BADIJONNEN ( 7e Tèks kreyòl ki ekri nan kad Fwon popilè a )

✨✨✨

                  BADIJONNEN



Tann dat nap pase pay nan men kolon modèn
Tann dat nap dòmi nan fènwè, san chandèl, san balèn
Tann dat lawouze pa taye banda nan jaden nou
Bèt seren fin fè danmpiyanp sou nou ak nan jwèt kòken nou.
Mw di ankò n ap pase tray, nou anba pay 
Pote tout kalite chay lou se sa nou gen kòm prensipal travay



M ap sib depi kèk tan dat nou kòmanse pran mak
Wi, se pa dat n ap mawon, n ap kraze rak
Koz yo pran n pou makak, yo kale fig mete nan bouch nou
M ap mande si yo pa fè nou al manje nan douch tou.
Mw di ankò nou san lizay, san imaj sosyal.
Nou plis kwè nan voye monte, nan pran gran wout pou kanal. 



Mw wè w zanmi, mw wè w kap toufonnen rèv mw.
Mw wè w vye frè m, mw wè w kap dechèpiye, k ap falsifye èv mw.
Mw konprann mouche bèl machin vit fime, gro zotobre!
Ki pran plezi nan bay pyeton pousyè, nan derespekte kokobe.
Mw di ankò annou sispann viv nan plasay, se mari pou n gen.
Ann fè jefò pou n limen, pou n briye men si se pa Pari nou gen. 



Rèl, chita plenyen, mache nan pye sen: Byen kèk tan sa yo pa itil
Byen kèk tan zòrèy Letènèl soud pou nou, menm lapriyè vin difisil
Depi m ap byen pase kite mele m ak lòt
Depi m gentan nan nivo a konpè kòdenn, kite mele m ak kòk
Mw di ankò n ap mouri tankou krapo si nou pa eradike trèt yo
N ap fè zansèt yo sipann repoze san kase tèt yo. 



Se sa! Nan kase mayi n ap regle bougon, pase isit n ap jwenn lòtbò
Men sonje lòtbò gen lòtbò pa l tou, se revè ki bay remò!
Se pa sa! Se pa sila, non m di w se pa sa yo; se pa sèl sa.
Se pito sa nou pa menm konnen an; an konsa nou kite fwadi a n al pran fyèl la. 
Mw di ankò annou valorize sa nou genyen, menm si l piti, menm si l pa anyen
Sispann limen kobra mechanste lakay ou pou lafimen l pa tiye fwi pyebwa kay vwazen



Mw wè w ki ap naje pou w soti nan lanmè grangou ak maladi
Pandan gen lòt ki tèlman byen, se lanfè y ap envite dine nan paradi.
M di bonjou, m di silvouplè; an retou m jwenn mo sal, m jwenn krache nan figi.
Bay kou bliye, pote mak sonje. Alò kòman w ta vle pou pita m pa al met sou wout ou on po fig mi?
Mw di l ankò, mw sèl paka fè yon pa avan si ou menm w ap bwete
Menm si chan an bèl, koral la pap chante byen si nou pa t repete!



Rete la avè m, pa ale kite m, pran pasyans avè m menm si m pa gen nan men;
Lè m mande w menm bagay la tou, ou fè m bwè dlo nan nen?!
Jis pou n viv san problèm, mennen m soti, map mennen w manje
Se kè kase malgre sa... Sosyete a mete lavi nou an danje
Mw di l deja, abitid sila yo ap fè nou toujou rete nan engratitid
Nou sispann viv, nou sispann moun tèlman nou kiltive move atitid...



Alafen, nou tankou astwonot ki pèdi nan lespas, pechè ki pèdi nas.
Nou tankou chen anraje kap lachas, DJ ki bliye kas.
Ann fon jan mezanmi pou nou sispann badijonnen nan ma labou a
Tèt ansanm souple, fè m on ti kras konfyans paske n ap viv nan menm lakou a
Mw ap di nou ankò: toutotan se konsa nou ye, toutotan nou nan mande prete...
N ap toujou rete la, n ap toujou tete ma, n ap toujou badijonnen nan malpwopwete! 





_#Ekri pa: ALCINOR Arthur_
_Le Naturisme
_#Powèt - Ekriven_

Commentaires

Articles les plus consultés