la

Nou gen tè yo

Moun yo la kòman nou fè pa alèz
Kesyon sa rete pou nou (Matérialisme de l'âme) yon ensemble  kesyon senp men ki pa jan m Reponn vre
yo pwononse yo pou pwononse .
Kisa ki rete  ?
Eske se yon n ki pa vle travay  ?
Sam pa konnenl  men se sèl wou men m ki ka Dim

siw kite pouvoir a fini ou pa Vin n nan Nord Est pou w Vin n fè sa ou te di yo pa gen okenn nèg k ap ka pwoche pèp la ankò , n ap sezi tande sa .

Map kontinye , moun YO te vote mateli paske l te pale yo de konstriksyon .
wou men m ak fòmil ou a ou te di nou wap rann kondisyon nou amélyore.
Mwen konprann sa Hitler di a nan ( Mon Combat )
Siw bezwen konvenk yon peuple cheche konnen sal anvi tande yo.

Bon nou gen rezon mwen konnen nou déjà riche e aristocrate men sak k ap vini pap pran nan sa ankò .
Tout Kabrit pouse kònn , Sou gouvernement sa anyen pa mache men m Gaz monte byen wo ....Lekòl kanpe plizyè fwa ....Seyans pa ka fèt .Tout jounen se deblozay , Goumen sou moun .
Répète Gagòt anyen pa fèt fè lòt nasyon considérer n kòm pèp ki pi sòt bon.

Si nou pa fè anyen Haïti ap effondré se pa 1er fwa sa ap fèt men si bagay yo rete konsa yo pap konsidere nou tankou pèp ankò n ap disparèt ....Janm te dil nan paj anlè yo .

Lèm rantre nan inivèsite , mwen te gen 17 ans , robis , anniyan , sa vle Dim lèm rantre nan mwen te toupiti , fizikman ,  mwen te panse la mwen ta pral développé tout Sam te gen poum développe yo , yo te ka ofrim li men se pat sa vre pa gen ekipman favorab vre , se toujou menm enseignement secondaire a ki kontinye bon kite sa la , pou nou avanse , mwen toujou gen 3 liv nan valiz mwen
1er a se Antechrist de Nietzsche

2er nan se Le manifeste du parti communiste de Marx
epi
3 twazyèm nan se Freud kise( les trois essais sur la théorie de la  sexualité)
Se liv sa yo ki sove vim paske lèm te pipiti , lavim pat fasil tout jounen se stress , al legliz  , epi al lekòl retounen , mwen fè yon ti jwe men se pa tankou tout timoun kite nan laj mwen .


Premye liv la kise Antechrist li aprann mwen Christianisme lan pa yon fatalité , li pa yon fin en soi , te gen yon vi anvanl ap gen yon lòt vi aprel .

dezyèm nan aprann mwen
se pa sèl kapitalis ki genyen , e se pa sèl li nou ka konte , li montre m gen socialisme pou mwen gade monde la yon lòt jan , paske ( le capitalisme c' est un crime contre l' humanité )

twazyèm nan aprann mwen
kise Freud, li  aprann mwen mwen ka wè sexualité a yon lòt jan , mwen pa bezwen détesté kòm , mwen ka konprann li sanm pa bezwen passe pa yon Relijyon , sa vle di nan liv sa mwen wè se yon konba ak moral kretyen yo te projeté yo , selon Freud ou la azade kòw sanw pa bezwen Bondye oubyen  satan..
Entre 15  a 16 mwen getan li twa gwo tonton nèg sa yo sa vle di pa gen kenn danje pou w pa fête paske , mwen soti nan yon fanmiy kote manman m se yon femme ki pap fè anyen épi papam pap fè anyen , yo mete m deyò lise  a nan reto tout sa yo te fèm li nèg yo pi plis toujou , mwen vinn ajoute

Le capital de marx

Par delà le bien et le mal ( Nietsche)
epi 5 leçon de la psychanalyse , sa vle di Chak jou pap pase poum pa pran yon chapit .

3 zanmi sa yo sove vim , pou jis konnya yap manifeste
mwen vinn konprann filozofia se yon art de vivre
olye m koute radio , ak télévision k ap rakonte Gagòt , kote journalis pa menm fòme mwen pito pral telefòn mwen , mwen metel nan pdf yo , epim chèche ( Les théoriciens aux pouvoirs) sa fèm plis byen pase tout lòt bagay yo .

Oubyen mwen li les Antinationaux de L.J Janvier konsa map konprann pase peyi a byen , mwen vinn imajine se yon mekonesans nou gen de listwa nou ki fè nan aji konsa .Mwen pat janm gen vakans , mwen pa janm al nan rèstoran , mwen pa gen anpil zanmi  , lakay mwen pa gen touche , mwen pa gen liv sou format papye sèkman sou pdf , pa gen moun k ap travay lakay mwen , e si yo tap travay yo pa tap fè anyen paske Sistèm nan tap souse yo .

Nan sans sa mwen panse Marx te gen rezon, mwen gen yon tonton k ap travay pou yon patron k ap vann lèt en gros , Chak lè pou peyel rive li pa vle sa vle di li ta renmen tout pou li oubyen li féw travay jis ou pa kapab ankò , épi ti salè sa lap Bay la se kont pou li bwè yon ti dlo , Se lekti li Sam pale de li piwo a kifèm yon << Socialisme>>

E mwen toujou rete sosyalis.
mwen finn ajoute socialisme libertaire de prudhon nan yon ti liv ki rele ...Qu' est ce que la propriété }} men mwen pap janm bliye se Marx ki te fèm gen yon vizyon pi klè de Socialisme la .

se menm jan an tou mwen li Freud menm jan an tou, men gen anpil move liv Freud ekri , nan jenès li tankou nan yon correspondance li mwen li li fè yon dédicace dédicace mélodieuse a Mussolini . li fè yon pakèt bagay toujou , pou mwen se pa freud ki invente psychanalyse la , te gen moun ki te kòmanse avanl, pou mwen menm psychanalyse pa yon syans , Freud transformé Névrosé li te gen yon en Religion .

Psychanalyse pa swanye , li pa geri tou , sa se pozisyonm sou li , nan yon débat kritik map la pou m bay preuve e map avanse ak agiman ki konsekan poum montre nou psychanalyse pa yon science vre jan yo fè nou panse l la   , gen anpil teyori Freud énonce Ki pa démontrable , tankou << la théorie des pulsions>>

Eske gen yon psychanalyste ki ka démontre sa non , mwen pap kwè genyen.

