"Peyi Kalvè" Yon woman ki retrase reyalite lakay nou .3 chapit getan disponib


Istwa Peyi Kalvè ekri pa Boomba Libertaire , ekriven ayisyen .


Chapit 1


Istwa sa te kòmanse nan yon vilaj ki rele "Peyi Kalvè" kote fanmiy Amina ak Jozyè tap viv byen .

Amina te gen 20 lane epi jozye te gen 23 lane , Jozye te renmen amina anpil men yon n pat janm ka di lòt sa paske yonn te pè di lòt bagay konsa. 


Amina te gen yon konpòtman  si sonb sa vle di li pat janm nan afè moun li te yon moun apa . Li pat renmen soti sèlman li rete lakay li , siw ta anvi wè l ou pral lakay li .

Jozye menm li te gen yon kote tris , yon kote arogan jozye te yon gran lektè , li te konn li anpil selon sa moun yo di nan katye a.


Jozye pa wè lòt moun pou li renmen se Amina .

Jozye te gen menaj deja men Amina se fi ki te fè kèl bat pi fò nan moman an  .Li deside fè Amina apwòch la, li esplikel kijan l renmen l.


Amina pat pran koulè paske l te fenk kite ak yon ti  menaj li te gen nan sere .Li pat vle al rantre nan yon Nouvo relasyon ankò li te prefere rete li men m sèl pou l viv yon vi solitè .

Tout sa jozye fè pou l genyen Amina men san siksè Jozye deside bay amina vag paske li te santi l Bal Twòp enpòtans .



Amina pa renmen ak jozye e jozye menm pa sousa ankò. Gason renmen sa li wè , fanm renmen sa yap tande se sa Jozye tap di lè l finn pran echèk la . 

Se te konsa yo yonn pa janm pale ak lòt , pa gen menm bonjou ankò .5 lane pase  konsa , Amina te deside yon jou poze  jozye yon kesyon .


Jo  paske li te gen yon ti non jwèt konsa" Ou gen menaj konnya  ?  

Jozye ri li te reponn li "wi"

Amina te dil ah mwen pat konnen sa eskizem . Jozye ki te gen yon fòmasyon nan sikoloji li konprann Amina te vle fè yon kriz angwas li provoke l byen li di " peyi Kalvè chanje lontan wi konnya se timoun 2000 "kap mennen epi li ri li reponn vit 

Amina, Amina  se pa te vre  ! 


mwen poko gen mwen tap tann ou ,Amina fè yon ti souri nan kèl men jozye pat tèlman renmen Amina ankò paske li te gen yon lòt preyokipasyon pou timoun 2000 yo.

lè Amina te vle se pa lè sa jozye menm te vle nou ka konprann byen lanmou se tankou yon jwèt aza ou pa konnen kilè wap genyen e lè wap genyen an ou pap konnen.


Amina te vinn ap fou pou jozye Pandan jozye menm  se estil lap fè sou  li paske l tap fèl soufri lè li te vle a. Jozye men m tap pwofite lavi chak jou se al nan bidjonnèl ,rantre nan relasyon sèksyèl San prekosyon, gen fanm isi pa la . itilize timoun li konn ap di 2000 yo San danje.


Amina eseye voye ti mesaj pou  jozye men li  pat sousa. yon jou madi li deside al kay jozye , lè l te parèt li te jwenn jozye tap benyen , jozye dil antre lap vini , Amina te fè sa vre .

Lè li rantre nan chanm jozye a li pat jwenn chèz pou li chita  paske nan peyi kalvè  chanm gason pa gen chèz ,li oblije chita sou kabann nan ap tann li .


Lè jozye finn benyen li rantre andan an , Jozye di l kòman w ye Amina ?   


Amina te reponn li mwen byen wi e ou menm , mwen kontan wi pou tout sa wap fè m jozye .


