Itwa Peyi Kalve chapit 4 ak 5 disponib .Sistèm ekriti tèt mele . Ekri pa Boomba Libertaire

 Chapit 4


Lè Papa Jozye retounen "peyi Kalvè" li te vrèman tris jan moun yo tap viv nan mizè , pa gen dlo , pa gen manje , anpil fi oblije  ap pwostitiye pou  pou yo kapab viv.


Li reflechi avan li pran yon dezizyon drastik , konsa li deside di l ap rantre an politik .Men ki politik , politik tè glise , politik tèt anba , politik tèt san konprann , konprann San tèt , politik asasen , politik San ideyoloji , politik pwopagan , politik patizan , politik mistè , politik kayo , politik eksplatasyon , politik dramatik , politik foli , politik San fondman , politik San reyèl , politik  !  politik wi se te nan toubiyon aza sa li deside al jwe . Li te poze kandida pou li vinn responsab "peyi Kalvè" .Men sa pat pase jan li te vle l la pou ou kandida peyi Kalvè gen anpil bagay ou dwe fè .Gen anpil kondisyon iltradil pou l fè.


Fòk ou flate Pèp la ,moun ki gen ti kòb Fòk yo avè yo epi fòk peyi rèv"  dwe dakò se ou men m li vle pa janm gen responsab se pa peyi rèv ki ba li.


Konsa li di si li soti nan " peyi rèv"se yon plezi pou l genyen konsyans mas la , epi "peyi rèv" ap bal eleksyon an se te veritab travay li te gen pou l fè .


Konsa li deside pwopoze moun "peyi Kalvè" yon parèt bagay li gen pou l fè si Pèp la ta chwazi l pou li te kapab responsab .

Anpi bagay pwopoze se misyon tout kandida ki te vle pran peyi Kalvè eksprime yo .Men Pèp la pa janm wè epi konprann diskou politik yo se konsa yo fèt Men m pou yo manipile yo .


Kanpay fèt Papa Jozye vinn responsab peyi Kalvè anpil moun te kontan , pran lari paske yo te panse kondisyon sosyal , ekonomik , anviwòntal yo ta pral chanje men aprè yon lane kondisyon yo pa janm chanje , Pèp la kòmanse ap gwonde .2 lane se toujou konsa Pèp "peyi Kalvè" pran lari pou kriye lavi chè. Men papa Jozye pa ka fè anyen li santi l enbatab nan sitiyasyon li deside pran lapawòl an bon gran paran li deside di Pèp la sa ki barèl si tout rèsponsab peyi Kalvè te konn fè sa Pèp la tap konprann .Li te esplike kisa ki fè l paka fè anyen pou "peyi Kalvè" se paske 

Maliko ak "fanmiy bon" pa vle kite anyen pou yo ka viv antanke moun ki pi ba yo .


Bagay sa te pouse Pèp la ap fè gwo eskanda l pandan tout semèn nan .Aprè 2 lane 5 jou papa Jozye demisyone nan fonksyone l paske li te wè lavi l  e tout mas Pèp la te nan danje jan li te renmen dil peyi rèv sou wout pou l mouri .


Aprè li finn demisyone anpil gagòt fèt nan peyi a "fanmiy bon" deside kite peyi a paske Pèp la te tiye , brile , dilapide anpil nan yo .Anpil te gen konsyans nan tè sa lavi yo an danje .Preske tout antrepriz yo te brile yo pat vrèman gen anpil bagay ki rete konsa près ke tout "fanmiy bon" deside kite peyi a .


Peyi Kalvè pase 10 lane nan tribilasyon anpil dezòd , anpil kawo , gagòt, elatriye .

Anpil nèg ak zam se tout jounen moun ap mouri moun ap kadnape moun ap vyole . 