Freud piye filozòf yo , li vole tout év yo , men nou Konsyan pou nou di Freud pa te yon bon Médecin ni yon bon psychologue , nou ka di pito Freud te yon philosophe .

Menm tèm inconscient an li pa invente pa Freud si w li ( ainsi parlait Zaratousta) wap déjà wè concept sa repete plizyè fwa , si w Al li

La volonté de puissance de Schopenaheur wap wè menm bagay la tout , sa psychanalyste yo itilize plis selon Michel Onfray nan liv li a ki rele La fabulation Freudienne li di nou Freud itilize yon bagay yo rele Atansyon flottant , sa vle di kouche sou divan an pou w délibéré w de maladiw yo pa bliye Freud te soufri anpil .
Li te soufri indigestion , li te soufri tèt fè mal e gwo tèt fè mal tèt la tèlman konn ap fè L mal li te toujou ap pran kokayin .

sa sak fè nan interprétation des rêves li esplike tout rêves li fè yo , pat gen okenn moun li te analize vre , se pwòp expérience li tap rakonte , nou ka di psychanalyse la se yon fiksyon literè , nou pap bliye tou se Freud ki ban nou yon vizyon de Troubles psychique yo , e li pote yon solution pou moun sa yo , apre sa ni Konplèks oedipe e konplèks de castration mwen pa kwè nan yo , kòman w pral fè poum kouche ak manman m épi mwen vle tiye papa m gen kèk esplikasyon Fòk Freud ta leve pou m konprann yo.
Poukisa Freud di Fan m se yon continent noire epi li avanse pou l di sa ki manke yon Fan m se yon peni , mwen pa kwè se sa Fan m manke non Freud . Nan sans sa m trouvew très misogyne , ou pat renmen Fan m menm , ou te sexiste anpil menm lè yo kritikew anpil men ou rete yon géant pou psychologie en thème de travay non pas la realisation.

Freud mwen te konn li anvan yo se te yon Freud k ap pale de sexualité , kote li tap esplike nou kòman nou ka dépassé moral chretyen yo , Epwi m te ajoute kèk liv ankò se te

Dans  la  liste  des  livres  à  lire,  notre  professeur  signalait  : La République  de  Platon,  le  Discours  de  la  méthode  de Descartes,  le  Contrat  social  et  le  Discours  sur  l’origine  et les  fondements  de  l’inégalité  parmi  les  hommes  de Rousseau,  les  Fondements  de  la  métaphysique  des  mœurs de  Kant,  et Totem  et  tabou  puis  l’Introduction  à  la psychanalyse  de  Freud.  Plus  près  de  nous,  La  Formation  de l’esprit  scientifique  de  Bachelard.  Première  leçon  de  la classe  de  philosophie  : Freud  est  un  philosophe,  comme Platon,  Descartes  ou Rousseau.

Konsa mwen rive familye ak tout Otè sa yo san mwen pap bliye sa ki lakay mwen yo .

Pouki mwen ka kritike Freud konsa epim pa ka kritike O.Durand , se paske yo pa fè nou li sak lakay nou , yo ban nou yon pakèt étrange , enou gen bagay lakay nou ki ka fè edikasyon an mâché .

Si nou pran gwo tonton liv Antenor Firmin an kise .M.Franklin D.Roosevelt et la Repiblik d' Haïti pou nou ap li kòman Firmin ap explike nou kòman Christophe Colon te fè rive nan ile la .

Mwen pral ban nou yon ti detay mwen pap rive lwe map jis fè yon sentèz , Christophe colon considère tankou se yon génie , se sa anpil Historien di, anpil géographe avanse ak menm propos yo , Erope la te nan mizè pat gen epis _ epis la ki se te lò , konnya navigatè italyen en te vle al explore pou li wè kote li te ka jwenn épis , men li pat fasil pou li paske anpil kote li tal mande èd , yo te konsiderel tankou moun fou , men se rèn espay la ki pral bal kèk vre solda pou li al fè vwayaj la , se konsa vwe

C.Colomb te pran lanmè a li te gen 3 bato anpil moun konnen deja mwen pa vle site ankò , men Pandan vwayaj la direksyon pou yo te ale en inde la se pa li yo fè , men se te bon chans yo , se vre anvan c .Colomb te explore ile la li te getan gen kèk ti il li te pran avant , se en 1492 Misye rive lakay nou , li panse l te rive en inde poutan se pa vre se en Amerique li te ye, se sak fèl te rele nou endyen.

Lèl tounen en Espagne , yo te kouronnen l fè fèt pou li paske l te mete peyi yo a l' honneur , se te yon gran jwa pou espagnol yo .
Konsa en 1493 C.Colomb te Chwazi retounen ankò
se nan vwayaj sa li te dekouvri Jamaïque ak anpil ti zile ki nan Caraïbes la .
Li vinn fè yon twazyèm vwayaj nan lane kite 1498 se la li te découvrir la terre ferme du continent américain , se la tout bagay te kanpe , konnya ki rekonpanse yo pral bal pou tout efo , sa yo li te fè a , granmesi Chen se kout baton , pral gen yon nèg yo rele Boadilla ki te jalou te gloire misye ta pral jwenn li fè konnen C. Colomb tap enrichir l , se konsa Isabelle te voye nan colonie en yon pakèk pè pou yo te vinn jere colonie an men San yon budget vre .
Se konsa yo te prese pou yo te arête C. Colomb

C.Colomb te retounen en Espagne se lè li rive yo te lagel rèn nan pa te dakò jan yo tap tretel moun kite immortalisé rèv li yo , li te pwomèt li lap jwenn rekonpanse , se konsa C.Colomb te al fè yon lòt vwayaj , men li pat reyisi bato li a te fè naufrage bò Jamaïque se konsa li te pase yon lane la , aprè li pral retounen pou li tal jwenn protectrice li kite la Reine Isabelle poutan li te malade anpil li te vye , li te preske mouri , li pate gen ase fòs pou li tal konvenk Ferdinand V pou li te assepte Kontra li te signé ak C.Colomb an , se konsa Misye te rive mouri valladolid 20 octòb 1506 .

