Ribrik sante Le Tenia ( kisa li ye ? kòman nou pranl ? ak anpil bagay ankò

               (Le Tenia ) Tenya 

# Ribrik sante  #Le mouvement Boomba 

#Jeune engagé pour la culture

# Jean Louis Butherly Étudiant Haïtien


Kisa Tenya ye ? 

kòman li fè rive nan vant moun  ? 

ki solisyon ki gen pou li  ? 


Tenya se yon vè ki ka parazite lestomak moun .

Lè li kòmanse grandi li fòme yon lonn tankou yon riban ki ka 10 mèt longè konsa , li gen yon pakèt ti bagay sou pò kòl tankou se ti zanno plat epi yo gen koulè blan .Yo toujou rele tenya vè Solitè ..


Tenya se yon vè kò li laj , li gen anpil ti krochè sou li , sa yo pèmèt li banbile kòl nan lestomak moun yo pi byen .

Tenya pa gen bouch , li manje nan tout kò li , depi li deja rantre nan kò yon moun se saw manje se li menm lap manje tou .( alon bèt sa papa oh )

li pa gen okenn sistèm digestif , ni aparèy pou San yo sikile , ni aparèy pou li respire , ni ògane pou li deplase .

Tenya se yon vè ki ( Hermaphrodite) sa vle di kisa  ? 

Sa vle di li gason epi li Fanm tou , aparèy pou li fè pitit li yo enpòtan anpil , li ka fè yon pakèt ze konsa , lè ti sak yo li ponn ze yo kòmanse debòde nan vant li , gen kèk ki konn rete konsa yap soti nan ( anus) fès li toukaka li pou nou pi presi.



Si yon bèf , yon kochon manje ze sa yo  , nan kèk semènn ze sa pral devlope nan vant bèt sa yo , si menm bèt sa yo moun pral manje yo , sitou si yo mal bouyi , menm ti vè sa yo pral devlope nan vant moun sa yo , e menm ti vè sa pral fè yon koloni nan vant nou tou menm jan li fè ak kochon ak bèf yo.


Pou tenya yo fè pitit li bezwen yon entèmedye sa yo bèf , kochon ak moun .


Vè sa bay anpil Pwoblèm lasante tankou , ( Twoub entèsten e nève tou ) li ka fèw ap manje ou pa janm wè kote wap mete manje yo sa vle di ou vinn chèch tankou kasav , ou vinn plat tankou pinèz  menm lè wap byen manje wap byen Bwè jan granmoun yo konn dil vè sa tout sa ou manje li pran pi fò nan manje ki dijere yo .

Men Bòn nouvèl vè sa ka elimine San Pwoblèm ah nou rale souf avèw papa tenya 

ak yon ( vermuge ) vèmij  ( konprime ak siwo ki la pou sa nou ka elimine tenya ...

Prekosyon se nou menm pouki pranl byen lave , byen bouyi tout sa nou pral manje 

Bwè bon dlo pwòp 


Le Mouvement Boomba Ribrik sante 

+509 39989718 siw vle sipòte nou  nan tann ou 


Le Médecin de la culture  !! 

Sous  :  Biyoloji Ribrik Syantifik 


Commentaires

Articles les plus consultés