Se piti ki mennen gwo Zandolit ponn ze, ze a kale, li bay yon ti zandolit. Ti zandolit la grandi pou kò l, li vin tounen yon gro tonton zandolit ki ka menm fè w pè. Li kouri, kache, soufri grangou, mouye lapli pou l siviv, li chèche manje li menm sèl pou l bay tèt li. OTè : Le Naturisme

Se piti ki mennen gwo

Zandolit ponn ze, ze a kale, li bay yon ti zandolit. Ti zandolit la grandi pou kò l, li vin tounen yon gro tonton zandolit ki ka menm fè w pè. Li kouri, kache, soufri grangou, mouye lapli pou l siviv, li chèche manje li menm sèl pou l bay tèt li. Si li se yon femèl ou mèt kwè m gwo mal yo konn ap kouri dèyè l pou akouple, antouka m espere se pa vyòl. San konte timoun ki kapab nan voye wòch dèyè l, Mimi k ap chèche gen kontwòl li pou l manje l tankou kann sikre ak lòt faktè ankò k ap jwe an defavè l. Apre tout sa yo li vin gran, li gen majolèn, me longè lake l epi l miskle! Li kapab menm kouri dèyè sa ki pi piti yo si yo pa kite l chase ensèk li vize an. Li vin gen kapasite pou l sote sou yon branch bwa pou l tonbe sou yon lòt. Li reyisi!

Se menm jan an tou: ou wè pitit vwazin nan ap vann pen ak pikatchou, pi devan l ap vann dlo, brevaj, ou wè l gen yon bak sirèt akote l. Komès la te konn fèt chak swa, men konnya ou wè makomè a la tout lajounen epi toutotan l pa fè onzè nan sware li poko ap antre. Li te gen prela ebyen kounya zanmi m se yon gran tonnèl li genyen. Ou konprann kisa sa vle di? Sa poko janm anyen si w pa wè l mete ban ak chèz pou lasosyete. Tanbou ap bat, m tande kòn lanbi an, tchatcha maye: diri ap separe paske makomè a ap koule dal pou kay boutik li. Pou n pale pi senp nou kapab di pou biznis lan. Lokal li tounen yon adrès, li vin yon referans nan kanton an. Rete la, pale mal si w vle men w ap tande l marye, gen pitit, yo lekòl, yo tèmine etid, elatriye. Reyalite a klè devan je nou e nou wè l.... "Se piti ki mennen gwo." Kòmanse fè tipa epi apre w ap wè w rive kote w pa t espere, si pa gen pi mal, mèwi, si van pa vire moulen...!

Alèkile n ap di tout bagay sa yo, ou menm ou ka chwazi pran egzanp pou w gade sou sa pou w avanse. Sa se pozitif. Se chimen dwat la. E se li menm ankò tou ki plen pikan. Konbyen boule pitit vwazin nan te boule lè l te fenk kòmanse komès la, konbyen grenn marengwen ki te mòde l pandan l ap vann? Di m! Wi, m vle w di m konbyen moun ki te achte kredi epi ki pa peye? Konbyen fwa yon kliyan te joure l epi san konte monnen l konn remèt anplis? Fòk nou di tou konbyen batri yo te tann pou li tou!? Konbyen fwa li pèdi lajan?! Nou paka nye sa. Brèf pou w avanse "onètman" nan vi sa, vle pa vle fò w swiv etap yo.  Fò w aprann soufri. Men ann kase fèy kouvri sa toujou paske m vin fè w wè yon lòt bagay. M vle w konnen tou lè w ap pran kannal, lè w ap fè chimen kwochi se menm penpenp lan, se toujou PITI KI MENNEN GWO. 