San n misye te fè anpil pale anpil peyi tap réclame se lakay yo pou sann misye tap Domi , apre anpil pale yo vinn lage sann nan Cuba nan lane kite 1795 .
Se konsa tout amerik la te metel jalou paske pou yon gran richès konsa epi yo pa janm jwenn anyen avèl se konsa yonn te di<<

dit M. Henry Davenport Northrop. Ce lieu est sous le Dôme du Capitole de la République pour l'existence de laquelle il prépara la voie.
sa vle di ap toujou gen rèl ap toujou gen mare souf pou gran exploratè sa .




















Kolonizasyon amerik la .
kolonizasyon espagnol yo

Anvan C.Colomb te fè dezyèm vwayaj la li te pale ak Pape Alexandre VI li te siyen yon akò Avèl paske tout moun te panse se pape yo k ap dirije latè , yo te menm fè konnen se yo menm ki reprezante Bondye , se te Mission yo sa pataje lafwa kretyen yo .
se te castillon ak Aragon ki te responsable sa , yo te preske finn pataje fwa yo Espagne , se sak fè yo te debòde pou yo vinn bay li nan Amérique la , se te Portugal ki te pi prese  , li te montre l pifò se sak fè l tal colonise Brésil  , al mete yon pakèt moun nan esklavaj
Se te âpre 11 lane , C.colomb te finn fè exploration an.

Espagnol yo te Chwazi vinn fè installation yo nan kontinan Amerikan an.
Nan lane kite 1500 Alonzo de ojeda te kòmanse l Venezuela,men kolonizasyonl lan pat mache li te pran plizyè echèk se te nan lane  1509  li te vle fè sa men li pat reyisi, Chak tantativ li te echwe.

Nan lane kite 1512 la yon lòt yo te rele Léon de ponce li te vle rajeuni l paske l te getan granmoun, li te getan finn vye , li tap chèche yon kote poul repozel se konsa li te découvrir (la grande péninsule américaine) , se konsa li te relel Florida , non sa soti nan yon dimanche ramo .Se konsa non an te vini e se konsa li tou rete la .

Nan lane kite 1513 Vasco Nunez , t al fè yon explorasyon nan peyi  Kolonbi.

Li te vinn chèf yon ti koloni yo rele sainte mari de darièn , konsa li te vinn aprann egzistans kèk aborigène nan oseyan Sid la , te gen anpil lò ak anpil lòt bagay ankò , konsa li rive nan oseyan atlantik la aprè li te finn travèse yon ban n mòn , yon pakèt rivyè elatriye.

Lè yo arête , Colomb Balboa li vinn rankontre ak yon lòt Bodadila ankò nan zile a

Juan de salis Nan lane ki te 1515 , antreprann yon voyage extraordinaire , aprè anpil jou li dékouvri Rio de Janeiro se te 1er janvye 1516 konsa li te kontinye vwayaj la nan Amerik la , aprè 15 jou ankò li vinn dékouvri yon bè yo rele Rio de la plata .

Nan lane kite 1518 Ferdinand pati pou cuba , li dékouvri yon péninsule yo rele Yucatan.

nan menm ane a ,nan lane kite  1518 yon lòt gwo tonton yo te rele  ;
Jean de grivalda te dékouvri mesik se te yon jwa pou misye , li te tèlman renmen vil la li te relel ti Espay
Se konsa li te konstwi yon ti kominote menm jan ak espay , fè kay yo menm jan an tou, fè moun yo abiye menm jan ak panyol yo.
Se la nou te jwenn Magelan kiyès kite Magellan an  :

Magellan , li te gen pou orijin pòtigè li tap rann sèvis Charles Quint , sa vle di se sou lòd misye li te ye  . Charles Quint te vle rantre nan gran oseyan an se konsa , nan lane kite 1519 yo te longe yo nan amerik sid la , se konsa yo te dékouvri détwa ki gen pou diferans ant la terre de feu et la Patagonie , se sak fè yonn pote nonl .

Magellan te travèse pasifik la se konsa li te dékouvri ( ile philippine nan aprè 3 mwa ak 23 jou )

Nan lane kite 1529 la Fernand de cortez rantre Mexique li proklame tèt li tankou l te vis wa, se li menm ki te dékouvri gran vil sa yo rele kalifonya a , se konsa lè wa a vini kise Charles Ouint, li te mande kimoun sa misye te Reponn , se moun ki baw plis pwovens, li te di misye tou li rive fè sa  papa Charles Ouint  pat rive  ba Charles Ouint .

Nan lane kite 1522 pamphile retounen cuba , aprè li te finn pedi batay  li kont cortez , li te vle rete cuba pou tout rès vil se konsa li te dékouvri bè sa yo rele pensacola a se bò ti bè sa li te mouri , paske l te getan finn granmoun.

Nan lane kite 1524 a 1527  François Pizarre ak Diego Amalgro dekoukri sid Panama , yo te dékouvri yon pakèt tankou Pérou ak chili elatriye .
Men pa bliye nèg sa yo se te pè yo te ye sa vle di kominote legliz yo te la depi lontan se pa konnya yap souse gòjet nou.
Pa bliye yo konstwi vil sa yo rele Lima a nan lane kite  1535 se nan menm ane sa nèg yo dékouvri Chili .

Se gran tonton sa yo te rele Pedro de Valdivia kite  kontinye ak konkèt la , se nan lane kite 1541an ,  li te fonde vil sa kise kapital peyi a yo rele Santiago a .
Se konsa nan lane kite 1550 la Fernand de soto te aretel ,
Se te nan lane  1539 Fernand de soto te deside retounen cuba se la li te enstalel  l li te swaf glwa ak lanmou pouvwa se konsa li te rete la jis li pat janm pran nouvèl madanm li konsa li te mouri tout moun te bliyel.

Paraguay te dekouvri nan lane kite 1526 , se te ak  sabatien sabo ki sou lòd Charles Ouint , nan lane kite 1539 yon lòt navigatè te vinn  fè konkèt te ladan l se te Nunez Cabezza ki te yon ansyen Zanmi pamphile lè nan lane kite 1541 an yo te dekouvri ansanm rejyon sa rele la plata a.
Gen yon lòt vil ankò yo rele
Buenos-Ayres li te konstwi pa Pedro de Mendoza,  pa bliye tout amerik sid la te sou dominasyon espagnol yo, se sak fè yo enpoze langue yo la ak tout mès yo . Se pa pousan rezon nou wè pifò peyi  sa yo se espagnol yo pale , pifò koutim moun yo soti nan espagnol yo .
Nap kite pati sa la , paske mwen wè m di ase si gen Sam pa di lektè ak lektris mwen yo ap jijem e yo ka kritikem tout ...











