FEN 2019 A ENFINI ekri pa : Bob Petit Frère ( B.O.B) Yon Tèks ki gen anpil verite ladanl mwen swete nou lil epi kite kòmantè pou nou


Yon fason pou nou valorize Lang manman nou ak papa nou se nan objektif sa nou lanse revi ( Fwon Popilè a ) 
Jodiya nap envite ou li yon ti Tèks kreyòl ki gen anpil emosyon ladanl  .
Initiative by ;  Jean louis Butherly dit Boomba libertaire le Médecin de la culture 
Sa se twazyèm Tèsk ki pibliye depi yè lè nou lanse mouveman an ( Fwon Popilè)



FEN 2019 A ENFINI 

Frèm, Sèm, Zanmi , ak tout zantray mwen yo  !! 
Se te avèk anpil tristès anpil nan nou te pase fen ane 2019 la , kote anpil nan nou te kòmanse ap viv avèk anpil enkyetid paske nou pat janm konn demen vreman sa ki te ka rive . 

2020 kòmanse anpil nan nou te gen kouraj swete lot bòn ane paske se yon tradisyon pou anpil nan nou  e se mwayen pou  anpil nan nou rankontre fanmi nou ak zanmi nou ki abite lwen nou.
Anpil jèn te kontinye ap vwayaje kite peyi pou al chèche lavi epi pou kontinye etid yo san yo pat konnen kòman sa tap ye tou…. nan mwa  mas 2020 amerik an general vinn fè fas a yon epidemi ki vrèman di kote li touche tout kouch sosyal yo… ou te mèt gen lajan ou te mèt pa gen lajan viris la ap frapew ……ou te mèt gen koulè wouj oubyen koulè nwa korona fè nou tout  nan menm bato a . li soti lachin pase pran etazini, itali almay ,Lafrans Angletè ,Brezil Jis poul montre nou pa gen  moun li pa pran . Sa ki atristan se paske gen peyi ki pranl pou politik pandan  lap fè ravaj san kanpe,  yo menm itilizel pou fè komès avè’l sa vrèman grav paske lavi moun pa konte pou yo, se enterè pèsonel kap jere. Deja ayiti gen popilasyon kote anpil nan yo edikasyon yo pa fèt vin mete avèk yon leta banbòch  kap bay anpil manti nan dosye korona a vin fè anpil moun pa kwè li se yon reyalite  vre . Pandan nap fè fas ak yon pandemi kap ravaje monn nan  epi nwa yo ap sibi yon moman ki difisil anpil nan peyi etazini akòz de rasis……..malgre li te kon fèt yon lòt jan men avèk evolisyon lasyans nou ka rive dekouvri kijan rasis lan ye jounen jodiya . Jodiya  mwen vle konnen pouki Dessaline, Petion ,Toussaint …..te goumen pou nou , menm lè nou toujou anchene nan  mantal men mwen panse nou tap gen libèté koporel men elas . KONBYEN NAN NOU KI PRÈ POU LEVE POU NOU LITE NAN TOUT SANS POU NOU KONBAT  DELENKANS NAN PEYI A KONBYEN DESSALINE PETION TOUSSAINT CHRISTOPHE NOU GEN PAMI NOU JODIA

Otè a se Bòb Petit frère Pitit lakay nou .......
 




Commentaires

Articles les plus consultés