Kisa ki Krèy la , Gèdè , vakam Bibil ak anpil lòt ankò kap devlope nan sosyete nou an ou toujou ap poze tèt ou kesyon kote bagay sa yo soti ? kisa yo ye , e mwen panse ou anvi konnen , mwen konnen ou kirye avanw li Tèsk la jis tande sa avan paske Tèsk la pral chokew ...https://youtu.be/5TBGlmE5kIw by Jean Louis Butherly dit Boomba libertaire le medecin de la culture


Kisa ki Krèy la , Gèdè , vakam 
Bibil ak anpil lòt ankò kap devlope nan sosyete nou an 
ou toujou ap poze tèt ou kesyon kote bagay sa yo soti ?  
kisa yo ye , e mwen panse ou anvi konnen , mwen konnen ou kirye avanw li Tèsk la jis tande sa avan paske Tèsk la pral chokew ...https://youtu.be/5TBGlmE5kIw

Konnya ou mèt alèz pouw li Tèsk la depiw pa tande l pa li Tèsk la ou pap konprann li 




Chak jou gen yon pakèt pratik sosyal kap devlope nan sosyete nou an 
Pratik sosyal sa yo kap devlope  chak jou nan sosyete a pa bon pou dévlopman sosyete nap viv la 
pratik sa yo se degrade yap degrade peyi a

annou ofri pito lòt imaj pou nou wè si nou ka dekole ak peyi a
sim fè ti pale sa avèk nou se jis poum esplike nou kèk pratik kap devlope ki pa rete m byen, mwen panse tou tout moun ki gen bon grenn je pap santi yo alèz chak fwa yap wè epi tande sa kap pase nan sosyete nou an ( pratik sosyal sa yo pral mete sosyete nou an nan deriv epi lap enfliyans Konsyans individyèl yo tou 
nou tout konnen moun kap viv nan sosyete a pa pwodwi sosyete a men pito rezilta , Aksyon moun yo ap mennen se tout pratik sosyal kap devlope oubyen ki gen nan sosyete a kap detèmine moun kap viv ladanl , si jodiya preske majorite nan Jèn yo se de (krey) yap pale de ( bibil) nou pap kite sa konsa Fòk gen moun ki wè byen pou di non sa pa ka kontinye .
Anpil moun pran pretèks pou yap di jèn yo pa gen okenn model , se vre men modèl yo enpoze yo a pa bon nou paka kite vre bagay sa yo ap nwi Konsyans nou.
Gen seri de mizik kife moun ri lè yon nèg kanpe li di ki ayisyen pa renmen Krèy 
li gen rezon paske majori nan nou se sa nou renmen vre 
yo lave sevo nou 
nou kondisyone , yo oblije fè nou ap bave menm jan pavlov te fè Chen an nan kondisyonman klasik li te fè a.
Sa vle di bagay sa yo ap toujou pèsiste , si nou pa dekondisyone e pou nou dekondisyone nou dwe Bay jenès la yon lòt mòd de vi , fok nou montre yo nan 20 lane ankò men koman sosyete ap ye epi menm sosyete kap enfliyanse yo fè sa pral di yo men kòman jenès nou te ye 
sa vle di jenès parey mwen yo pran men nou desten nou nan men nou ansanm ak lavni nou fè tout sa nap fè pwòp pou Demen Konsyans nou pa anvayi ak vye panse 
veye tou pou pase nou pa bloke fiti nou, se vre nou pa gen anyen pou nou fè se sak pa bon yo ban nou pou nou depafini   : 
mwen kwè ak kilti nap kanpe tout bagay sa yo Ann pa kite sousi lavi fè nou fè sak pasa pa kite nou pedi pèsonalite nou ak diyite nou paske depi nou pèdi de bagay sa yo pa gen anyen ki rete pou kòm moun ...

Mwen pa vle mize Twòp map jis rantre nan fon sa m vle pale a , mwen konsyan tou aprè nou finn li ti Tèsk sa gen anpil nan nou kap pran Konsyans , map kontan sa  mwen pral eseye defini pratik yo epi mwen pral di nou sa ki ka rive nou si sa ap  kontinye toujou , si sa yo ap vale teren toujou nou pap gen anyen kap rete pou nou kòm pèp yo pral konsidere yo tankou yon pèp ki pat gen okenn sivilizasyon sèlman pran prekosyon ak sa kap devlope yo , reflechi avan nou aji , pridan ak sa yap ofri nou moun alafwa rasyonel epi irasyonel sa vle di endividi ak sosyete a lye ansanm sa vle di yo entèdepandan men nan sosyete pa nou an tankou m wè se irasyonel la ki prime sou tout plan nèt 
si nou pa fè yon jan pou nou estope irasyonel la pou nou pran tout sa ki rasyonèl yo se nou kap wè l 


Nap kòmanse pa yon Premye bagay ki rele 


Vakam: 

Yo pale de vakam tankou yon zen, yon deran.