Nou pral pale de Kolonizasyon Fransè yo

Dezyèm peyi ki vinn kolonize Amerik la , li pa lòt se te Fransè yo , li pa sekrè pou nou yonn nou konnen se li menm ki te fè nou plis abi ( La France esclavagiste)

Nan lane kite 1523 François 1er te voye Verrazani al chèche epis en Inde
( épis se lò ak anpil lòt bagay )
men li dwe passe nan Nord Ouest .
Yo te pati nan lane kite 17 janvye 1524 , aprè yon vwayaj ak lapli , gwo loray , tanpèt aprè 50 jou yo rive nan Amerik la .

Se konsa yo te dekouvri yon pakèt lòt ti vil nan Amerik la sitou nan kot amerique la , li te kontinye vwayaj la jis li te rive nan peyi Nouvelle Écosse ki te dekouvri nan lane kite 1497 pa yon navigetè yo te rele cabot . se te nan
Nan non Henri vii angletè poko te okipe . Nan lane kite 1562 Huguenot te jwenn pèmisyon nan men Charles IX pou li te  vinn fè yon fondasyon nan koloni an sa vle di nan Nouvo mond lan.
Premye fò yo te konstwi nan zile a te rele Carolina se te pou Bay onè a Charles XI.

Lè Jean Rimbalt retounen en France pou li al rakontel espoir yo fè nan  peyi a te getan ravaje pa yon gè sivil.

Coligny te profite momen sa pou li lage kèk prizonye , pou li al fè yon vwayaj konsa li te pran 3 vaisseaux , expédition sa te fèt kòmandman Laudonniere yo rive 2 mwa apre nan kot Floride la .
se konsa lè yo te rive vinn gen goumen pou richès yo , vinn gen zigzani konsa grangou te kòmanse ap bat yo , se konsa gen kèk ki te tounen lafrans .
Konsa Philliphe 2 kite Roi Espagne li tande gen yon koloni Fransèz nan Nouvo monde la , konsa li te voye yo al detwil .

Flot merendez la pati nan lane kite 1561 en janvye , espagnole yo rive 28 out pou yo bonbade fransè yo .
2 septanb yo konstwi yon vil yo rele St _ Augustin .Lè espagnol yo vini yo Massacre Fransè yo , yo detwi koloni yo .

Sete nan lane 1567 yon nonm yo te rele Dominique de Gourgues li te vle vanje San frèl yo te koule a , misye te yon moun fòme li gen yon entèlijans ki te wo anpil , se konsa li te vann tout byen Zansèt li yo , li te pran espagnol yo nan yon batay sanzatann , konsa li te masakre anpil nan yo , epi li te fè lòt yo tounen esclave li . Dominique te tounen lafrans pou li al rakonte Roi  a kòman li vanje  ansèt li yo, avan li ale li te pandye tou prizonye espagnol li yo san li pat kite yonn menm .
Se aprè anpil lane Fransè yo te deside retounen nan koloni an sa vle di nan espas
1669 a 1673 lafrans te deside voye lòt misyonè nan zile a fwa sa yo te gen yon misyon se te Ak Bible la pou te fè moun yo obeyi.

Se pè Collier ki pral Bay Colbert plan expédition an pou li al Kolonize Missipissi, plis li vinn gen Otorite se plis li tal ranmase richès nan anpil peyi se sak fè nan lane 1675 li t al Canada , Soti li soti Canada li ale Mexique , e se lè sa li te konstwi yon bèl Vil li te rele vil sa Louisanne se te nan onè Louis XIV .

Se te nan lane 1684 li te propoze Fransè yo plan kolonizasyon l lan se konsa plan an te kourone ak siksè se depi , menm moman an fransè yo ap mâche nan tout mond la al kolonize lòt ti pèp yo .
Konsa Colbert pran direksyon ak tout ekip li , aprè yon pakèt tan , anpil vwayaj en 1684  yo rive nan tèt Missipissi San yo pat menm konnen mizè kòmanse ap bat yo , lè lòt moun yo wè sa yo tiyel paske l te lakòz anpil moun mouri an Voyaj la .

Se nan lane 1699 Lemoine vinn fè yo jwenn Louisaine , se lè sa yo vinn wè nécessité pou yo al kolonize toujou , pa bliye Lemoine te fèt Canada.

En 1714 se Arthur Cozat ki te fè Roi a Chak ane al pran Yon pil esklav al mete yo nan koloni an .
Li te Bay 50 mil liv kise lajan pou yo développe koloni an se nan lane 1718 yo te reyini ansanm yo te fonde ( La compagnie des indes occidentales ) konpayi sa tap dirije pa yon gwo toro yo te rele Law .


















Nap kite pati sa pou nou pale de Kolonizasyon anglè yo 

Nou pral esseye konpran kòman nasyon sa fè riche konsa kòman yo te piye koloni an , kòman yo te pran anpil richès nou .

Nan tout kolonizasyon ki pase yo , mwen vle di kolonizasyon Fransèz , ak espagnol yo pat intéresse pou mwen , se Kolonizasyon sa ki enpotan pou mwen , mwen pral montre nou kòman mwen fè di sa .

Lè C. Colomb dekouvri Nouvo mond lan ak siksè Tout lakou angletè a te fache , paske misye te fè apèl a yo, yo te rivize l.
Se nan lane 1496  , Cabot te pran twa pitit li ye pou li tap chèche Nouvo tè .

Se nan mwa jen 1498 li menm ak pitit gason li an Sebatien rive Labrador .

konsa li te fè yon bèl exploit , men anglè yo pat bay exploit li yo enpòtans .
Se pou sa yo te toujou ap voye lòt navigatè nan vil la .

Chabot te dekouvri Terre neuve , Terre Neuve sa te getan dekouvri pa Fransè yo,

se nan 1498, 1596 sa vle di 78 lane anglè yo te mete yo nan dispozisyon pou yo al kolonize amerik la.
Nan lane 1598 Martin te kontinye ak kolonizasyon an fwa sa li t al chèche lò .
Konsa li te fè plizyè vwayaj initil li pat janm jwenn sal te bezwen an épi fredi tap bat li se konsa li te rive mouri .

Nan lane 1577 Drake te kontinye ak sa epansyon amerik la ,li te fè anpil exploit menm jan ak frèl yo .
Se konsa Gilbert te wè jan Terre Neuve ap explore li te kreye yon koloni kote anpil moun k ap vini ladan l ap peyi men sete au profit  Anglè yo .
Apre yon ti tan Terre Neuve vinn kraze pa yon gwo tanpèt konsa li te pran batol pou li al chèche kote li jwenn yon lòt kote pou l rete se konsa gwo briz van te bare yo konsa , yo te kouri a anpil danje.

