Widly Joseph Dit BCH NEGANM Yon atis kap fè pale de li nan moman an .

 Vinn dekoukri gwo bout tonton atis sa kise BCH  !!! ! ! !


Atis sa nap gade anba post la li Rele (Widly Joseph) non atis la se 'BCH NEGANM' misye fèt nan lane 1999 se yon jèn atis kap evolye nan mon n mizikal la .Li se yon gwo pansè ki ka nenpòt bagay nan sosyete a men li jis chwazi mizik pou fè revandikasyon l pase , li jis chwazi mizik pou l ka bliye kèk mizè Sosyal.

BCH kòmanse karyè li nan lane 2013-2014 yo konsa , li se manb yon gwoup ki rele Level-Clik kite domine komin Terye wouj pandan 5 lane afile ,apre siksè ak gwoup li kise Level -clik , BCH te deside lagel an solo San li pa divòse ak gwoup li ( Gwoup sa te gen yon pakèt atis ladanl nou ka site  :  Herntz-Gasly Ipolit Le RoyHerntz-Gasly Ipolit Le RoyHerntz-Gasly Ipolit Le Roy Ipolit Le Roy dit Ipolit
Prince Wesley
Toro Galan
B.O.B
Djeffly B
Boomba Libertaire / Le médecin de la culture
Bò 2019- 2020 yo preske tout atis kite nan gwoup la kanpe pa travay men li menm li ,toujou kontinye ap travay paske mizik se pasyon l pifò jèn kap fè mizik nan jenerasyon l bal gwo respè paske li kontribiye nan avansman yo . Pa gen egoyis pa gen rasis  !  chak moun jwenn respè yo merite[...]

# BCH gen anpil mizik ki soti men ayiti Fòk ou gen anpil marenn ak parenn pou w ka soti si animatè a oubyen pwomotè pa ekip ou ou pap pase , ayiti vinn tout ekip ak kolòn menm siw gen talan depi w pa gen ekip ou pap pase ,sa vle di pa gen nosyon sa gwo savan yo rele Meritokrasi.

Nan optik sa map di nou si nou wè l poko afiche nan gwo lis jèn kap evolye nan monn mizikal ayisyen an  se paske pa gen ankadreman nan peyi a.

BCH pa sèlman yon atis kap fè moun plezi , li se yon atis kap fè tèt li plezi se pou sa li deside al fè inivèsite kote lap etidye ...Sikoloji kote lap boukle etid la ane a ( nou mèt bat bwavo pou lajenès)  sa vle di gen talan pou mizik , gen talan pou enonse yon pakèt teyori  tou , jan nou panse bagay yo pa konsa  .

Anpil pawòl pral di sou EP sa ki rele 10/ 10

Swete nou pran San  nou pran tan nou pou nou tande l Ann eseye aprann mete lakay nou an valè
Widly Joseph Dit ( BCH ) Ep 10/ 10 ap disponib sou tout platfòm
18/ 04/2021......

Rete branche  !!! ! 

Commentaires

Articles les plus consultés