Ki vizaj Bondye genyen .

 Ayiti pral disparèt  


Sa pa sekrè pou pèsòn paske se pa premye fwa yon peyi pral tonbe nan tou.

Mwen pran anpil tan pou mwen di sa  e se aprè anpil refleksyon ,peyi a pral vide nan tou si nou pa mete tèt nou ansanm. Anverite  di sa se tankou mwen pran yon gwo angajman politik paske sa pap janm rive fèt men li pa enposib.Yon paradòks menm Rieman pa konprann


Yon kandida ki  pral parèt nan eleksyon gen pou fèt la yo dwe pwopoze yon pwojè ki  bon pou l Rasanble tout moun nan peyi a, paske pa gen moun ki ini nan peyi a .


Sa ki fèm di sa se paske mwen wè desizyon responsab yo ap pran nan peyi a pa bon men m pou sitwayen k ap viv ladan l .

Ayiti pa bon menm nan moman sa , bagay yo vinn pi mal , se goumen kout chèz chak jou map gade Depite ap goumen ak Depite,  Senatè ap goumen ak Sénatè , map viv nan yon peyi Chen manje Chen . Yon peyi kote moun pa rèspèkte moun , se sak fèm di peyi a gen anpil defi pou li leve .


Sa pa sekrè pou mwen di Ayiti te konn Bay anpil lòt peyi manje . Ayiti te gen anpil resous  .Pat gen okenn peyi ki te ka bat nou sou plan ekonomik .

Men konnya nou pa reprezante anyen , pa gen pèp ki rèspèkte nou men m sa nou te konn bay manje , a la engra yo engra.


Gen anpil lòt pwisans k ap kokobe nou k ap toufe nou , piye richès nou yo .

Depi ou wè  òganizasyon yo vini Ayiti se pou enterè yo , gade yo byen pou ou wè lè yo vini.

Depi lontan pèp ayisyen  ap fè yon pakèt  Chwa politik tèt anba ,pi gwo leson mwen tire nan politik  peyi sa , se manti Chak lè anyen pa janm fèt vre .


Laveni Chak grenn Jèn nan peyi sila se ak katouch yo toujou fini , pi gwo rèv anpil  Jèn  konnya se kenbe yon zam pou yo fè krim nan sans sa( S.Freud gen rezon pèp Ayisyen an anime pa yon pilsyon lanmò ) oubyen kite peyi a pou yo al viv lòt kote.


Ayiti ansyen an disparèt depi 1820 . Pa gen yon Ayiti Nouvo k ap monte se toujou dezòd , Gagòt k ap fèt Chak jou nan peyi a.

Eske se monn nan  n ap  kite deside nan plas nou  ? 

oubyen eske se nou men m k ap deside nan plas monn nan ? 

Si de kesyon sa yo pa Reponn nou ka Chwazi rete mèt desten nou .

Mwen kwè nan Ayiti . Mwen kwè nan Jèn ki Ladan l yo . Mwen pa kwè nan listwa li a  paske se mensonj , fiksyon sèlman , nou pa janm konnen vrè Istwa a vre .Si nou te konnen l vrèman se pa konsa nou tap aji .Nou tap fè prèv yon bèl e gran nasyon.


Ayiti se yon nasyon ki fò , ki ka reklame identite l tout kote li pase .Nou gen yon bèl listwa men nou pa konnen vrèman . Men sa pa ka enpeche li  jwe yon wòl primòdyal.

Ayiti toujou rete yon peyi lib , souveren , nou pa esklav fisik ankò , konnya Se nan mental nou mare.Fòk nou goumen pou nou retire l paske lap bon pou nou.


Ayiti pedi tout  valèl li te genyen .Li  pèdi otorite li  te genyen .Li pèdi tout mòd  vi li te genyen .


Men gen plizyè mwayen nou ka retrouve tout sa nou pèdi yo .Nou dwe rekonstwi peyi a .Redefini , reyenvante  modèl politik nou yo.


Ayiti pa  vle sibi ankò . Ayiti vle fò , fò pou l fè fas ak desten li. Fò pou li aji pou l pèse  .Fò pou li bay jenès li a  yon chans . Fò  pou nou konbat tout moun k ap fè ( Koripsyon) Fò pou tout moun kap chèche lajistis trouve jistis.


Fò pou Chak grenn moun viv alèz.  Fò pou tout sitwayen mete tèt yo ansanm pou nou fòme yon bèl nasyon menm Jan zanzèt nou yo te fèl la .

Mwen konnen sa ap posib e mwen vle konvenk nou , paske men m lè yo pa kwè nan nou lajenès ap toujou devan.



Viv kouraj tout Ayisyen nan moman difisil sa yo . Viv grandè tout Ero nou yo ki te sakrifye lavi yo pou nou .

  viv Rebiblik la , viv lajenès , Viv Ayiti.


Jean Louis Butherly 

Médecin Ayisyen . 509 39989718

Commentaires

Articles les plus consultés