##  Vijini ##
# Kolonizasyon amerik la . #
kolonizasyon espagnol yo

Anvan C.Colomb te fè dezyèm vwayaj la li te pale ak Pape Alexandre VI li te siyen yon akò Avèl paske tout moun te panse se pape yo k ap dirije latè , yo te menm fè konnen se yo menm ki reprezante Bondye , se te Mission yo sa pataje lafwa kretyen yo .
se te castillon ak Aragon ki te responsable sa , yo te preske finn pataje fwa yo Espagne , se sak fè yo te debòde pou yo vinn bay li nan Amérique la , se te Portugal ki te pi prese  , li te montre l pifò se sak fè l tal colonise Brésil  , al mete yon pakèt moun nan esklavaj
Se te âpre 11 lane , C.colomb te finn fè exploration an.

Espagnol yo te Chwazi vinn fè installation yo nan kontinan Amerikan an.
Nan lane kite 1500 Alonzo de ojeda te kòmanse l Venezuela,men kolonizasyonl lan pat mache li te pran plizyè echèk se te nan lane  1509  li te vle fè sa men li pat reyisi, Chak tantativ li te echwe.

Nan lane kite 1512 la yon lòt yo te rele Léon de ponce li te vle rajeuni l paske l te getan granmoun, li te getan finn vye , li tap chèche yon kote poul repozel se konsa li te découvrir (la grande péninsule américaine) , se konsa li te relel Florida , non sa soti nan yon dimanche ramo .Se konsa non an te vini e se konsa li tou rete la .

Nan lane kite 1513 Vasco Nunez , t al fè yon explorasyon nan peyi  Kolonbi.

Li te vinn chèf yon ti koloni yo rele sainte mari de darièn , konsa li te vinn aprann egzistans kèk aborigène nan oseyan Sid la , te gen anpil lò ak anpil lòt bagay ankò , konsa li rive nan oseyan atlantik la aprè li te finn travèse yon ban n mòn , yon pakèt rivyè elatriye.

Lè yo arête , Colomb Balboa li vinn rankontre ak yon lòt Bodadila ankò nan zile a

Juan de salis Nan lane ki te 1515 , antreprann yon voyage extraordinaire , aprè anpil jou li dékouvri Rio de Janeiro se te 1er janvye 1516 konsa li te kontinye vwayaj la nan Amerik la , aprè 15 jou ankò li vinn dékouvri yon bè yo rele Rio de la plata .

Nan lane kite 1518 Ferdinand pati pou cuba , li dékouvri yon péninsule yo rele Yucatan.

nan menm ane a ,nan lane kite  1518 yon lòt gwo tonton yo te rele  ;

Jean de grivalda te dékouvri mesik se te yon jwa pou misye , li te tèlman renmen vil la li te relel ti Espay
Se konsa li te konstwi yon ti kominote menm jan ak espay , fè kay yo menm jan an tou, fè moun yo abiye menm jan ak panyol yo.
Se la nou te jwenn Magelan kiyès kite Magellan an  :

Magellan , li te gen pou orijin pòtigè li tap rann sèvis Charles Quint , sa vle di se sou lòd misye li te ye  . Charles Quint te vle rantre nan gran oseyan an se konsa , nan lane kite 1519 yo te longe yo nan amerik sid la , se konsa yo te dékouvri détwa ki gen pou diferans ant la terre de feu et la Patagonie , se sak fè yonn pote nonl .

Magellan te travèse pasifik la se konsa li te dékouvri ( ile philippine nan aprè 3 mwa ak 23 jou )

Nan lane kite 1529 la Fernand de cortez rantre Mexique li proklame tèt li tankou l te vis wa, se li menm ki te dékouvri gran vil sa yo rele kalifonya a , se konsa lè wa a vini kise Charles Ouint, li te mande kimoun sa misye te Reponn , se moun ki baw plis pwovens, li te di misye tou li rive fè sa  papa Charles Ouint  pat rive  ba Charles Ouint .

Nan lane kite 1522 pamphile retounen cuba , aprè li te finn pedi batay  li kont cortez , li te vle rete cuba pou tout rès vil se konsa li te dékouvri bè sa yo rele pensacola a se bò ti bè sa li te mouri , paske l te getan finn granmoun.

Nan lane kite 1524 a 1527  François Pizarre ak Diego Amalgro dekoukri sid Panama , yo te dékouvri yon pakèt tankou Pérou ak chili elatriye .
Men pa bliye nèg sa yo se te pè yo te ye sa vle di kominote legliz yo te la depi lontan se pa konnya yap souse gòjet nou.
Pa bliye yo konstwi vil sa yo rele Lima a nan lane kite  1535 se nan menm ane sa nèg yo dékouvri Chili .

Se gran tonton sa yo te rele Pedro de Valdivia kite  kontinye ak konkèt la , se nan lane kite 1541an ,  li te fonde vil sa kise kapital peyi a yo rele Santiago a .
Se konsa nan lane kite 1550 la Fernand de soto te aretel ,
Se te nan lane  1539 Fernand de soto te deside retounen cuba se la li te enstalel  l li te swaf glwa ak lanmou pouvwa se konsa li te rete la jis li pat janm pran nouvèl madanm li konsa li te mouri tout moun te bliyel.

Paraguay te dekouvri nan lane kite 1526 , se te ak  sabatien sabo ki sou lòd Charles Ouint , nan lane kite 1539 yon lòt navigatè te vinn  fè konkèt te ladan l se te Nunez Cabezza ki te yon ansyen Zanmi pamphile lè nan lane kite 1541 an yo te dekouvri ansanm rejyon sa rele la plata a.
Gen yon lòt vil ankò yo rele
Buenos-Ayres li te konstwi pa Pedro de Mendoza,  pa bliye tout amerik sid la te sou dominasyon espagnol yo, se sak fè yo enpoze langue yo la ak tout mès yo . Se pa pousan rezon nou wè pifò peyi  sa yo se espagnol yo pale , pifò koutim moun yo soti nan espagnol yo .
Nap kite pati sa la , paske mwen wè m di ase si gen Sam pa di lektè ak lektris mwen yo ap jijem e yo ka kritikem tout ...

