Kèk estrateji manipilasyon Elit Ekonomik Ayisyèn nan itilize pou manipile mas Pèp la .Ouvri jè w ou men m kap fè lekti sou blog nou an .

 Kèk estrateji manipilasyon Elit Ekonomik Ayisyèn nan itilize pou manipile mas Pèp la .Ouvri jè w ou men m kap fè lekti sou blog nou an .



Rezime Tèks la 

Nan ti Tèks sa a nou pral  li  la nou gen pou nou li estrateji distraksyon Elit la itilize , nap pase pa estrateji degradasyon epi tou nap gen pou nou wè pouki rezon yo mete piblik la nan inyorans ak medyokrite .Plis ou pa konn li ou pa konn ekri , ou pa konn konte Elit sosyo-ekonomik politik  la pi kontan .


Pa Boomba Libertaire



Estrateji distraksyon


Se yonn nan eleman ki pi enpòtan pou yo manipile mas Pèp la .Yo konnen nou se yon Pèp ki renmen plezi se sak fè yo plis finanse Rabòday. Yo pa finanse ledikasyon ,yo plis finanse tout sa kap oryante mas Pèp la nan labou .Konsa yo plis kontan .Noam Chomsky ki se yon entèlèk  Ameriken li di :


Distrè yon Pèp se yon kontwòl sosyal , sa ap pèmèt ou detounen panse yo gen sou bagay ki pi enpòtan yo .


Se sak fè se Elit politik la ak ekonomik la ki gen kontwòl tout medya yo pou fè pase mesaj yo. Se sak fè siw remake byen enfòmasyon yo toujou chòk, jis pou yo jwe sou emosyon w depi yo getan jwe sou li yo akonpli misyon yo. Se sak fè yo bonbade w ak yon pakèt enfòmasyon ki pa itil jis pou w pa janm gen bon sans ou pou w revòlte  .


Yo itilize tou yon estrateji ki rele Divèsyon .


Estrateji sa endispansab pou enpeche mas Pèp la enterese yo nan zafè konesans ki esansyèl .Tankou Lasyans , Ekonomi , Sikoloji aplike , Nerobiyoloji , Sibènetik,Matematik , elatriye.


Misyon yo genyen se gade atansyon popilasyon Ayisyèn nan distrè , lwen veritab pwoblèm sosyal nou gen yo .


Yo kapte jenès la ak <<Rabòday>> epi fè yo fè diskisyon  antre yo ,nan bagay ki san sans san enpòtans tankou ( Inivèsite entèl pi gran pase entèl , tèl lekòl pa rekonèt , sila pa gen lisans elatriye)


Objektif yo se gade Piblik la okipe , okipe , okipe . Misyon ideyal yo se pa jwenn mwayen menm pou w reflechi ni panse jis pou w poze yon aksyon sosyal ki ka pèmèt lòt moun revòlte.



 Sa Elit la fè ankò se kreye pwoblèm epi pote yon solisyon rapid . Ah pafwa ou pa konn sou men w ! 


Metòd sa rele toujou selon Chomsky ( Pwoblèm , reyaksyon-solisyon ) 


Yo Kreye pwoblèm nan avan epi yo vini ak solisyon an aprè .Lè konsa yo chèche reyaksyon piblik la pou yo ka mande yo sa yo vle a , jis pou yo fè yo aksèpte sitiyasyon an jan yo te mete l sou plas la.


Tankou yo fè ekspre kite vyolans , kidnapping ap fèt nan Vil yo , pran dosye kouvri dosye , kite kriminèl ap mache san yo pa nan prizon .Se jis pou Pèp la di pa gen lavi ankò nan peyi a ensekirite ap taye banda ban nou sekirite nou pap viv ankò .Konsa yo kòmanse vinn ba ou sekirite men misyon an se toujou mete w nan menm kondisyon an pou ou pa ka revòlte.


Pafwa yo Kreye yon kriz ekonomik , jis pou w pa wè epi konprann sa kap pase yo .Ou pral di bon si se konsa map pran mal mwen ak pasyans epi tou se yo kap dirije .<<ou kwè bagay yo renmen sa >> Jis pou w pa ka revandike dwa sosyal ou.



Estrateji degradasyon



Pou yo fè ou aksèpte yon bagay ki pa bon kisa yo fè? yo jis pratike saw pa vle a chak fwa . Bò lane 70, 80 , 90 yo  yo kòmanse ap etabli baz sosyo-ekonomik moun.

Nou ka di tou neyolibelism Ayisyen an kòmanse ap taye Banda ti kal pa ti kal .Konsa nou wè parèt : Chomaj masif , Chomaj degize ( ekspresyon Kèk etidyan dekouraje) prekarite ekonomik , ti kòb yo ap peye moun nan pak endistriyèl yo pa menm ka fè yon semèn . Salè minimum kochon .