Jozye te dil mwen pa konnen de kisa wap pale Amina dil mwen renmenw jozye tout kòm , tout sanm se pou ou , nou konnen jan gason ye li dil wi  mwen akseptew Amina . Depi lè sa a lobèy tonbe fèt men pral gen kriye apresa paske Jozye pat renmen Amina vre  e li pat mete kapòt paske l te touvèl pat enpòtan li fè sa plizyè fwa li pa janm gen anyen se sa li panse . Bagay renmen Amina   se may ki tap mete sete jis yon konkèt ?  

Nou pral tande kisa jozye pral dil lè li fini.





Chapit 2  Peyi Kalvè ( ekri pa Boomba Libertaire ) lèw finn li ti bout sa desann nan kòmantè a pou w li rès la.Mèsi 



Lè Jozye finn byen sèvi ak Amina li di se pat lanmou m te gen pou ou non ,men se te jis yon moman mwen te vle pase avèw .

Amina sezi oh oh  !!!  li tonbe , li endispoze , Jozye kouri al pran yon dlo glase li te gen nan frizè lakay li , li vide l sou tèt li peze zong li .Aprè yon ti tan Amina leve li tou wont li al lakay li .Li te tèlman renmen nèg la men m atansyon li pat fè li tap fè lanmou avèl .


Jozye kontan lè li finn byen enjoy ak Amina li di yon nouvo nan kaye m nan ankò.Li di map mandew renmen lontan wap fè estil Mwen vinn krazew Mwen pral brize kèw .San konprann epi li ri ahahhahh...


Amina li men m li tou wont li dil sal fè la li kite emosyon metel devan men tout sak fèt fèt nèt , se sa li te di. Li te deside nan demen al lopital paske li pat vle li ansent ni pran maladi li te yon moun ki reflechi anpil .


Lè li rive lopital la, li mande fè tout analiz medikal pou li , li fè konnen li gen yon sereng ki pikel san zatann li ta renmen konnen si moun nan te enfèkte pou l pa pran . Men se te yon manti li te bay Doktè yo.Doktè ki te la yo pran sa akè li te yon bèl dam byen kanpe e nou konnen jan Doktè nan peyi Kalvè renmen bèl moun .Yo dil tout bagay ap mache .Aprè 3 jou li wè Jozye ak 2 timoun ki ka fèt 2005 oubyen 2006 konsa , Jozye  salye l li pa reponn paske li te wont li .


Jozye di l ou getan finn granmoun se timoun 2000 kap mennen  , epi li ri , li vire dol li ale , chak moun tal fè wout yo .


Jozye al achete nan yon famasi ki rele "Famasi nan syèl"  lè li rive li mande pa gen pwovera , ak bon lwil kò Miss la reponn wi , Jozye peye yo. Yo mete l nan yon ti bwat pou li epi li ale.


Pandan li prale miss la di" ey, ey mesye " vini mwen palew li vini vre San fè robis.


Miss la di Mwen gen kapòt ou pap achte li di non Mwen gen deja , miss la di ah ok felisitasyon  paske nan " peyi Kalvè "ou ka pran anpil maladi wi , depi 1983 touris seksyèl yo rantre ak yon pakèt  maladi sitou  4 tèt la se raj lap fè wi.Jozye di miss la sa ki kat tèt la di .Miss la te reponn li " Sida"



Jozye di Miss la mèsi wi , map pran prekosyon .Lè misye rive deyò a li di Mwen nan ki afè kapòt Mwen te ye se vyann nan vyann , se voup voup ,paske timoun sa yo pap malade paske se timoun yo ye kote yo getan jwenn maladi sa miss la ap pale a.Misye di miss yo toujou ap radote.


Misye rive lakay li , li mete mizik ,anpil mizik rabòday , se bidjonnèl plezi ap gaye , se retire rad vide dlo sou lòt retire rad sou yo fè jwèt seksyèl se moun monte moun , moun sou moun , moun kwense moun , se welele , welele ya chante ,tout moun santi yo ap viv.