Nou pral pale de Kolonizasyon Fransè yo 

Dezyèm peyi ki vinn kolonize Amerik la , li pa lòt se te Fransè yo , li pa sekrè pou nou yonn nou konnen se li menm ki te fè nou plis abi ( La France esclavagiste)

Nan lane kite 1523 François 1er te voye Verrazani al chèche epis en Inde
( épis se lò ak anpil lòt bagay )
men li dwe passe nan Nord Ouest .
Yo te pati nan lane kite 17 janvye 1524 , aprè yon vwayaj ak lapli , gwo loray , tanpèt aprè 50 jou yo rive nan Amerik la .

Se konsa yo te dekouvri yon pakèt lòt ti vil nan Amerik la sitou nan kot amerique la , li te kontinye vwayaj la jis li te rive nan peyi Nouvelle Écosse ki te dekouvri nan lane kite 1497 pa yon navigetè yo te rele cabot . se te nan
Nan non Henri vii angletè poko te okipe . Nan lane kite 1562 Huguenot te jwenn pèmisyon nan men Charles IX pou li te  vinn fè yon fondasyon nan koloni an sa vle di nan Nouvo mond lan.
Premye fò yo te konstwi nan zile a te rele Carolina se te pou Bay onè a Charles XI.

Lè Jean Rimbalt retounen en France pou li al rakontel espoir yo fè nan  peyi a te getan ravaje pa yon gè sivil.

Coligny te profite momen sa pou li lage kèk prizonye , pou li al fè yon vwayaj konsa li te pran 3 vaisseaux , expédition sa te fèt kòmandman Laudonniere yo rive 2 mwa apre nan kot Floride la .
se konsa lè yo te rive vinn gen goumen pou richès yo , vinn gen zigzani konsa grangou te kòmanse ap bat yo , se konsa gen kèk ki te tounen lafrans .
Konsa Philliphe 2 kite Roi Espagne li tande gen yon koloni Fransèz nan Nouvo monde la , konsa li te voye yo al detwil .

Flot merendez la pati nan lane kite 1561 en janvye , espagnole yo rive 28 out pou yo bonbade fransè yo .
2 septanb yo konstwi yon vil yo rele St _ Augustin .Lè espagnol yo vini yo Massacre Fransè yo , yo detwi koloni yo .

Sete nan lane 1567 yon nonm yo te rele Dominique de Gourgues li te vle vanje San frèl yo te koule a , misye te yon moun fòme li gen yon entèlijans ki te wo anpil , se konsa li te vann tout byen Zansèt li yo , li te pran espagnol yo nan yon batay sanzatann , konsa li te masakre anpil nan yo , epi li te fè lòt yo tounen esclave li . Dominique te tounen lafrans pou li al rakonte Roi  a kòman li vanje  ansèt li yo, avan li ale li te pandye tou prizonye espagnol li yo san li pat kite yonn menm .
Se aprè anpil lane Fransè yo te deside retounen nan koloni an sa vle di nan espas
1669 a 1673 lafrans te deside voye lòt misyonè nan zile a fwa sa yo te gen yon misyon se te Ak Bible la pou te fè moun yo obeyi.

Se pè Collier ki pral Bay Colbert plan expédition an pou li al Kolonize Missipissi, plis li vinn gen Otorite se plis li tal ranmase richès nan anpil peyi se sak fè nan lane 1675 li t al Canada , Soti li soti Canada li ale Mexique , e se lè sa li te konstwi yon bèl Vil li te rele vil sa Louisanne se te nan onè Louis XIV .

Se te nan lane 1684 li te propoze Fransè yo plan kolonizasyon l lan se konsa plan an te kourone ak siksè se depi , menm moman an fransè yo ap mâche nan tout mond la al kolonize lòt ti pèp yo .
Konsa Colbert pran direksyon ak tout ekip li , aprè yon pakèt tan , anpil vwayaj en 1684  yo rive nan tèt Missipissi San yo pat menm konnen mizè kòmanse ap bat yo , lè lòt moun yo wè sa yo tiyel paske l te lakòz anpil moun mouri an Voyaj la .

Se nan lane 1699 Lemoine vinn fè yo jwenn Louisaine , se lè sa yo vinn wè nécessité pou yo al kolonize toujou , pa bliye Lemoine te fèt Canada.

En 1714 se Arthur Cozat ki te fè Roi a Chak ane al pran Yon pil esklav al mete yo nan koloni an .
Li te Bay 50 mil liv kise lajan pou yo développe koloni an se nan lane 1718 yo te reyini ansanm yo te fonde ( La compagnie des indes occidentales ) konpayi sa tap dirije pa yon gwo toro yo te rele Law .

Nap kite pati sa pou nou pale de Kolonizasyon anglè yo 

Nou pral esseye konpran kòman nasyon sa fè riche konsa kòman yo te piye koloni an , kòman yo te pran anpil richès nou .

Nan tout kolonizasyon ki pase yo , mwen vle di kolonizasyon Fransèz , ak espagnol yo pat intéresse pou mwen , se Kolonizasyon sa ki enpotan pou mwen , mwen pral montre nou kòman mwen fè di sa .

Lè C. Colomb dekouvri Nouvo mond lan ak siksè Tout lakou angletè a te fache , paske misye te fè apèl a yo, yo te rivize l.
Se nan lane 1496  , Cabot te pran twa pitit li ye pou li tap chèche Nouvo tè .

Se nan mwa jen 1498 li menm ak pitit gason li an Sebatien rive Labrador .

konsa li te fè yon bèl exploit , men anglè yo pat bay exploit li yo enpòtans .
Se pou sa yo te toujou ap voye lòt navigatè nan vil la .

Chabot te dekouvri Terre neuve , Terre Neuve sa te getan dekouvri pa Fransè yo,

se nan 1498, 1596 sa vle di 78 lane anglè yo te mete yo nan dispozisyon pou yo al kolonize amerik la.
Nan lane 1598 Martin te kontinye ak kolonizasyon an fwa sa li t al chèche lò .
Konsa li te fè plizyè vwayaj initil li pat janm jwenn sal te bezwen an épi fredi tap bat li se konsa li te rive mouri .

Nan lane 1577 Drake te kontinye ak sa epansyon amerik la ,li te fè anpil exploit menm jan ak frèl yo .
Se konsa Gilbert te wè jan Terre Neuve ap explore li te kreye yon koloni kote anpil moun k ap vini ladan l ap peyi men sete au profit  Anglè yo .
Apre yon ti tan Terre Neuve vinn kraze pa yon gwo tanpèt konsa li te pran batol pou li al chèche kote li jwenn yon lòt kote pou l rete se konsa gwo briz van te bare yo konsa , yo te kouri a anpil danje. Nan liy ki pral vini piba yo Bou pral pale de Vijini.

