*Ayiti nou pa konnen an* Depi m tou piti jouk jounen jodi a, m toujou tande yo di Ayiti se yon peyi ki difisil anpil. Se kote moun ap bat dlo pou bè, moun ap boukannen glas. Se peyi nèg politik ap taye banda, leta ap gaspiye kòb pèp la, pastè k ap vole lajan fidèl, peyi gòg magòg. Se yon peyi kote gen moun k ap byen mennen pandan lòt ap malmennen. Nèg anwo pa vle wè nèg anba, nèg anba rayi nèg anwo. Se chak koukouy klere pou je w. Nèg lavil ap imilye nèg andeyò, nèg mòn. Tout gro deba nan radyo se zafè sa k gade lavil y ap pale. Men yo pa janm pran yon ti tan pou gade sa k ap pase nan seksyon kominal yo, nan zòn andeyò yo. Pou rive konprann eske sa k ap pase nan vil pwovens ak potopwens yo se menm bagay ak sa k ap pase nan seksyon kominal yo. Bongre, malgre, moun ki nan vil yo jwenn gen kouran menmsi se chak twa jou, yo wè lapolis devan je yo. Men moun k ap viv nan peyi Dayiti nou pa konnen an, nou pa janm gen lapenn mande kòman y ap viv? Ki èstil ak mòd vi y ap mennen? Moun sa yo lage pou kont yo. Yo pa konn si gen prezans leta, dayè leta a pa menm konnen si yo ekziste. Yo pa konnen sa k rele lajis nan tribinal, bagay sa gen yon jan yo regle sa. Amizman yo se chita leswa anba lalin klè ap kale blag, rakonte kont yout kalte. Nan sezon rekòl, manje rete atè. Si se pou yanm, zaboka, fig. tayo, patat, manyòk, mang sa pa manke. Manje pa yon liks pou yo. Yo pa manje manje pèpè, sa fè yo pa fè vye maladi enpòte. Nan espas sa yo pa gen timoun pwatchòkò. Se kote timoun respekte granmoun, timoun pa jwe nan bad granmoun. Se kote moun gen diyite ak pèsonalite.Peyizan sa yo respèkte valè, yo bay valè ak sa ki merite valè.Menm jan an tou nou dwe ba yo valè. Se pa lè pabon pa la pou n ap di jan pabon te bon. Kòm konpansasyon, nou dwe bay yo apresiyasyon. otè : Jean Joanes

Ayiti nou pa konnen an

Depi m tou piti jouk jounen jodi a, m toujou tande yo di Ayiti se yon peyi ki difisil anpil. Se kote moun ap bat dlo pou bè, moun ap boukannen glas. Se peyi nèg politik ap taye banda, leta ap gaspiye kòb pèp la, pastè k ap vole lajan fidèl, peyi gòg magòg. Se yon peyi kote gen moun k ap byen mennen pandan lòt ap malmennen. Nèg anwo pa vle wè nèg anba, nèg anba rayi nèg anwo. Se chak koukouy klere pou je w. Nèg lavil ap imilye nèg andeyò, nèg mòn. Tout gro deba nan radyo se zafè sa k gade lavil y ap pale. Men yo pa janm pran yon ti tan pou gade sa k ap pase nan seksyon kominal yo, nan zòn andeyò yo. Pou rive konprann eske sa k ap pase nan vil pwovens ak potopwens yo se menm bagay ak sa k ap pase nan seksyon kominal yo. Bongre, malgre, moun ki nan vil yo jwenn gen kouran menmsi se chak twa jou, yo wè lapolis devan je yo. Men moun k ap viv nan peyi Dayiti nou pa konnen an, nou pa janm gen lapenn mande kòman y ap viv? Ki èstil ak mòd vi y ap mennen?
Moun sa yo lage pou kont yo. Yo pa konn si gen prezans leta, dayè leta a pa menm konnen si yo ekziste. Yo pa konnen sa k rele lajis nan tribinal, bagay sa gen yon jan yo regle sa. Amizman yo se chita leswa anba lalin klè ap kale blag, rakonte kont yout kalte. Nan sezon rekòl, manje rete atè. Si se pou yanm, zaboka, fig. tayo, patat, manyòk, mang sa pa manke. Manje pa yon liks pou yo. Yo pa manje manje pèpè, sa fè yo pa fè vye maladi enpòte. Nan espas sa yo pa gen timoun pwatchòkò. Se kote timoun respekte granmoun, timoun pa jwe nan bad granmoun. Se kote moun gen diyite ak pèsonalite.Peyizan sa yo respèkte valè, yo bay valè ak sa ki merite valè.Menm jan an tou nou dwe ba yo valè. Se pa lè pabon pa la pou n ap di jan pabon te bon. Kòm konpansasyon, nou dwe bay yo apresiyasyon. Nan ansanm gro valè yo posede, yo pa gen aspirasyon ti grangou, sichikman yo byen danble. Se moun ki gen moral yo wo, yo p ap rele chen papa pou zo. Moun pa jwe ak karaktè moun la, paske ou san lè tonbe anba sanksyon sosyal. Y ap fè w tounen zonbi pou w al vann kann nan mache landjèz. Se moun ki kwè nan travay paske yo konnen lavi pa fè kado, yo konnen tout bagay pou yo genyen se nan batay pou yo jwenn li. Se moun k ap travay di pou yo reyisi.
Yo gen lespri tankou rat. Menmsi yo pa ale lekol, paske leta kite yo nan ignorans, pou soufrans pa fini, yo konn fè kalkil. Yo pa gen yon konesans syantifik, men eksperyans yo pa gen pri. Yo gen yon fason yo kowabite ak lanati, sa se yon bagay ekstrawòdinè. Ak bon sans yo, yo rive kominike ak nati a. Yo kontwole chak ti detay nan lanati.  Chak nouvèl lin, yo konnen ki plant pou yo plante. Yo konnen enpòtans chak pye bwa nan lakou yo. Maladi yo pa dire, ak fèy ki nan raje a y ap kouri dèyè l. Yo pa etidye nan gwo liv, men gen yon fason yo fè dozaj yo pou mediman an ka efikas, menm lasyans poko jwenn etaj sa. Moun ou pa ta panse vin la. Sa fè menm gwo zotobre vin chèche laswenyay nan men yo. Yo pito monte mòn nan nenpòt kilè depi sante yo menase pou y al pran bon beny. Beny ki fèt ak pwodwi lanati. Lanati pa bay yo de penn alafwa. Lè zotobre bezwen pouvwa yo touse pye pantalon yo ale la tou. Se sèl lè yo sonje moun sa yo egziste. Lè yo fin pran pouvwa, yo bliye. Memwa yo kout. hmmm, ann kase kout mete nan makout, paske moun sa yo about. Yo about ak mesyedàm san konsyans yo. Y ap mande yon chans, paske zansèt yo te goumen pou yo tou. Nou tout merite jwenn nan repatisyon. Se peyi m, se peyi w, se peyi nou tout.

A swiv..

Otè: Joanes JEAN


Photo crédit by Google


Commentaires

Articles les plus consultés