Sistèm edikatif ayisyen an yon danje pou sosyete a , Otè tèks sa se Jean Louis Butherly (Boomba libertaire , Le medecin de la culture )

Yon fason pou nou valorize Lang manman nou ak papa nou se nan objektif sa nou lanse revi ( Fwon Popilè a ) 
Jodiya nap envite ou li yon ti Tèks kreyòl ki gen anpil emosyon ladanl  ¤
Initiative by ;  Jean louis Butherly dit Boomba libertaire le Médecin de la culture 
Sa se katriyèm Tèsk ki pibliye depi  lè nou lanse mouveman an ( Fwon Popilè)



Sistèm edikatif ayisyen an yon danje pou sosyete a

Nan Sitiyasyon sa nap viv konnya a , ki imaj sistèm nan pwopoze pou nou  ? 

Pou nou Reponn kesyon sa , ( Charles Tardieu) yon ansyen minis edikasyon nasyonal te deklare an piblik , 
<< Li di sistèm edikatif la depi lontan l ap obsève l  konklizyon li tire se desepsyon ki genyen sèlman nan sistèm nan .
Li kontinye pou l di sistèm edikatif la kòronpi nan tout zo kòt li , li di se vòl sistematik ki gen nan sistèm sa , epi li di anpil pwofesè ak direktè lekòl dakò tout zak briganday kap fèt yo .
Sa pa yon sekrè pou nou Jounen Jodiya pou nou wè sa kap pase nan peyi a ( nou ka rele sa selon li menm fenomèn Koripsyon tout kote 
( Le nouvelliste 2018

Li di gen kèk lòt bagay kap ravaje sistèm nan tankou , Pwoblèm Lang , ak fòmasyon anpil pwofesè ak direktè ki pa fèt .
Plis li ajoute gen anpil lekòl nan peyi a ki pa gen menm program , sa vle di pou nou sistèm nan fèt pou yon ti Gwoup panpannen .
Selon li menm gen anpil lekòl kap fonksyone nan peyi a leta pa konnen yo , anpil lekòl pa gen bon materyèl eskolè vre pou timoun yo ka aprann pi byen 
pafwa materyèl didaktik yo itilize nan lekòl yo pa adapte ak reyalite timoun yo vre, selon sam ka di nou si nou pèmèt mwen ( liv yo timoun yo ap sèvi avè yo nan peyi a pa gen reyalite lakay nou vre leta dwe pran sa an chaj pi vit posib apresa kove nap fè .

Si nou vle pouse kiryozite nou pou nou ale pi lwen nou ka di gen anpil timoun Ayiti ki pa ale lekòl , anpil timoun ki ta dwe ale lekòl pa ka ale paske sistèm nan rabougri .
Kesyon nou ta renmen poze 
kòman leta konstwi sistèm edikatif li an  ? 

Pou nou Reponn kesyon nou an nou pral konsilte yon atik ( Auguste Joint te ekri epi li te pibliye l nan lane 2018 nan ( nouvelliste)
li ban nou plis detay sou sa ...
Nou ka di , si nap fè yon premye konsta , nou ka di sistèm edikatif ayisyen an baze sou politik edikatif liberatè ( Toussaint L'ouverture) ki se te premye Fondatè leta peyi nou an 
Sepandan, nou ka di sistèm sa gen orijin li depi nan tan lakoloni 
kote te gen anpil ban n esklav yo .
Fondatè sistèm sa nap viv ladanl konnya se kolon yo ki te vini avèl se menm sistèm sa nou toujou kontinye ap konsève , depi lè nou finn endepandans nou nan lane 1804 e sistèm sa  pa bon pou nou  
Men anpil bagay make dout nou ak menas ak anpil lòt bagay ankò ki pral antrene gwo repèkisyon sou politik edikatif premye dirijan peyi nou an , (Auguste Joint 2008) Joint note okipasyon amerikè n ( 1915 - 1934) pa kontribiye nan devlope sistèm nou an paske se pat misyon yo , misyon yo se te toujou kontinye kenbe nou nan esklavaj epi tout sa nou te pwodwi se te pou yo .
Nou ka pran yon ti egzanp nan lane ( 1920) pou yon popilasyon ki te gen 2, 5 milyon abitan , depans eskolè a te 340 , 000  $ tandiske ameriken yo tap depanse 400 , 000  $  pou ledikasyon nan peyi ( porto Rico)  ki te gen nan epòk sa 1, 25 milyon moun ki tap viv ladanl ( la nou pa bezwen ale pi lwen nou ka wè diferans la )
Nan lane 1954 , depatman eskolè edikasyon nasyonal la te anrejistre yon to de ( 19, 7 %  ) ki estime a 17, 5 %  nan zònn riral yo ak 64  %  nan lòt zònn yo .
Ti lekòl ki te genyen yo te rezève sèlman pou pitit gran boujwa yo ( A.Joint , op cit , 2008)

Se konsa vinn gen yon bagay ki rele inegalite chans nan sistèm eskolè nou an  li kontinye ap fè chemenl .
Alaverite gen anpil gouvènman ki te vle eseye redrese sistèm edikatif nou nan men San siksè.
menm lè yo eseye fè anpil refòm men sa pa janm pote yon bon rezista vre , se konsa inegalite chans ap fè wout li nan peyi paske se yon ti Gwoup sèlman kap byen enstri.
Refòm ki pi resan nan peyi a date nan lane 1979 ki te renouvle pa plan nasyonal ak fòmasyon nan lane 1997 malgre tout bagay sa yo leta ayisyen toujou nan difikilte pou li mete yon politik edikativ ki korèk . Mwayen politik ak ekonomik li dispoze pa ase pou li defini objektif edikatif li vle a.
Nou ka di ta Sanble pwojè sosyete li bezwen poko egziste , sa nou bezwen nan sistèm nan se bon valè moral pou nou bay timoun yo pou nou fòme bon sitwayen ki onèt .
Se pou rezon sa nou pral pran kote sosyal edikasyon an  
pou nou fè sa pwen vi a Bernard Louis yon espasyalis nan edikasyon pa nou an ap enpòtan 
swiv toujou.... 


siw vle soutni nou pou travay sa nap fè a  :  Me nimero siw gen bezwen +50939989718



Commentaires

Articles les plus consultés