1 ) Vijini ,
Vijini

Walter se te frè Humphey misye te tèlman popilè nou ka remake nonl nan plizyè Roman .

Li te yon gerye , yon navigatè, yon diplomate , yon lòm de Leta ,
Li te gen yon entèlijans ki te vrèman enpresyone Elisabeth listwa  menm di nou li te renmen avèl , paske jan yo te ye , jan Elizabeth te apresye Walter.
Se sak fè li te voye 2 kouzen misye yo nan kawoline nò a paske tan an te bon pat gen loray pat gen tanpèt , lanmè a te kal pat gen anyen menm Sete yon veritab paradi.

Elizabeth te aprè te anpil dekouvèt sa Barlow ak Armidas te fè a li te tèlman renmenl li te fè walter Batize vil la ..Vijini

Se konsa nan lane 1585 plis pase 90 moun vinn abite nan koloni an e se konsa anpil vil vinn pran nésans se konsa anpil moun ap fèt vil yo ap ogmante se konsa moun yo te rive mande endepandans yo .
Nan lane kite 1671 William B te di.gran pawòl Selèb sa e mwen trouvel enpòtan poum retranskril .
« Chacun instruit ses enfants, suivant ses moyens ... Je remercie Dieu que nous n'ayons ni écoles publiques ni presse, et j'espère qu'il en sera ainsi, encore un siècle ; car l'instruction a porté au monde la désobéissance, l'hérésie et l'esprit sectaire ; et la presse les a répandus avec des libelles contre le meilleur gouvernement. Que Dieu nous garde de l'une et de l'autre !  » Mwen metel nan Lang fransè se paske m trouvel enpòtan paske mwen pap ka tradwi l Mo pa mo , mwen jwenn li nan liv sa ki rele .  H. D. Northrop : Our Country, Chap. VIII, p. 99.


Nou dwe di tou Vijini se yon koloni Aristokratik men li pa yon koloni libète.
Mwen metel nan Lang fransè se paske m trouvel enpotan paske mwen pap ka tradwi l Mo pa mo , mwen jwenn li nan liv sa ki rele .

Nou pap pale anpil de endepandans etazini men  nap fè yon ti pale sou li ,nou pral réfléchi sou sikonstans amerik nò a te pran endepandans li.

Nou ka touvel Ose men Grenn di nou pat gen anpil moun ki te konnen egzistans anpil vil nan Amerik la , se lè yon ti Gwoup te revolte , yo te vinn ap aprann kòman amerik nò a te chaje ak vil.
Nan lane kite 1754 James Otis kise yon anglè , li te revize siyen lwa sa kite di tout moun dwe peye taks nan koloni an .
Yo vinn konvenk James yo fè l asepte tout bagay , yo te fè l konprann se te pou progressé koloni an épi pwoteje lòt moun yo ,  fè lone Majesté a .

Se konsa 13 koloni te leve kont lwa sa , Yo te di yo ka pwoteje tèt yo , mwen te ka di tou Liberté vini avan sécurité , se lè w finn gen libète ou ka mande sécurité , se menm jan an yon sivilazasyon k ap pwodwi anpil konesans ki pap pwodwi sajes mwen ka di sivilizasyon pral mouri .
Anpil gran pansè di sa , Fòk nou gen menm nivo sajès , menm nivo konesans.
Pou mwen menm Sajès pi fò pase lasyans.
Yo te deklare si yap ba yo dwa se pou yo ba yo yon dwa public , se pa sou dominasyon yo vle ye se depi lè sa yo kòmanse vle pran endepandans yo.
13 koloni sa yo pral sispann manifeste , se lè sekretè général anglè a ki te rele Adams te Bay lòd pou yo fè lapè

13 koloni yo vinn reprann ankò , 13 koloni yo vinn opoze a Rowòm grand Bretay nan lane kite 1775 a 1783.

Kolon Amerikan yo  ki te revòlte yo te rele/ Patriot/ ,
se Revolisyon sa kite menm en yo pran endepandans .
Pa bliye Revolisyon sa se nwa yo ki te fè l pa bliye HENRY CHRISTOPHE yon ayisyen kite patisipe nan gè a tou , yo te pran endepandans yo

le 4 juillet 1776.
Aprè nou finn wè kòman Amerikan yo te pran endepandans yo mwen pral pale nou de yon bagay yo rele Filozofi Bawòk
Philozofi Bawòk la se yon pakèt filozòf ki pat enterese sa k ap pase nan Syèl la sa vle di panse sou Bondye .
Se te yon ansanb filozòf ki te enterese sou moun , yo te plis mete aksan sou sa yo rele Tetraphamarkos Epikiryen .
Yo repwoche la Mettrie anpil lè l'AP pale de sa yo rele Remò a , selon li menm ni moun ni bèt genyen l .

La Mettrie ap analize sak remò a .Menm remò a nan ka metel nan sens sa Culpabilité men nan epòk sa mo a poko te egziste , Mo Culpabilité a nan lane kite 1783 ,Li ban nou yon definisyon de Remò , li di nou se yon repwòch intérieur , li di nou eske remò natirèl oubyen kiltirel , li Reponn sa nan l' homme machine , la li dil natirèl men nan Antiseneque li di nou li culturel paske l dil se yon konstriksyon , li di se éducation ki kontwibye a sa , se ak Freud nou pral gen yon vizyon klè de La Mettrie.

Pa bliye La Mettrie te Athée, li fè Éloge a   plezi souven, e l' art de jouir , sou terrain philosophique li te yon boureau sa vle di li te gen yon talan pèson pat genyen li te medsen epi te filozòf tou , li te fò anpil  , paske l tap panse anpil , menm lè li mouri bonè li pat gen anpil tan pou li te redite èv li yo .
La Mettrie pat janm di Bondye pa egziste , se pozisyonl ki fè nou wè l te Athée , li te di si Bondye egziste li egziste sa pa gadel . Pa bliye li te renmen tèt li anpil , pou li tout bagay se matyè , selon li menm tout sa ki egziste gen yon kòz , li di si pou di Bondye egziste li pa ka fè konklizyon , se sak fèm kadi La Mettrie pa te yon  Athée .