Eske peyi m ap chanje? Eske yon jou m ap gen yon bon prezidan? Eske yon jou tout pitit zantray Ayiti yo ap ka chita sou menm tab? Kesyon anpil nan sans sila epitou pa gen sitwayen konsekan ki pa poze tèt yo jan de kesyon sila yo. Li senp, se depi nan piti, nan milye kote w grandi an ou gentan ap fòme pou sa w pral ye demen. Anpil fwa nou pa rann kont si pwòp paran nou konplis nan  move atitid nou vin genyen. "Nou pa rann kont si zanmi m, zanmi w, kondisip nou, vwazen vwazin ak anpil lòt kontribiye pou vin fè w gwo bandi. Nan yon Leta ki fèb se mas pèp la ki pou fò." Si Leta paka pran swen w ebyen zanmi m pran swen tèt ou. Kòman w pral esplikem yon tijèn kap di peyi m pa gen lopital, li pa gen wout epi menm ti jèn sa ankò lè l sou yon moto chawa se chante l fè l chante. Ebyen ann klè ak tèt nou: se paske gen wout kifè w konsa oubyen se tèt ou ou pa renmen? Ann pa bay manti mezanmi. Si m pa twonpe m sonje yon reprezantan Peyi a te di li gen 5 gwo pwoblèm ki se "koripsyon." Ou menm k ap panse kilè program chawa an ap fèt, ou menm k ap chèche gen kontwòl a gèdè yo, ou pa kòwonpi? Jounen jodi nou gen yon fenomèn sosyal k ap vale teren ki rele "krèy." M kwè jèn yo pi fò ladan l pase vye yo. Alòs, eske w pa konplis nan kòripsyon an? Ebyen se piti sa a, se ti plezi ou di w al pran an, se ti bòz sa ou rale an k ap mennen w pase "deal" nan bèl kamyon vit pafime avèk plak ofisyèl lòt semenn... 

Jodi dimanch m al byen pase ak yon klik medam, sa pa anyen. Dimanch si Dye vle ankò yon lòt klik medam... Epi lòt dimanch ankò vayb la ogmante... Ou bliye sa k rele rezèv, ou bliye pran prekosyon... Ata menm prezèvatif ou pa itilize... Ebyen w ap pèdi sa yo rele mòd devi ou, w ap vin paka manke sa w te kòmanse piti piti an. *Lè w kòmanse yon ti bagay, nan lespri w se sa w panse l ye: "yon ti bagay." Men nan reyalite an se yon GWO BAGAY paske ou poze yon BAZ. Se sou li ou pwal konstwi tout rès sa kap vini yo.* Epi sa w pata panse, nan jan de sitiyasyon bòlòtchonn sa yo ou pa redi pase sa pou w jwenn swit yo. Etap yo fèt rapid. Kontrè a pa osi fasil.

Chèche konnen ak kiyès w ap fwote, ki tip de moun w ap frekante. Gen yon pawòl ki di: "sa w frekante se li ou ye." Jodi an ou se yon ti ledjè, yon pye lejè,  demen w ap yon gwo chenapan paske piti piti zwazo fè nich. Diferans ki gen nan sa se paske zwazo fè nich pou pitit li pwoteje men ou menm wap kreye prizon w, w ap kreye tonm ou, w ap prepare echèk ou. W AP DEMANTIBILIZE KÒ W AK LESPRI W!

*"Tout moun lib pou chwazi vi yo ta renmen viv men tout moun pa lib chak jou. Pwofite pandan w lib jounen jodi an pou w fè yon chwa, pou w redemare sistèm ou, pou w chanje orizon."* Sa paka fèt yon sèl kou epi tout sa ki bon mande yon sakrifis, alò sa w ap tann pou w fè yon ti kout volan k ap mete w nan vrè chimen an? Sa ki anpeche w pran yon desizyon k ap itil ou menm, fanmiy ou, sosyete an, peyi an epi ata menm lemonn? Eske w renmen tèt ou toutbon vre?

Pran yon miwa, gade tèt ou epi w ap wè w vo plis toujou. Fè sa pandan w lib, fè sa avan bajou kase epi kòmanse fè ti echofman yo pou w monte tèren an. Se pou w di NON; mwen p ap rete sou ban touch, fòk mw jwe! Pa tann pwolongasyon! Sa p ap koute w anyen. Fè premye pa an paske se ti piti bagay yo ki pral mennen w nan gwo bagay yo. Se piti ki mennen gwo!!!


OTè a  : 
ALCINOR Arthur
Le Naturisme






Commentaires

Articles les plus consultés