Mwen Vle yon jenès # 2 - Mwen anvi w benyenm ....8e ak 9 e tèsk nan kad revi popilè . Rosecadelle Benjamin dit Rosae👌🏾

M 'vle Yon jenès 
Mwen fouye dwèt Mwen nan twou inspirasyon 
Poum jwennn mo Ki mache Ak la rezon
Plim Mwen pran gouye Jis li arive ejakile 
Li Menm rive benyen Yon moso papye  
Ak Yon Ekip mo dou Ki te rann pansem lou
Mpa vle kite  eksperyans lan koz li dou   
M vle jenès La aprann louvri janm kaye 
Olye yo lage tèt yo nan rabòday plezi gaye 
M vle Yon jenès Ki plis kanpe sou lekòl
Olye de panse kòman pou  yo fimen bwè alkòl
M vle yon jenès kap sispann plenyen 
kap sispann Di lavi ayiti Pa ofrim anyen
M vle Yon jenès kap aprann karese tèt rèv li
Ak pasyans detèminasyon Jis li arive fel vini
wè jenès la kap fini pou yo se pi gwo fèt 
Se pou sa map Di nou an Pa sispann kraze bèt
M vle Yon jenès Ki Pa kwè nan plezi car wash
Ki pap Vann diyite yo pou lajan  cash 
M vle Yon jenès kap sispann chante
Kote pleziw A Ye Mwen prale 
Yon jenès kap bay tanl pou li Yon  tèks 
Olye de Yon jenès Ki pasyonel de sèks 
M vle wè nan jenès la Yon solisyon 
Ki pou kòmanse Yon bon revolisyon 


Ekriven :Rosecadelle Benjamin dit Rosae

M anviw benyenm 
Ti van kòw apèn kòmanse soufle
Tout fèy nan pyebwa kòm tranble
Chalè kòw pare poul transfòme an Lapli
Poko  Menm tonbe M gentan Ap jemi
Anba Yon Ti farinay sansasyon 
Mwen gentan santi Yon sèl vibrasyon
Anba gwo kout zeklè Ak loraj lanmou
Tout Ti pati nan kòm fin kalalou
M anviw pranm nan de bò ranch
Lagem nan menw tankoum tap fè laplanch 
M anvi bwase renm fè Ti gouye
Paske tout Sam vle se wèm Ki mouye 
Se premye fwa Lapli fèm santim ay
M anvi rele wouch ssssssssssssssay 
M'anvi pare bouch Mwen anba dal ou
Pou map bwè chak Ti goût dlo ou
Nan fasonw makònnen kòw Ak pa M
Fèm bay tout Ti son Ki nan vwam
Anba dal kòw M anvi pare chak grenn Lapli
Poum map benyen rele Wow Men lap vini


Ekriven :Rosecadelle Benjamin dit Rosae👌🏾

Commentaires

Articles les plus consultés