Kèk chanjman ki  si yo te fèt rapid te ka revolisyone peyi a. Men yo gen estrateji pou yo fèw aksèpte yo dousman .  Louvri Jew !






"Estrateji difere "


Yon fason pou yo fèw  aksepte yon pratik ki pa popilè se prezante l << ak tristès men li nesesè>> 

Li pi fasil pou w aksèpte yon desizyon nan fiti , tan pou w aksèpte l konnya. Se sak fè lè gen eleksyon yo makiye yon kandida ak pwomès pou vinn lave tèt mas la paske mas Pèp la renmen pwomès .




 Estrateji pou w adrese ak Piblik la tankou yo se timoun piti ki gen 9 lane.




Anpil piblisite nap wè ki adrese pou gran piblik la  , yo toujou itilize yon diskou , yon agiman , yon pèsonaj ki gen fason timoun piti se pa pousa rezon Bicha , Atis panch , Tony Mix elatriye .Tankou moun kap gade piblisite yo se timoun piti yo ye . Poukisa yo fèl konsa jis lèw adrese w ak yon moun tankou li te yon timoun piti sa fè li pa devlope okenn sans kritik sa l pral di yo pap gen sans.





Yo fè Apèl ak emosyon olye yo fè Apèl ak refleksyon w.


Poukisa yo fèl sa konsa? 



Fè Apèl ak emosyon yon moun se yon teknik klasik , se yon gwo wout pou w fè moun nan aksèpte yon bagay pi rapid. Yo fè sa se jis pou w pa devlope sans kritik ou ni fè bon analiz rasyonèl.



Yo itilize emosyon ou jis pou yo enplante lide, laperèz , konpòtman , dezi , yo vle a nan enkonsyan ou .Se pou nou pridan lè yon mesaj gen  emosyon ladan l.





Mete mas Pèp la nan inyorans epi fè yo goumen antre yo chak jou.




Prensip la Klè tankou dlo kokoye se pa kite mas pèp la konnen anyen menm sa pou yo konnen an devye yo pa kite yo konnen anyen nan syans moun ni teknoloji.Nap mete yo nan yon fòm esklavaj  .Pa kite yo konnen tou si nou itilize Kèk metòd pou nou ka kontwole yo pou yo toujou rete nan esklavaj.



Kalite lEdikasyon yo Bay klas popilè a dwe pi ba pase klas ki enferyè a konsa yo pap  janm ka revòlte. Yo jije yon moun se nan kantite ledikasyon ou resevwa .Louvri je nou ! 





Enkouraje mas pèp la kontan nan medyokrite nan fatra , nan salte nan povrete , grangou , konsa yo pap ka reflechi byn yo pral reflechi sèlman pou yo manje.



Enkouraje piblik la pou li rete cool se yon fyète pou nou paskè l bèt , ap joure sou moun , pase mizik san sans sou lòt pa kite yo aplike sa yo aprann yo ba yo lekòl 100 vitès eskolè.





Ranplase Revòl pa se ou menm ki lakoz ou konsa .


Elit la fè tout bagay se ou menm sèl ki responsab malè ou paske ou pa al lekòl , ou pa gen entèlijans , 

ou pa fè efò .Se sak fè olye pou nou revòlte kont sistèm ekonomik sa .Nou evalye tèt nou ak tout fatra yo mete nan tèt nou yo .Nou di se vre! se nou menm ki lakòz poutan sistèm nan te getan programe pou w panse saw panse a. Se sak fè mas pèp la vinn depresif e depi w depresif ou vinn mare lespri w e depi lespri w mare ou pap ka fè aksyon ,san aksyon pa gen revolisyon . Louvri je nou ! 




Yo Konnen moun yo plis yo konnen tèt yo 



Nou ka konprann lè yo di nou bon lekòl , lekòl bòlèt ,ti inivèsite sa vle di se yo menm kap fè lekòl se yo menm ki gen liv  , se yo menm ki gen kontwòl tèt nou.

Se sak fè gras ak biyoloji , nerobiyoloji , ak sikoloji aplike yo rive gen yon gran konesans de nou menm . Se sak fè pitit yo pa janm etidye nan peyi a , sa ki la yo se nan etablisman espesyalize yo ye lwen mas la.


Sistèm nan vinn konnen moun yo plis moun yo konnen tèt yo sa vinn fè yo vinn kontwole moun yo tan moun yo kontwole tèt yo. Se sa ki fè yo gen plis pouvwa sou ou tan ou menm ou gen pouvwa sou tèt ou .


Siw te renmen atik la Monte anlè blog la pou w sipòte nou mèsi lektè.

Sipòte nou 39989718


Commentaires

Articles les plus consultés