Konsa gen yon sitwayen ki parèt ak yon lòt konsepsyon politik .Se jwenn yon akò  rasanble tout sitwayen ki gen "peyi Kalvè" .Li deside rantre nan jwèt politik la paske li te konsidere l tankou se yon vrè patriyòt fè pitit peyi Kalvè renmen peyi Kalvè . Li te rantre nan yon dinamik demokrasi paske li te kwè demokrasi se batay ide goumen ak ide pou pwopoze tèm ou vizyon ou gen de peyi ou se vinn nasyonal .Konsa li vinn rasanble tout pitit "peyi Kalvè" .Li vinn gen anpil nouvo alye pou yo wè si yo te kapab retire "peyi rèv" bagay la te di men Molino deside kanpe pou li vinn premye rèsponsab peyi Kalvè aprè 10 lane ap goumen ap pwopoze ide li vinn premye rèsponsab onèt peyi Kalvè lè sa li te gen 35 lane .Aprè 2 mwa sèlman politik jeneral li etabli .Anpil moun nan popilasyon an te santi yo kontan paske tout gang yo kòmanse kondane gen anpil ki te mouri paske lEta peyi Kalvè kòmanse fò .Brigad nan chak katye , anpil lòt bagay kòmanse ap fèt .Aprè 5 lane  pèp la finn rale yon souf paske li gen lòt preyokipasyon li vle fè peyi Kalvè se yonn nan rèsponsab zòn kote li ye a .Konsa li pral mete yon politik ki fò se fè peyizan peyi Kalvè travay pou bay moun peyi Kalvè manje se konsa li te fè anpil bagay anpil men tout sa gen kèk moun peyi Kalvè ki pat santi yo kontan paske yo te santi yo te nan diktati paske peyi Kalvè pat gen gran libète .Chak jou moun ap travay pa gen tan pou moun ranse objektif Molino se pwomouvwa ekonomi peyi Kalvè .Men yon minorite pat vle sa men Molino pat pran Presyon .


Nou pral wè kòman Molino rèsponsab peyi Kalvè pral fè pou l ka fè peyi Kalvè premye destinasyon tout moun .


Chapit 5 


Pat gen moun ki te panse si peyi Kalvè tap kòmanse sou wout chanjeman.

Molino chanje tout pratik politik li chanje tout bagay li tap dirije an bon diktatè syantifik .Paske pou peyi Kalvè sou ray li oblije , tiye , mete nan prizon tout sa no pat vle peyi a mache.


Jan Molino te panse l la tout bagay ap mache , touris ap rantre peyi Kalvè vinn anlè .Tout moun se de li yap pale paske se te premye dirijan kite mete peyi Kalvè nan wotè sa.Aprè 50 lane kote Molino tap byen dirije li mouri kite peyi a ak tout pwisans li .Men pat gen moun vrèman ki te konnen mizè paske nouvèl jenerasyon an se te nan byen sèlman yo te ye .Vinn gen anpil pwoblèm pou dirije peyi Kalvè konsa .Razeli Pitit Molino vinn pran pouvwa a men sete gaspiyaj , pat gen okenn striksti se gagòt , korisyon , lanjan ap gaspiye , banbòch , ribanbèl peyi rèv ki te jalou de tout pwisans Molino te gen deside lage de viris nan peyi Kalvè paske Molino te frekan anpil pou l tr mete Peyi Kalvè nan nivo sa .


Aprè 7 lane tribilasyon peyi Kalvè vinn tounen menm Jan li te ye a .Paske konsepsyon nouvèl jenerasyon an pat men m yo te plis wè gaspiyaj paske yo pat konnen mizè sa esplike yon peyi devlope paske moun kap viv landan yo devlope.Yon peyi fèb paske moun ki ladanl yo fè menm si nou vinn gen yon dirijan ki fò ki mete peyi sou wout devlopman epi tout moun ap devlope yon ideoloji komin se lave men siye atè nan fè se sa tout moun nan nouvèl jenerasyon an tap di sa vle di Peyi Kalvè kondane pou l pa janm chanje . 