Bò 11 zè konsa , Jozye mande demwazèl yo pou yo ale paske li getan ta .Yo repete ansan m non se semèn nan nap baw paske se plezi nou vinn bay .Yo di Jozye ou pa janm tande atis yo " Kap di timoun 2000 yo pa gen limit .Enbyen se vre nou la pou yon semèn , eyyy misye kontan li di plezi pi rèd .


Nan demen Amina al lakay Jozye pou l di li tal lopital men sa doktè a dil .


Lè li rive li frape men andan kay la tèlman sal , li oblije al pale ak Amina deyò a konsa .Amina dil Doktè a dim li getan jwenn jèm VIH la nan san Mwen ,li pap atakem paske mwen bwè medikamen pou tiye jèm nan pou m pa fè Sida .Jozye te sezi li di Ahh ou ka pran l nan yon lòt moun .Amina di men non se ou men m sèl Mwen te fè bagay sa avèl .Demen fòk ou al lopital pou w konnen plis sou eta sante w .



Li di enbyen ok mèsi map fè sa .Jozye pran telefòn li rele papal ki te lòtbò dlo paske peyi Kalvè pa gen gran aktivite se sèl  politisyen nèg ak zam , dyaspora  ki gen kòb.


Konsa li esplike papal li pa gen anyen lakay la voye lajan pou li pou l fonksyone , konsa papa a fè sa vre paske se te sèl li Men m li te genyen se demach lap fè pou l fèl kite peyi Kalvè .Tande non  lajan an se te pou l pran plezi ak ti medam yo .


Papa a te voye 700 dola vèt pou li men ak kòb sa nan peyi Kalvè li ka fè anpil bagay .Konsa Jozye deside al pran kòb li ,li chanje 500  $  ladanl  li kite rès  200  $ a pou l ka fè chowòf.


Li deside rantre lakay li ak anpil manje , alkòl , nouvo grèf , tout saw konnen timoun yo ap renmen .


Lè li rive , li di ak yon fòs gen anpil lajan , anpil bagay Mwen pote bagay pou Mwen fè kè nou kontan paske nou merite sa .

Timoun yo kontan pòdjab yo pat gen twòp lespri , anplis sosyete nan peyi Kalvè gate yo . Yo te panse yap byen pase paske majorite nan atis yo se sa yo tap chante .


Se timoun 2000 yo kap mennen , lè ou tande 2000 la se 2001 , rive riska 2007 , jiska 2008 nèg yo te san pitye paske se misyon yo sa devye jenès la .Pou yo pa gen lòt preyokipasyon.Se sèl de plezi sèlman pou yap pale.


Jozye wè medam yo kontan li di yo " eske nou pa gen lòt zanmi nou ki ka vini paske konsa nap ka pran plis plezi  ?  gen lajan , gen manje  , gen sigarèt , gen byè , gen tout sa nou bezwen .


Gen yonn di rele Anita manman baz li te gen 17 lane konsa, li di wi wap jwenn kantite ou vle paske ou gen kòb epi se nou men m ki responsab yo, mache a ap byen fèt.

Konsa Anita manman baz rele anpil timoun parèy li , li di yo "gen bagay, wi "gen bagay "


Konsa pandan nan jounen an medam yo vini , yo te 10 konsa .Bon jozye kontan li pa wè kote pou l mete kòl, tout li Men m se depanse lajan. Li soti deyò a li voye rele kèk lòt zanmi l li jwenn 5 rapid nèg yo rantre yo tonbe ap chwazi timoun .



Gen yon ki di banm 3 gen ki di banm 2 gen yon lòt ki di banm tout , nèg yo ap ri , yo nan lajwa timoun yo ap bay plezi konsa nèg yo chak fonksyone ak timoun yo .

San kapòt , San anyen ti medam yo gen yon sèl bagay yo pa vle rive yo, yo pa vle ansent .Yo gen katon pwovera nan valiz yo ak lòt medikamen pou yo pa ansent .Chak lè yo finn fè sèks yo bwè epi lapè .San yo pa konnen konsekans ki gen aprè .