Pandan tout lavi a La Mettrie te soufri anpil , se tankou Decartes lè l te pedi pitit fi li a, li di kisa filozofi a itil ,
se menm jan an tou la Mettrie  te dil paske l tap soufri.

Gen 2 moman nan filozofi a , filozofi Platonisyen an Filozofi Epikiryen
Men se filozofi Platon an nou plis li e nan lekòl yo nan inivèsite yo , tout Èv Platon yo fè 2000 paj , men Èv Epikiryen yo pa anpil( Democrite , Seneque ) .
Ou pa janm jwenn yon liv pou yo , se la mwen di nou gen yon kontradiction, Fòk nou esseye esplike sa kòman fè de individu nan menm epòk vinn gen yonn ou trouve Konbyen liv épi gen yonn ou pa trouve anpil , répons la se paske nan antikite se Platon ak Socrate ki tap mennen , se yo menm kite gen pouvwa ak filozofi  a se sak fè li te Bay lòd pou brile liv Epicure yo.

Mwen vle pale nou de yon epòk ki disparèt e kòman yonn konstwi , yon epòk kote de 2  ide ap voye monte tankou Pythagore et Platon .

Kisa filozofi a te reprante nan epòk sa  , nan epòk sa jan nou te dil la se Platon ki tap fè lalwa .
nou te gen yon filozofi se legliz ak père de l'église sa nou rele patristique la tap mennen nan époque sa te gen yon Haine de la liberte, épi yon Haine de lintelligence.
Nan epòk sa tout Jouissance se doulè .

Nan 1611 Nouvo filozòf yo mande Fòk sa kanpe menm si sa anpil nan filozòf antik yo te vle demake ak sa anpil nan yo pat dakò ak sa se sak fè anpil nan yo te pèsekite .menm arive brile liv yo.

Si nou nan déba  ide sa mwen ka di Montesquieu pat yon Sociologue , mwen ka di li ka konsiderel tankou  prekisè Sosyoloji a, Montesquieu te fè anpil  lèkti sou  fè sosyo yo , li te posib nan epòk sa 17 siècle ni nan epòk sa 18 e sciecle ni nan sila tou mwen vle di 19 e siècle .

Nou ka di tou Montesquieu te yon filozòf .
Sa ki karaktérise 19 siècle la se réflexion moun yo te genyen sou fè sosyo yo .
Se nan menm sans sa nou touve anpil teyori , e nan teyori sa yo  Montesquieu pale .
Mwen trouve nan Montesquieu  yon Sociologue Antwopolojik men pa yon Sosyolog antye si nou al li tout liv li yo ki pa tèlman difisil nan moman sa wap wè epi konprann sa map di a .

Mwen di Antwopolojik paske l gen pou ide kisa moun ye  ?
kote moun soti  ?
Kote moun prale  ?
Dimension Antropologique gen plizyè sans men Anthropologie Levis Trauss la te baze sou moun tou  ?

Pou mwen egzistans moun ta dwe réfère a kondition moun  ap viv  , se sak fè anpil gè difisil pou éliminé paske pa gen yon Société , yon sociologie ki final , paske si wap gade byen ou pap janm ka konprann destine yon moun , mwen di sa paske Chak socialisation yon moun délocalisé yon lòt .
Nou ka di si Bondye Mouri , lòm pral mouri , sa se panse Foulcaut , paske lòm vle revandike dwa yo tankou sujet , se menm jan nan pédagogie an triangle la Aprenan yo se sijè , Savoir a se objè , e pwofesè yo agent.
Sa vle di Chak gen yon episteme typique , nou ka di Chak epòk panse nan epòk yo , ou pa ka ap panse de epòk en menm tan .
Sa vle di gen gen yon discontinuité nan Chak epòk yo .
gen sa nou rele periodisation .
sa vle di ou ka panse de yon  epòk men fòk ou panse byen   nan fason  pou réyini yo pou yo baw jodiya .
Mwen ka di Jodiya a se li menm ki baw fòs pou w konprann aveniw   .
Map tounen sou Haine de la liberté a paske  li enpòtan anpil pou mwen , Nan epòk Paul te gen Haine des femmes tou , Paul tap flate Roman yo tou , paske se sak tap mennen ou dwe obeyi tout Wa yo ,Tout Majistwa yo paske epòk sa si w pa respèkte tout moun. sitou sa ki piwo pasew.
Wap dilapidew paske ou pa gen dwa dezobeyi yo , se gwo Pwoblèm yo te gen ak Jezi paske yo te tande l Wa San yo pat metel wa .


Pou mwen fini map di nou tout Refleksyon sa yo soti andan trip mwen , tankou mwen te dil piwo a se pa tèt sèlman k ap panse ni tèt ni trip ap panse tou.
Tout sa k ap pase nan peyi mwen dekri yo yonn pa yonn , mwen baw yon vizyon Klè sou peyi a e mwen Bay kèk préposition , kòman nou ka viv nan moman difisil yo .
Tout moun kap li dwe konnen tout sa yo wè yo se pansem ak kèk lòt panse mwen jwenn se sak fè tout sa ki pa pou mwen mwen mete sous , lè yo panse nou pap panse se lè sa nap panse , lè yo wè nou fèb se lè sa nou fò .

Byen ak mal egziste depi lè imanite existé se sak fè mwen konnsakré plizyè panse sou sa .
Pou tout kretyen ak kretyèn yo yap jwenn pozisyonm Sou kesyon Sa , mwen vle tout moun fè yon analiz kritik sou ti liv sa , mwen di ti paske lane k ap vini mwen pral konsakre yon lòt volim k ap plis pase 200 paj , Liv sa pral pale de Listwa d' Haïti a , se yon contre Istwa li pral ye , mwen pral kritike Madiou , Beaubrun Ardouin , Celighy .Epi map pran anpil istoryen nan epòk sa poum kritike , paske yo kite vid , janm te dil piwo nan kèk paj listwa se yon ankèt li ye se Pandan map fè ankèt la mwen jwenn fay yo , e fay sa yo anpil .
ide yo ap valkanse mwen jis mete yo , mwen kwè nap li liv sa  epi pote kritik nou mwen konte sou nou sa se yon travay ki fèt Pandan 7 jou ...

Still Boomba libertaire
stillboomba.blogspot.com

stillboomba282@gmail.com
     Butherly Jean Louis Ekriven / Pawolye / Etidyan libètè.

Commentaires

Articles les plus consultés