Kòman yo leve yon moun kite mouri deja nan peyi Kalvè .Yon metamòfoz an 22 chapit ekri pa Boomba Libertaire


 Chapit 6 


Azili ak Deyivre te kontan anpil paske yo te pran misye  ki te rele " Nèg pa jwe " a .Tout moun peyi Kalvè te sezi paske potorik gason mistik sa te tonbe konsa , yon pati nan popilasyon an santi yo te rale yon souf.Chak kwe nan zòn peyi Kalvè se de sa yo tap pale .Men misye f 3 jou nan mòg nan moman vèy la anpil moun te prezan .Anpil gwo bòkò ak Ougan te la yo tap Bay doleyans yo chak tap di zonbi sa pral fè lajan .


Anpil moun tap jwe kat . Domino tap jwe , anpil kleren tap t bwè .Bò 2 zè nan maten konsa lapli te kòmanse tonbe men se nan men m moman sa Azili ak Deyivre vinn ap parèt paske fòk yo gen kontwòl mò a . Fòk yo vinn tande kisa tap di paske lanmò "Nèg pa jwe" se te yon mistè yo pat panse li tap tonbe konsa .

Bò 3 zè konsa anpil moun te kòmanse ale men Papa "Nèg pa jwe " Pat jwe ak moun men m ,se te yon gwo Save mistik sa vle di li te gen anpil konesans nan domèn nan .Li te konn manje anpil moun lè li te jèn gason. Depi lè pitit li mouri a yo pa janm wè l li sove se te yon katastwòf pou tout moun .


Nan Demen , Papa misye ki te rele Jozèf te vini tout moun te sezi li te deside al nan mòg la li men m ak 2 lòt pitit li pou yo al pran mò a .


Lè yo rive nan mòg la yo te getan finn prepare "Nèg pa jwe" Yo te byen benyen l , li te tankou yon moun kap dòmi misye pran pitit li li ale avèl yon kote pyès moun pat ka rantre se te Bò 11 zè yo tal pran l men se te Bò 2 zè yo ta pran l chante antèman misye .


Bò 1 è 50 yo konsa yo desann ak mò a nan bouk peyi Kalvè.

Se te yon tristès pou kèk moun men sete kè kontan pou anpil lòt moun paske misye te fè anpil ledmi nan peyi Kalvè .


Lè Misye rive li enstale mò a epi li ale , li te Bay yon lòt pitit li dwa pou li ouvri sèkèy la Bò 2 zè 45 pandan moun yo tap chante antèman an .


Selon se li menm , li te vle kreye yon divèsyon sa vle di fè tanzantan moun ap leve vinn gade je mò a .

Se konsa sa te pase konsa men pat gen yon moun ki te panse anpil dega ta pral fèt nan lasware.


Konsa Bò 5è nan Aprè midi yo al mennen mò a nan simityè a konsa te gen anpil moun ki tap swiv li de bouro yo te la sa vle di Azili ak Deyivre yo te vle gen kontwòl mò a ki te pou yo paske "Nèg pa jwe" pat  mouri vre se te yon mò sosyal sa vle di ou pap gen konsyans ou egziste .


Lè tout bagay fini Azili ak Deyivre al nan kay mò a pou yo konnen kisa yo panse .Papa nèg pa jwe ki te konnen se yon mò sosyal li te di moun yo nenpòt moun ki vinn pale avè nou di se "Bondye ki bay se Bondye ki pran " Se konsa tout kouzin , frè sè se te bagay sa yo tap repete .

Se konsa Azili ak Deyivre te ale lakay yo pou yo al prepare pou yo kapab pran "Nèg pa jwe".

Nan peyi Kalvè , depi yon moun mouri li mèt te jèn granmoun sa vle di gen 80 lane oubyen plis se tiye yo tiyel se sak fè depi Bò 8è nan lasware tout moun te getan rantre , paske tout moun getan konnen yo pral leve "Nèg pa jwe".


Konsa Bò 11 zè konsa .

Azili ak Deyivre gen tout materyèl pou leve mò a nan simityè a . Nan men yo te gen  4  bòl ki te fèt ak kalbas, kòd , yon boutèy , rigwaz ak pafen zonbi nan men yo .


Bò 11 zè 30 nèg yo rantre nan simityè a yo te konnen kote misye te tere a . Yo rantre San yo pa gen otorizasyon tankou sete nan jaden manman yo , yo tap rantre.