Kat ( 4) mwa pase Jozye santi kòl pa twòp byen li ale lopital .Lopital la te rele "lopital miss feyton" lè li rive , li  salye miss ki te la yo , yo akeyi l , li chita nan sal atant la .Li fè anpil tan paske nan peyi Kalvè pa gen anyen ki mache byen .Aprè plizyè tan yo resevwa l , yo fè tout analiz pou li .Yo te bal kèk ti medikamen men se randevou pou demen yo te ba li pou l te ka vinn pran rezilta analiz yo.



Men tout nwit la Jozye pat byen , li tap touse , li tap vwomi , li pase yon nwit ap monte Kalvè .


Nan demen maten , bò 11 zè li al pran rèzilta nan "lopital miss feyton" 


Miss Anèz renmen bo gason rele l li pale avèl mande l kòman lap viv , anpil kesyon men Jozye pat janm konnen sa miss Anèz ta pral dil aprè anpil dyalòg miss la dil li gen 


Yon viris nan san l ki rele VIH Jozye sezi men li panse ak sa Amina te dil la .Men li pat koute l men miss la dil se pa problèm ou ka gen VIH la nan san w,  wap viv byen viv kantite lane ou vle.


Jozye ap reflechi pou l wè ki kote li twouve maladi sa , kimoun ki bay li .Eskel te nan san l lontan  ?  


Li pat ka twouve anyen nan sibkonsyan l paske li pat janm renmen mete kapòt lè li ap fè sèks .Konsa Jozye te rive lakay li lap panse konbyen moun li bay maladi a deja .Rapid li al tounen jwenn miss lopital feyton pou li mande l .


Eske bagay sa pa gen trètman  ? 

Miss la esplike l nan gran peyi yo genyen l men pou peyi Kalvè se bwè medikaman pou w ka viv sante , mete kapòt lèw pral nan relasyon pou w pa pran lòt maladi ankò .Men siw neglije sa yo wap mouri .


Jozye te dil mèsi pou tout sa li dil yo , misye te fou ak raj li di pliske yon moun Bay Mwen l Mwen pral pataje l Bay plis moun .


Li di pliske Mwen enfèkte ti jenerasyon sa yo rele "Timoun 2000 yo" Mwen pral plis pataje maladi avè yo paske , yo getan lave sèvo yo , yo pa renmen mete kapòt , yo pa gen bon konprann , yo pa fè atansyon Mwen pral simaye maladi a ba yo e gen yon sèl fason map ka fè sa nan peyi Kalvè .Tobino ki se yon gran atis nan peyi Kalvè pou fè pwomosyon pou timoun sa yo konsa map jwenn plis Mwen gen posibilite ak lajan map bay maladi a paske yo tout vle alamòd .


Nou pral wè kòman Jozye pral simaye maladi a sou timoun yo nan peyi Kalvè  ?  


Chapit 3




Jozye konnen l enfektè li pral itilize yon mwayen pou l bay maladi a .


Sib li se fè pwomosyon pou jèn timoun yo fè yo pa wè reyalite a klè, se montre yo chemen pou yo vinn pran lajan San travay .


Jan Jozye te panse l la se konsa sa fèt , timoun tonbe sou li , l ap simaye lajan lap simaye maladi .Slogan li aprè chak rapò seksyèl se te " Tout moun jwenn " 


Yon lane pase se konsa , 2 lane pase se konsa moun peyi Kalvè ap enfekte chak jou moun plizyè moun lopital .Se chak lè tès yo ap pozitiv , se pa sèl VIH yo pran men anpil lòt maladi tankou Blenoraji , Sifilis , Klamidya ak anpil lòt ankò se te yon katastwòp nan peyi Kalvè .


Jozye pa deside poze men li santi misyon l preske akonpli li deside al rete nan yon lòt zòn ki rele "fè wouj " .

Paske l te santi twòp moun pran maladi a nan  peyi Kalvè se pa lapenn pou li rete.


Avan li ale li vann tout sa li te genyen tout moun nan katye a te sezi pou yo wè jan Boss peyi Kalvè ap kite l San rezon .


