Lavi pap janm diw .

 Depi sou Prèval (mouri) map swiv kòman peyi a Rèd epi li di pase wòch grangou mizè toujou gen timoun ki pa ka al lekòl  , Sou lòt yo mwen wè se Men m jan an sa vle di bagay yo vinn pi mal dejou an jou peyi a ap depafini . Men peyi a pa ka rete konsa, mwen vle di nou nan ki direksyon pou nou mete enèji nou  ; pou peyi a avanse, mwen pa konn si n ap banm yon ti chans pou m èsplike nou avni Ayiti nan tan k ap vini la yo.


Ayiti ka disparèt si  nou pa pran prekosyon


Sa pa sekrè pou pèsòn paske se pa premye fwa yon peyi pral tonbe nan tou

Mwen pran anpil tan poum di sa  e se aprè anpil Refleksyon ,peyi a pral vide nan tou si nou pa mete tèt nou ansanm, mwen di sa se tankou m pran yon gwo angajman politik paske sa pap janm rive fèt men li pa enposib.


Yon kandida ki  pral parèt nan eleksyon gen pou fèt la yo dwe pwopoze yon pwojè ki  bon pou l Rasanble tout moun , paske pa gen moun ki ini nan peyi a .

Sa ki fèm di sa se paske m wè desizyon nèg yo ap pran nan peyi a pa bon men m pou sitwayen k ap viv ladan l , Ayiti pa bon menm nan moman sa , bagay yo vinn pi mal , se goumen kout chèz chak jou map gade Depite ap goumen ak Depite,  Senatè ap goumen ak Sénatè , map viv nan yon peyi Chen manje Chen , kote moun pa Rèspèkte moun , se sak fèm di peyi a gen anpil défi pou nou leve .

Sa pa sekrè poum di Ayiti te konn Bay anpil lòt peyi manje , Ayiti te gen anpil resous .Pat gen okenn peyi ki te ka bat nou sou plan ekonomik .

men konnya nou pa reprezante anyen , pa gen pèp ki Rèspèkte nou men m sa nou te konn Bay manje , a la engra yo engra

Gen anpil lòt pwisans k ap kokobe nou k ap toufe nou , piye richès nou yo .

Depi ou wè yo vini Ayiti se pou enterè yo , gade yo byen pou wè lè yo vini.

Depi lontan pèp ayisyen  ap fè yon pakèt vye Chwa politik ,pi gwo leson m tire nan peyi sa , se manti Chak lè anyen pa janm fèt vre , laveni Chak grenn Jèn nan peyi, sa se ak katouch yo toujou fini , pi gwo rèv Jèn yo konnya se kenbe yon zam pou yo fè krim , oubyen kite peyi pou yo al viv lòt kote.


Ayiti ansyen an disparèt , e pa gen yon Ayiti Nouvo k ap monte se toujou dezòd , Gagòt k ap fèt Chak jou .

Eske se monn nan  n ap  kite deside nan plas nou  ? 

oubyen eske se nou men m k ap deside nan plas mond lan ? 

si de kesyon sa yo pa Reponn nou ka Chwazi rete mèt destin nou .

Mwen kwè nan Ayiti , mwen kwè nan Jèn ki Ladan l yo , mwen pa kwè nan listwa a  paske se mensonj , fiksyon sèlman , nou pa janm konnen vrè Istwa a vre .

Ayiti se yon nasyon ki fò , ki ka reklame identitel tout kotel pase , nou gen yon bèl istwa men nou pa konnen l , sa pa ka enpeche l  jwe yon wòl primòdyal.

Ayiti toujou rete yon peyi lib  , nou pa esklav  fisik ankò , konnya Se nan mental nou mare.Fòk nou eseye demare lespri nou.

Ayiti pedi valèl,  li pedi Otorite l li pedi tout mòd de vi li,

men gen plizyè mwayen nou ka retrouvé tout sa nou pedi yo ,nou dwe rekonstwi peyi a , redefini , reyenvante  modèl politik nou yo.

Ayiti pa  vle sibi ankò , Ayiti vle fò , fò pou l fè fas a desten  l fò pou l aji pou l pèze   Fò pou l bay jenès  la yon chans , fò  pou nou konbat tout vre nèg k ap fè ( Koripsyon nan peyi a )

Fò pou Chak grenn moun viv alèz , fò pou tout sitwayen mèt tèt yo.

mwen konnen sa ap posib e mwen vle konvenk nou , paske men m lè yo pa kwè nan nou ak anpil kout  plim Nap konvenk yo.jenerasyon kap monte a ka pote yon vrè touch nan devlopman peyi a.


Commentaires

Articles les plus consultés