Men chak peyi toujou fè sa ak latwoublay men yo toujou leve peyi Kalvè te leve li tonbe ankò men jenerasyon kap monte a vle pran konsyans.


Pandan moman sa anpil pratik ap devlope , gen yon fenomèn yo rele zonbi ki gen rasin li nan peyi orijin tout moun peyi Kalvè paske majorite nan yo se la yo te soti .

Pratik sa te vrèman di pou moun peyi Kalvè .Jèn gason vinn ap mouri sou 2 jou , gen biznis ou pa ka fè yap voye wè w sa vle di yap rale lajan an tankou ou pap wè kote lajan sa ale .

Gen bokò men m ki konn al pran zonbi yo nan simityè nan men lòt moun men m si se pa yo men m ki te touye mò a sete yon bagay tèt chanje anpil bagay ap di sou yon pakèt ti gwoup ( zòbòp ) bizango , chanpyèl , lougawou .Men moun peyi Kalvè pat janm gen okenn konesans de pratik sa yo vrèman .

Yon jou Janfouka yon granmoun vini peyi Kalvè pou li rakonte moun yo yon listwa tankou se te fèt tèlman te gen moun ki te la .


Janfoukan te kòmanse konsa 

Sete yon lè yon bòkò ki te rele "Nèg pa jwe " misye te fò anpil nan bagay vodou a li ka rele tout dye li te vle ( agawou , agoye , bawon samedi , grann brijit , lenglesou elatrisye .) Espesyalite l se te fè gerizon , trete moun ede moun ki te nan bezwen men li te konn achete zonbi , vann zonbi pou yal travay nan jaden oubyen itilize yo tankou bouzen sa vle di al nan kafe .Pou chak lè yo pote kòb ba li .

Konsa repitasyon misye kòmanse ap monte peyi Kalvè men nan epòk sa te gen anpil ti bòkò ki tap monte , genyen ki te al achete lwa anpil kote jis pou yo te kapab wè kòman yo te kapab depase nèg pa jwe .


Nèg pa jwe vinn jwe sou inyorans Pèp la envante anpil bagay pou tout sal di nan domèn nan se sa ki pase .Konsa gen de bòkò nan peyi Kalvè ki vinn rayi misye se te Azili ak Deyivye nèg yo deside fè plizyè atak sou misye, men kòm misye angaje ak gwo lespri sa pat soukèl paske men m avan sa yo te gentan vinn avètil men sa ki gen pou rive l li te sèvi Èzila frada dayomè.Manzè se li men m ki tap pwoteje misye men misye te fè tout semèn nan ap travay fè lajan ap montre se li men m ki pi fò pat rèzève yon jou pou li men m.

Manzè jalouz anpil malgre li renmen misye li pral kite yo retire lavi fizik li sou tè sa pou li men m ka vinn jwenn li an lespri.

Nèg pa jwe te gen anpil don , li te konn jwe domino , damye elatriye.


Azili ak Deyivre deside tann yon lè lap jwe domino yo mete pwazon pou li nan yon boutèy men tout bagay te deja pwograme .Objèktif yo se te pran zonbi misye pou yo fèl travay pou yo ka gen lajan tou.Zonbifye yon moun se rezilta fistrasyon ak lè moun nan pa jwenn jistis li men lè w zonbi ou vinn tounen yon esklav ki depèsonalize , yo vinn ap travay men m jan esklav yo te konn fè nan tan lontan .Rete nan chan kann , bannan ap travay .


Misye pran pwazon an depi nan Dimanch li vinn mouri nan lòt Dimanch Aprè 8 jou tèlman misye te pwisan konsa 2 nèg ki te tiyel yo santi yo satisfè paske yo te anvi sa lontan , anpil nan lòt moun yo te vle misye tonbe paske misye te gen twòp puisans.


Nou pral wè ki dega ki pral rive lè nèg yo pral leve mò a.


Chapit 6 


Commentaires

Articles les plus consultés