Krèy tankou yon pati sèks ki fèt ak plizyè patnè, konn gen masisi ak madivin nan epas sa yo pou bay sa yo rele plezi a. nou ka di tou pou plis konpreyansyon
Krèy se yon mo ki itilize souvan nan sosyete nou an nan dènye tan sa yo  
objektif krey la se fè seks nan Gwoup 
annou pran egzanp , yon pakèt fi epi yon pakèt gason ansanm nan yon sèl chanm oubyen nan lanmè yap pran plezi yo kesyon map poze kote krey la soti 
selon sa yo di nou se nan denye moman an Rabòday la ap pran ekstensyon epwi nèg yo tou vini ak bagay krey sa gen kèk atis ki rekonèt anpil ki fè pwomosyon pou bagay sa tou mwen pa bezwen site yo nou tout getan gen yon pakèt ide de sa .

bibil ; se yon fanm ki dakò yon pakèt nèg konyen l youn apre lòt,

Gèdè  a se prèske menm bagay ak bibil la..yo fèt menm jan tou.



Dexter : Dexter se yon adjektif laten ki vle di akote , abiye , moun ki gen Chans , yon moun ki favorab pou gen yon bagay.Ayisyen pran l nan konteks jan yap abiye mete pantalon chire , mete pantalon anba bouda yo epi avan ou pale avè yo ou tande yo di se Dexter mwen ye mwen ka demarew wi .

Aprè tout rechèch mwen Fè epi temwayaj kèk zanmi whatssap ban mwen mwen konstate pratik sa yo ap Monte anpil nan sosyete a e si nou pa eseye kanpe kèk nan yo nou menm kap wè l se jenerasyon kap vini an ki pral peye sa 
si nap Fè timoun yo meprize bon mizik klasik pou rabòday Fè yo patisipe nan krey , bibil , Gèdè se menm nou menm nan kap peyel pa peyel jodiya nap peyel kanmenm ...
Nap fini pou nou di gen 2 bagay ki fè jenès konnya ap apresye sa ki pa bon 
premye sa nou ka di se 
responsab elit edikasyon ak moun ki la pou fòme yo ki lakòz sa vle di edikasyon non an fè fayit sa vle di peyi a ta dwe gen yon kanpay edikasyon sivik pou edel jwenn yon solisyon 

dezyèm ipotèz nou ka di se yon group Jèn ki santi se fatigue ak lamizè epi ki deside pataje deli yo ak lòt moun pou yo jwenn plis disip oubyen yo vle montre tout moun yo nan inyorans , oubyen gen lòt peyi kap finanse yo pou yo detwi kilti  ayisyèn nan ......
Si identite ayisyèn nan jodiya nan gwo soufrans sa men sa yo ki lakòz yo poko pre pou yo ale paske se sa jenès la renmen , depi aprè 12 janvye 2010 peyi a te ravaje se depi aprèsa jenès la ap chèche plezi yon fason pou yo bliye tout twomatiz  se nan menm optik la nou jwenn tout mizik sa yo tout slogan sa yo ki mete identite nou an nan soufrans Jounen jodiya 

Fè Wanna
mache, Ti Sourit, Ti tou, Pa pale kaka, Bèl fanm pa monte nan syèl, 
Sa k santi konsa pitit

alaway », « mache 
tonnè », « machann san », « blodè » et « ou t ap ri m »,

W ap gade m boubou » de Mossanto 

Fè Wanna mache, fè wanna vole, fè Wanna pompe, fè Wanna vòltije
Depi manzè fin bwè toWo w, fè l mache
Manzè fin bwè ragamann ou, fè l mache
Li fin manje pen a manba w, fè l mache
Manzè fin bwè ji alaska w, fè l mache
Fè wanna mache, Fè
wanno mache, Back-shat, N ap tchat, Ti mamoun, Fè l mache, Pwent 
pye w, Rale plim ou ak kaye w, Ti manno, Asefi, Dyedone, Bèl fanm 
pa monte nan syèl, W ap gade m, Pa kriye vwazen…








Commentaires

Articles les plus consultés