Pwojè sosyete by Jean Louis Butherly
Nan moman kriz sila ,mwen pote pou nou yon
pwojè Sosyete kap ede tout responsab peyi a pou yo ka pran bon desizyon pou
chanje eskanp figi Ayiti.
Pwojè Sosyete [1]
« Yon Ayiti ki pwoteje
epi kap libere enèji «
Pwojè pou Ayiti ,
solisyon pou peyi a chanje nan yon ti kras tan ankò.
Yon pwojè kap reponn ak
tout egzijans Popilasyon an .
Nap kòmanse, pou nou di LEta se yon espas
ki delimite , li se yon kolèktivite sa vle di, yon gwoup moun ki etabli sa vle
di ankò tout moun dwe viv ansanm ,li gen
yon pakèt règ òganizasyon ak enstitisyon
ki fòmè yon ansanm men yo pa toujou mache nan yon chemen ki dwat , ni yon liy
ki dwat tou.
Vizaj LEta sa yo prezante tankou yon kouto debò .Si gen yon litij nan zafè lEta ak tout sa ki
bon pap janm ka mache byen se sak fè n ap pwopoze , kèk terapi ak kèk koreksyon
pou nou wè si nou kapab refè lEta peyi nou an .Si nou kapab refè vizaj jenès la
pou yo tout genyen yon vizyon ki sanble
ak kèk aspirasyon inivèsèl.
1-Sa nap pwopoze ,se pou Ayiti soti nan
baraj lengistik sa a, ki enpeche peyi a mache byen nan tèm akademik .Se pou
tout lekòl yo anseye tout elèv yo nan lang matènèl yo ( yon lang matènèl se yon
lang anviwònman , lang fanmiy ou yon
lang ou pa bezwen al lekòl pou w pale lang sa ) epi se pou tout sa kap fèt nan
peyi a fèt nan lang Kreyòl la , pou sa fèt se pou tout enstans ki konsène yo (
A.K.A , kise Akademi Kreyòl Ayisyen , kòmanse fè tradiksyon anpil liv men pou
sa
fèt fòk genyen yon konsyans pataje se pou gen anpil lajan ki depanse , men moun
ki pral bay lajan pou fè sa pa genyen anyen yo pral defann ak lang Kreyòl la , paske yap toujou bezwen lang
kolon yo pou yo toujou kenbe konsyans pèp la.
2-
Anseye lang Kreyòl la nan tout
peyi a , sa vle di nan tout komin yo , montre yo kòman pou yo defann lang la ,
kòman pou yo fè pwomosyon pou lang la .Lang Kreyòl la dwe yon priyorite Politik
pou nou paske sa ap fè nou tout ansanm tounen nan rasin nou tankou yon pwovèb
popilè renmen dil « inyore lang pèp la se tankou ,bliye kilti pèp la , se
tankou pa konsidere w Kòm pèp »
3-
Se pou chak Ayisyen renmen
Ayiti , se pou nou tout mete tèt nou
ansanm pou nou chanje peyi a, e si nou fè sa pap gen nasyon kap kapab kanpe
anfas nou paske nan linyon tout pwogrè fèt si nou te ini nou pou nou fè 1804
nou ka toujou refèl ankò.
4-
Mete sou pye yon rejim
prezidansyèl sa vle di vini avèk yon vis-Prezidan epi retire zafè premye minis la.
5-Mete sou pye yon paleman monokameral sa vle di , retire
Sena a ranplasel pa yon chanb konsiltativ sa vle di yon kote (tout kouch sosyal yo reyini )nouvo tankou ansyen
yo ap chita pou pwopoze lòt altènativ pou peyi a.
6-
Mete sou pye yon veritab Eta
dwa nan peyi a sa vle di ,revizite estati
majistra yo ak tout pèsonèl jidisyè yo. Se pou moun ki responsab jistis
yo vinn pi moun, se pou yo vinn pi serye nan desizyon yo , se pou genyen yon karaktè moun nan jistis
ayisyèn nan , se pou nou pwoteje
anviwònman kote prizonye yo ye yo Paske yap viv kote Chen pap rete . Pwoteje
laprès peyi a nou bouke wè jounalis kap mouri pou pozisyon politik yo , nou
bouke tande lanmò entèl ak entèl .Pwoteje tout bon asosiyasyon kap defann dwa
moun nan peyi a.
7-
Fè moun yo gen konsyans nan
eleksyon lib epi demokratik .Se pou nou fè Pèp la gen konfyans nan eleksyon kap
fèt nan peyi a , eleksyon dwe fèt lib tout moun dwe al vote se yon devwa
sitwayen , se pou bilten yo inik , epi manda Prezidan an dwe renouvle kantite
fwa si lap byen travay.
Dezyèm
pwen4
Yon Politik ki gen fòs, pou nou envèsti nan
rekonstriksyon peyi a.
1-Ak lajan ki nan bwat lEta yo nou dwe
dispoze 500 MW elektrisite chak lane , kontra sa ap finanse ak anpil patenè
piblik _ piblik ( P-P) ak piblik-
privè.(P-P)
2- Konstwi
plis santral elektrik nan peyi a, sa vle di mete anplas anpil dizèn mega
oubyen ti santral elektrik pou tout moun gen enèji lakay yo sa ap pèmèt LEta
achete eneji sa yo nan yon pri abòdab pou tout Popilasyon an ka jwenn . Konsa
anpil moun ap rale souf , Paske koze enèji a fè anpil dega nan peyi a , li koze
anpil lanmò . Men peyi a pa ka rete konsa si Ayiti vinn peyi ki pi pòv nan monn
nan [2]se
rèsponsab politik nou yo ki lakoz.
