Kolonizasyon amerik la . kolonizasyon espagnol yo Si nou ekri listwa nou konsa eske l pap pi bon Otè a : Jean Louis Butherly ( Boomba Libertaire )

Kolonizasyon amerik la . 
kolonizasyon espagnol yo

Si nou ekri listwa nou konsa eske l pap pi bon 

Otè a :  Jean Louis Butherly 
Tel  : 50939989718 vinn soutni nou , nou vle fè plis bagay pou peyi a.

Anvan C.Colomb te fè dezyèm vwayaj la, li te pale ak (Pape Alexandre VI )li te siyen yon akò Avèl paske tout moun te panse se pape yo k ap dirije latè , yo te menm fè konnen se yo menm ki reprezante Bondye sou tè a , se te Misyon yo sa pataje lafwa kretyèn yo .
Se te castillon ak Aragon ki te responsab sa , yo te preske finn pataje fwa yo Espagne , se sak fè yo te debòde pou yo vinn bay li nan Amerik la , se te Pòtigal ki te pi prese  , li te montre l pifò se sak fè l tal kolonize Brezil  , al mete yon pakèt moun nan esklavaj 
Se te âpre 11 lane , C.colomb te finn fè esplorasyon an.

Espagnol yo te Chwazi vinn fè enstalasyon yo nan kontinan Amerikan an.
Nan lane kite 1500 Alonzo de ojeda te kòmanse l Venezyela,men kolonizasyonl lan pat mache li te pran plizyè echèk se te nan lane  1509  li te vle fè sa men li pat reyisi, Chak tantativ li te echwe.

Nan lane kite 1512 la yon lòt yo te rele ( Léon de ponce) li te vle rajeni l paske l te getan finn granmoun, li te getan finn vye , li tap chèche yon kote poul repozel se konsa li te dékouvri (gran peninsil amerikan an) , se konsa li te relel Florida  ;  jounen jodiya a nou tout vle ale a , non sa soti nan yon dimanche ramo .Se konsa non an te vini e se konsa li tou rete la . 

Nan lane kite 1513 Vasco Nunez , t al fè yon esplorasyon nan peyi  Kolonbi.
Li te vinn chèf yon ti koloni yo rele sent mari de darièn , konsa li te vinn aprann egzistans kèk aborigèn nan oseyan Sid la , te gen anpil lò ak anpil lòt bagay ankò , konsa li rive nan oseyan atlantik la aprè li te finn travèse yon ban n mòn , yon pakèt rivyè, elatriye.

Lè yo arete , (Colomb Balboa) li vinn rankontre ak yon lòt Bodadila ankò nan zile a.

Juan de salis Nan lane ki te 1515 , antreprann yon vwayaj tèt chaje , aprè anpil jou li dekouvri (Rio de Janeiro )se te 1er janvye 1516 konsa li te kontinye vwayaj la nan Amerik la , aprè 15 jou ankò li vinn dekouvri yon bè yo rele (Rio de la plata) .

Nan lane kite 1518 Ferdinand pati pou kiba, li dekouvri yon penensil yo rele Yucatan.

nan menm ane a ,nan lane kite  1518 yon lòt gwo tonton yo te rele  ; 
Jean de grivalda te dekouvri meksik se te yon jwa pou misye , li te tèlman renmen vil la li te relel ti Espay
Se konsa li te konstwi yon ti kominote menm jan ak espay , fè kay yo menm jan an tou, fè moun yo abiye menm jan ak panyòl yo.
Se la nou te jwenn Magelan nan liy sa nou ka di kiyès kite Magellan an  : 

Magellan , li te gen pou orijin pòtigè li tap rann sèvis Charles Quint , sa vle di se sou lòd misye li te ye  . Charles Quint te vle rantre nan gran oseyan an se konsa , nan lane kite 1519 yo te longe yo nan amerik sid la , se konsa yo te dekouvri détwa ki gen pou diferans ant tè dife a e  Patagoni an , se sak fè yonn pote nonl .

Magellan te travèse pasifik la se konsa li te dekouvri ( zile filipin , nan aprè 3 mwa ak 23 jou )

Nan lane kite 1529 la Fernand de cortez rantre Meksik li proklame tèt li tankou l te vis wa, se li menm ki te dekouvri gran vil sa yo rele kalifonya a , se konsa lè wa a vini kise Charles Ouint, li te mande kimoun sa misye te Reponn , se moun ki baw plis pwovens, li te di misye tou li rive fè sa  papa Charles Ouint  pat rive  ba Charles Ouint .

Nan lane kite 1522 pamphile retounen cuba , aprè li te finn pedi batay  li kont cortez , li te vle rete kiba pou tout rès vil se konsa li te dekouvri bè sa yo rele (pensacola) a se bò ti bè sa li te mouri , paske l te getan finn granmoun.

Nan lane kite 1524 a 1527  François Pizarre ak Diego Amalgro dekoukri sid Panama , yo te dekouvri yon pakèt tankou Pewou ak chili elatriye .
Men pa bliye nèg sa yo se te pè yo te ye sa vle di kominote legliz yo te la depi lontan se pa konnya yap souse gòjet nou.
Pa bliye yo konstwi vil sa yo rele Lima a nan lane kite  1535 se nan menm ane sa nèg yo dekouvri Chili .

Se gran tonton sa yo te rele Pedro de Valdivia kite  kontinye ak konkèt la , se nan lane kite 1541an ,  li te fonde vil sa kise kapital peyi a yo rele Santiago a .
Se konsa nan lane kite 1550 la Fernand de soto te aretel , 
Se te nan lane  1539 Fernand de soto te deside retounen kiba se la li te enstalel  l li te swaf glwa ak lanmou pouvwa se konsa li te rete la jis li pat janm pran nouvèl madanm li konsa li te mouri tout moun te bliyel.

Paraguay te dekouvri nan lane kite 1526 , se te ak  sabatien sabo ki sou lòd Charles Ouint , nan lane kite 1539 yon lòt navigatè te vinn  fè konkèt te ladan l se te Nunez Cabezza ki te yon ansyen Zanmi pamphile lè nan lane kite 1541 an yo te dekouvri ansanm rejyon sa rele la plata a.
Gen yon lòt vil ankò yo rele 
Buenos-Ayres li te konstwi pa Pedro de Mendoza,  pa bliye tout amerik sid la te sou dominasyon espagnol yo, se sak fè yo enpoze lang yo la ak tout mès yo . Se pa pousan rezon nou wè pifò peyi  sa yo se espagnol yo pale , pifò koutim moun yo soti nan espagnol yo .
Nap kite pati sa la , paske mwen wè m di ase si gen Sam pa di lektè ak lektris mwen yo ap jijem e yo ka kritikem tout ...

Sous  :  Antenor Firmin , Une révolution nécessaire 
Franklin Delano Roosevelt et la république d'Haïti 
Stillboomba.blogspot.com
Facebook :  Still Boomba 
Front populaire pour changer Haïti 



Commentaires