Azili di "Neg  pa jwe " li di sa twa 3 fwa li reponn wi . Konnya Diyivre al sere dèyè kavo a paske yo te pè "Neg  pa jwe" te gen anpil fòs .Azili wouze kavo a ak materyèl li avan li kraze kavo a , pou yo te kapab getan metrize l.

Rapide nèg yo kraze kavo a men se sèl travay sa nèg yo te vinn fè gen Kat 4 gwo bouro ki te la pou vinn pran mò a , yo te gen lòt sak ki gen gen zo mò , tèt ak bwa pou yo te kapab mete nan sèkèy Nèg pa jwe .Yo rale sèkey la Nèg pa jwe getan pran yon sèl kalòt li pete kouri nan simityè a.


Deblozay pete 

rapid gen 3 nan yo ki kouri dèyè l pou yo trouve l paske li poko finn zonbi nèt.


Lòt 3 yo rete ap  rebouche kavo a Aprè 45 minit yo fini kavo a men pwoblèm pou yo "Nèg pa jwe" al sere nan yon kavo yo pa janm  wè l men nèg yo te fè yon erè yo rantre nan simityè a San Bawon Samedi pat ba yo otorizasyon se konsa mò a te kondane pou li pat kapab soti epi nèg yo pat gen kontwòl li paske Azili ak Deyivre pat gen dwa rantre nan simityè a san yo pat peye .


Bò 2 zè bagay yo vinn konplike papa nèg pa jwe vinn rantre nan simityè a avan ki rantre li peye "Grann brijit" paske "Bawon Samedi" te soti konsa papa mande otorizasyon li peye vide Alkòl pou yo epi li rantre rapid li tande yon moun kap di Papa ! Papa ! Konsa se te Nèg pa jwe ki te rantre anba yon lwan kote Azili ak Deyivre epi lòt moun yo pat kapab wèl .Konsa papa a kòmanse fè bri tou pou lap di mistikman me zonbi a paske li te vle wè kiyès ki fè sa epi kòman li te kapab vanje pitit la konsa 6 nèg yo barèl nan simityè a .


Aprè 2 minit anpil espri leve nan simityè a paske te gen anpil bri lòt mò yo pat ka dòmi yo leve pou fè grèv pou moun yo kite yo dòmi paske gen nan yo ki tap dòmi lontan. Konsa 6 nèg yo vinn metamòfoze .4 tounen Chen Azili ak Deyivre tounen gwo lyon pou pran zonbi a.Men we Nèg pa jwe kite jwenn sipò paske mò yo te wè se yon mò parèy yo , yo te vinn chèche sete konsa tout mò nan simityè peyi Kalvè goumen ak nèg yo konsa 4 nan yo viktim 2 sèlman ki te rive soti tounen van pou yo te kapab sove .Se konsa Bò 3 zè nan peyi Kalvè ki te Jozèf rele "Ammyeyy vinn sove Mwen Mwen pran mò a" Li di sa plizyè fwa .Aprè plizyè minit kèk moun kòmanse leve li esplike moun yo kòman li pran mò a nan men nèg yo .Men li pa janm di yo se paske nèg yo pat peye Bawon Samedi ki te fè sa .Men moun peyi Kalvè te sezi Nèg pa jwe vinn tounen yon Dye pou moun yo paske li mouri epi li reve se konsa .

Nan maten bonè , rèsponsab peyi Kalvè mande Nèg pajwe dwe kite Vil la paske li pa gen batistè se ak desè li te genyen konsa nèg pa jwe ak tout papa l ak fanmiy lan te fè tout moun rèspekte yo .

Tout moun tap esplike fanmiy zanmi yo istwa sa Aprè anpil lane .Men se te yon gwo kout Raj pou Azili ki te kite vil la pou li al sere paske yo te akizel se li Men m ki te tiye nèg pa jwe epi rimè a tap kouri nan tout zòn peyi Kalvè .Deyivre vinn mouri Aprè 5 lane Paske mò yo te bat li anpil li pat kapab viv anpil tan .Men Aprè 20 lane tout bagay frèt Azili getan granmoun gen tout sal te vle se tire revanch .Papa Nèg pa jwe te gen 90 lane li te epuize .Konsa li deside vinn bay fanmiy pa jwe leson anpil dega mistik pral fèt .


Nou pral tande sa Azili pral fè ? 


Chapit 7


Commentaires

Articles les plus consultés