Me kisa ki fè etranje yo pa vle sipote ayiti nan devlopman .....Kolonizasyon fransè yo

 Aprè nou finn wè kolonizasyon panyòl yo 

Nou pral pale de Kolonizasyon Fransè yo 


Dezyèm peyi ki vinn kolonize Amerik la , li pa lòt se te Fransè yo , li pa sekrè pou nou yonn men m ,nou konnen se li menm ki te fè nou plis abi  lòt yo te fèn abi tou paske se te yon krim kont limanite bagay sa te ye ( La France esclavagiste) 


Nan lane kite 1523 François 1e te voye( Verrazani )al chèche epis an ende 

( épis se lò ak anpil lòt bagay ankò ki te gen valè nan epòk la) 

men li dwe pase nan Nò dwès .

Yo te pati nan lane kite 17 janvye 1524 , aprè yon vwayaj ak lapli , gwo loray , tanpèt aprè 50 jou yo rive nan Amerik la .


Se konsa yo te dekouvri yon pakèt lòt ti vil nan Amerik la sitou nan kot amerik la , li te kontinye vwayaj la jis li te rive nan peyi Nouvèl Ékòs ki te dekouvri nan lane kite 1497 pa yon navigetè yo te rele cabot . Se te yonn

Nan non Henri vii angletè poko te okipe . Nan lane kite 1562 Huguenot te jwenn pèmisyon nan men Charles IX pou li te  vinn fè yon fondasyon nan koloni an, sa vle di nan Nouvo mond lan.

Premye fò yo te konstwi nan zile a te rele (Carolina )se te pou Bay onè a Charles XI.


Lè Jean Rimbalt retounen an frans pou li al rakonte espwa yo fè nan  peyi a  men peyi a te getan ravaje pa yon gè sivil. 


Coligny te profite momen sa pou li lage kèk prizonye , pou li al fè yon vwayaj konsa li te pran 3 veso , ekspedisyon sa te fèt kòmandman Laudonniere yo rive 2 mwa apre nan kot Florid la .

se konsa lè yo te rive vinn gen goumen pou richès yo , vinn gen zigzani konsa grangou te kòmanse ap bat yo , se konsa gen kèk ki te tounen lafrans .

Konsa Philliphe 2 kite Roi Espay li tande gen yon koloni Fransèz nan Nouvo mond la , konsa li te voye yo al detwil . 


Flot merendez la pati nan lane kite 1561 an janvye , espagnòl yo rive 28 out pou yo bonbade fransè yo .

2 septanb yo konstwi yon vil yo rele St _ Augustin .Lè espagnol yo vini yo Masakre Fransè yo , yo detwi koloni yo .


Sete nan lane 1567 yon nonm yo te rele (Dominique de Gourgues) li te vle vanje San frèl yo te koule a , misye te yon moun fòme li gen yon entèlijans ki te wo anpil , se konsa li te vann tout byen Zansèt li yo , li te pran espagnol yo nan yon batay sanzatann , konsa li te masakre anpil nan yo , epi li te fè lòt yo tounen esklav  yo . Dominique te tounen lafrans pou li al rakonte wa  a kòman li vanje  ansèt li yo, avan li ale li te pandye tou prizonye espagnol li yo san li pat kite yonn menm .

Se aprè anpil lane Fransè yo te deside retounen nan koloni an ,sa vle di nan espas

1669 jis rive 1673 lafrans te deside voye lòt misyonè nan zile a fwa sa yo te gen yon misyon se te Ak Bib la pou te fè moun yo obeyi.


Se pè Collier ki pral Bay Colbert plan espedisyon sa pou li al Kolonize Missipissi, plis li vinn gen Otorite se plis li tal ranmase richès nan anpil peyi se sak fè nan lane 1675 li t al kanada , Soti li soti kanada li ale Mexique , e se lè sa li te konstwi yon bèl Vil li te rele vil sa (Louisanne) se te nan onè Louis XIV .


Se te nan lane 1684 li te propoze Fransè yo plan kolonizasyon l lan se konsa plan an te kourone ak siksè se depi , menm moman an fransè yo ap mache nan tout mond la al kolonize lòt ti pèp yo .

Konsa Colbert pran direksyon ak tout ekip li yo , aprè yon pakèt tan , anpil vwayaj an 1684  yo rive nan tèt Missipissi San yo pat menm konnen mizè kòmanse ap bat yo , lè lòt moun yo wè sa yo tiyel paske l te lakòz anpil moun mouri nan Vwayaj la .


Se nan lane 1699 Lemoine vinn fè yo jwenn Louisaine , se lè sa yo vinn wè nesesite pou yo al kolonize toujou , pa bliye Lemoine te fèt kanada. 


Nan lane 1714 se Arthur Cozat ki te fè wa  a Chak ane al pran Yon pil esklav al mete yo nan koloni an .

Li te Bay 50 mil liv kise lajan pou yo devlope koloni an se nan lane 1718 yo te reyini ansanm yo te fonde ( kiloni ende oksidantal) konpayi sa tap dirije pa yon gwo toro yo te rele Law .


# Swiv nou toujou plis motivasyon , nap dekolonize lang kreyòl la , si nou ekri listwa nou konsa eske l pap pi bon .

Tel 509 39989718 

*Le mouvement Boomba Haiti*

Facebook  :  still Boomba 

gmail  :  stillboomba282@gmail.com



Commentaires

Articles les plus consultés