Tout moun ap di sa yo panse men anpil enfimyè te konnen bagay la pa etik  pou pwofesyon an yonn pat pale de sa .Men yo te pè paske Jozye te di yo jou sa ta nan lari lap fè tiye tout .Yo chak te kenbe sekwè yo pou yo.


Lè Jozye finn ale , aprè 2 semèn anpil koze ap repete li te malad, li pat viv sante , tout moun ki te konn rantre nan relasyon avèl te kouri al fè tès pou yo te verifye eta sante Yo .

Men m lè anpil te  getan konnen yo malade men anpil pat konnen kisa vrèman ki VIH la , se aprè anpil konferans sou tèm nan timoun yo vinn konnen sa ki vrèman maladi a .


Anpil nan yo santi yo dezole , anpil di yo prale lòt kote pou yo ka Bay li .Gen anpil ki rive tiye tèt yo paske anpil moun nan  peyi Kalvè tap joure yo , kòman yo pa rèspèkte tèt yo .Kòman se pou enfliyans ak lajan yo mete lavi yo nan eta sa .


Aprè 5 lane Peyi Kalvè tankou yon peyi yo lage yon epidemi  anpil moun malad, anpil moun ap mouri paske yo refize swiv trètman anpil nan yo deside kite zòn nan pou al viv lòt kote .Anpil nan jèn yo ap regrèt yo te konn swiv atis , swiv patwon , swiv nèg ki gen lajan kap enfliyanse yo rantre nan bagay ki pa nòmal pou lajan .Se te konsa Jozye detwi yon jenès ki te renmen bèl bagay , ki pa tap viv selon sa yo genyen , kite vle rive vit . Kite gen modèl atis kap chante , kap danse toutouni ak anpil lòt ki tap repete gagòt chak jou nan radyo ak nan televizyon.


Jozye men m li gen lajan lap swiv trètman , li pral kite peyi a paske se te rèv papa a men te gen konplikasyon pou li te ale paske l te malade " nan peyi rèv " se konsa yo te rele peyi kote papal te ye a . Aprè anpil mache , anpil demand men a kondisyon popilasyon peyi rèv dwe konnen li malade .Jozye pat gen pwoblèm paske li te santi l alèz ak maladi a plis li pat neglije pran medikamen yo .


Jozye rive nan "peyi rèv" Aprè plizyè ane li deside temwaye tout sa li fè , kòman li peye Atis ak lòt moun ki kenbe sèvo jenès la pou l kapab pataje maladi a .Ak tout lòt obsesyon li te genyen . Li mande padon paske kraze vi anpil timoun  .Li te eksplike kòman li te detwi tout yon jenès  ki tap monte ki te gen bèl ide .


Li regrèt tout krim li te fè malgre li di tout sa yo men li pat santi l soulaje paske l te santi plizyè kadav sou konsyans li .Kòm konsyans se sèl jij li kite deside jije l se konsa Jozye vinn pa rekonèt pyès moun .Li vinn yon malad mental ki gen konviksyon pou l tiye tèt li .Aprè anpil medikaman Sikrat yo te bal men li pat janm ka geri soufrans li te genyen se konsa yon maten yo jwenn Jozye mouri nan sant la .


Yo rele papa l , yo fè papa a konnen sa , papa a vinn pran l .Konsa yo tere l " peyi rèv" se konsa Jozye detwi tèt li li detwi timoun ki tap monte nan nouvèl jenerasyon an  . Papa a ekri Amina men li te kòmanse ap granmoun . Li tap kriye anpil paske l te konnen Jozye te malad men li pat panse l te ka fou jis pou l mouri a 38 lane .Se te yon gwo kou pou moun peyi Kalvè men m lè misye te fè anpil mal sa pat enpeche yo fè bèl vèy ak bèl antèman pou li .


Papa Jozye deside rele Amina ankò fè  li konnen li pra l rantre peyi Kalvè nou pral tande ki sa misye pral fè tou ?  



Chapit 4


Commentaires

Articles les plus consultés