Yon fason pou nou valorize Lang manman nou ak papa nou se nan objektif sa nou lanse revi ( Fwon Popilè a ) Jodiya nap envite ou li yon ti Tèks kreyòl ki gen anpil emosyon ladanl . Initiative by ; Jean louis Butherly dit Boomba libertaire le Médecin de la culture

Yon fason pou nou valorize Lang manman nou ak papa nou se nan objektif sa nou lanse revi ( Fwon Popilè a ) 
Jodiya nap envite ou li yon ti Tèks kreyòl ki gen anpil emosyon ladanl  .
Initiative by ;  Jean louis Butherly dit Boomba libertaire le Médecin de la culture 


Jodi-a sim chwazi pale
Se paske m bouke kriye
Se paske lavi vle banm do
Se paske m bouke monte syèl pa do

Ak 2 rigòl dlo nan je
Lavi m bezwen w poum pale
Di m kisa m fè map peye
Jiskan map sispann rele?

Lè m vle siwo ou banm fyèl
Pandan m toujou ap travay pou myèl
Lavi eske w pa tande tout rèl?
Lavi poukisa ou si kriyèl?

Se tankou pou mw ou kache fas
Di m si pou mw pa gen yon plas
Tanpri lavi banm yon ti pas
Men poukisa w pa fèm lagras?

Lavi m kòm nèg pa fasil
Chak jou bagay yo vin pi difisil
Problèm yo menm ap vin anpil
Epi solisyon yo vin pi ridikil

Yo toujou di aprè soufrans se delivrans
Menm si m ta gen mil penitans
Toutotan m pa pèdi konesans
Ebyen map kontinye viv ak pèseverans.

Otè  :  Guevara Luna Touta Jean louis

Siw ta vle soutni mouveman sa yon fason pou nou valorize kilti nou an soutni nou 
+ 50939989718 
whatssap pouw voye Tèsk la 33899870 
Stillboomba.blogspot.com
E-mail :  stillboomba282@gmail.com

Commentaires

Articles les plus consultés