Vizyon pou lajistis By Boomba Libertaire

Pwogram sekirite 1- 


Pwoteje Ayisyen yo epi favorize lapè nan peyi a.

  Mete an plas pèn tranche pou tout krim ak deli .

 Retabli pèn lanmò pou tout endividi ki tiye yon lòt si w tiye wap gen menm sò a tou. Pa gen afè pèpetite se menm sò a ,konsa ak gen mwens krim siw konnen sak rezève pou ou .Gen yon prensip senp nan kriminoloji  ki si  : <<moun kap tiye a gen yon sè l bagay li pè sèl pou lavi l>>.

Pinisyon grav pour tout vyolans fizik , seksyèl ak sikolojik sou nenpòt fòm .. 


Kreye yon zile pou ti delekan yo pou nou ka refè ledikasyon yo avan yo retounen nan sosyete a . 

 Fè Viktwa sou kriminèl yo ak delenkan yo .

 Kreye yon fòs nasyonal K-GH ( se yon fòs kap rekrite etidyan li soti nan sikoloji , sosyoloji , travay sosyal an gwo moun syans moun yo) ki ap gen ladan l Polis syantifik pou nou konbat tout sak mal kap pase nan sosyete a. 

 K- GH ap la pou demantele rezo , fè yo wè peyi a yon lòt jan . L ap gen pou misyon tou Fè plizyè kò pou defann enterè nasyon an ."K-GH vle di <<Kò Gwoup Ayisyen>> Defann peyi a , fè moun kap viv ladan l renmen l .

 Ranfòse pouvwa majistra yo nan komin yo paske se yo men m ki gen vrèman kontwòl peyi a. Se sak fè pou  w vinn majistra ou dwe yon moun ki konnen teritwa nasyonal la pi byen.

 Paran ki gen timoun ki delenkan yo ap parèt devan lajistis pou eksplike kòman pitit li a fè konsa kijan de ledikasyon li jwenn lakay la avan nou sanksyone tout fanmiy lan ak delenkan an. Sa vle di paran tout timoun gen devwa pou ba yo yon bon ledikasyon epi lekòl la ap la pou fè rès travay la .

 Soutni Polis Nasyonal la . 

 Nap priyorize defans lejitim pou tout polisye ki agrese .Si li agrese li dwe defann li pi di pase agresè a, nan sans sa pap gen ni dwa moun ni dwadlomis. 

 Ogmante salè polisye yo fè yo viv de pwofesyon  yo .Yon polisye pa gen dwa jalou de yon lòt moun lap gen tout sa l bezwen paske se li kap pwoteje ak sèvi.Men si yon polisye trayi misyon l gen vrèman ki se Pwoteje epi sevi lap pran sanksyon ki pi rèd la paske li se yon egzanp. Kreye yon veritab penitansye pwòp pou retabli lòd , prensip ak disiplin nan prizon yo , paske fòk prizonye yo travay. 

 Ankouraje tout prizonye yo aprann yon metye pandan yo nan prizon an konsa yo ap ka ede peyi a. 

Boomba Libertaire 
 

Commentaires

Articles les plus consultés