3-Nou dwe envèsti nan enèji vèt , se sak
fè solèy la ap enpòtan pou nou paske gen zòn ki pap ka jwenn enèji nasyonal la
, Fòk nou konprann sa men nap priyorize
santral pano solèy pou
4 Ibidhttp://stillboomba.blogspot.com
yo Paske yo tout moun se moun si bon dlo
ap kouri anwo , li dwe koule byen pou sa ki anba tou.
4-
Nou ka pwodui 500.000m3 dlo
chak lane ,nap kòmanse mete yon mega estasyon dlo nan chak rejyon , yon mini
santral nan chak depatman ,epi yon ti santral nan chak arondisman yo .Pou tout
bagay sa yo posib nap bezwen 100 milya goud sèlman rès kap rete nap remèt yo
nan kès lEta paske lajan leta se pou leta.
5-
Nou kapab fè 1000 km wout chak
lane paske nou ka di gen anviwon 1000 km pou moman an ,objektif la se mete nan
chak komin yo an woutye nasyonal sa vle
di relye tout wout yo ansanm sa ap pèmèt pwodiksyon agrikòl la mache , (nou ka fè plis manje paske ap gen bon wout
trafik machandiz yo ap fèt pi byen) nap
soti tou nan sistèm akayik sa nou ye la nan antikite tadiv .Fè gwo esplwa sa ap pèmèt entistriyèl yo byen fonksyone
tou.
6-Nou ka konstwi yon izin kap kraze ròch nan chak depatman nan
peyi a.
7-Amenaje zòn andeyo yo,nou ka rezève 250
km wout nan 1000 km nou gen chak lane a paske repiblik la pa pou pèsòn li se
pou nou tout , nou tout gen menm dwa .Nenpòt kote ou ye depi ou vini sou sòl la
ou lib se nan optik sa tout moun ap jwi menm privilèj leta bay.
8- Nou kapab konstwi yon chemin fè , sa ap
byen senp mwen pral esplike nou,nou ka konstwi chemin fè a nan yon mezi ki pral
3500 km ( 1750 km X 2 ) sa vle di lap fèt an 2
epi lap laj nan yon mezi ki pral ( 1.30 m) ant Okap ak Pòtoprens epi 480
km ( 240 X 2 vwa soti wanament pou rive Okap . Konsa nap sou wout devlopman
tout gran peyi genyen yo poukisa nou menm nou pa ka genyen yo , nou se yon gran
peyi ki te konn okipe anpil lòt peyi nan monn nan , nou ede anpil nan yo pran
endepandans yo tou.[3]
9 - Nou kapab konstwi gwo batiman
agwo-endistriyèl pou nou konsève pwodiksyon nasyonal yo , yon pati nan bidjè leta a ap finanse
enfrastrikti sa yo epi sèktè prive ak lòt moun ki nan dyaspora Ayisyèn nan ap
mobilize tou.
10-Nou kapab konstwi epi
rekonstwi kèk batiman piblik tankou ( lekòl , lopital, agrikòl elatriye)
Yon kouvèti swen lasante pou tout moun nan
peyi a.[4]
1-Tout Ayisyen dwe gen kat asirans maladi
epi kreye yon kès asirans maladi .Fòk gen lwa ki di kat asirans maladi dwe obligatwa nan
peyi a epi tout moun kap frekante espas piblik yo dwe gen yon
kat asirans.
2- Nou kapab kreye yon anviwònman ki bon pou tout moun jwenn swen
lasante nap bezwen 400 milya sèlman nan bidjè a pou nou bay Ayiti yon kòd sante
piblik epi ap gen yon lwa sou biyoetik .Nou kapab rekrite 500 enfimyè ak
paramediko pandan 5 lane epi fòme 300
medsen espesyalis nan peyi a oubyen nan lòt peyi etranje .
Nap bezwen 30 Ki gen espesyalite diferan
tankou nan nerochiriji , grèf ògann chiriji plastik , reparatris , chiriji
kadyak , chiriji konvansyonèl , jenetik , kansewoloji elatriye)[5]
3- Rewòganize epi restriktiye sistem sante nou an.
Nou kapab siyen yon konvansyon kap pèmèt
tout pèsonèl nan sante yo travay ansanm piblik tankou prive se pou nou kreye
otorite pou medsin tradisyonèl la tou ,se pou nou reyòganize epi ranfòse Pouvwa
médikal nasyonal nan peyi a ( medsin
tradisyonèl , medsin veterinè elatriye)
4-Nou kapab amelyore
enfrastrikti sanitè nan peyi a.
Nou kapab kreye plis pase 10 inite pou
pran swen moun ki pi nan bezwen yo tankou ( AVC, maladi kè elatriye)
Kreye 10 lopital referans nan peyi a yap
kofinanse epi yap jere pa leta ak lòt aktè nan sektè prive a.
5- Ankadre medsin tradisyonèl la , se pou
genyen jaden botanik , se pou gen etid ki avanse ak tout fèy nou gen la yo pou
nou trete kèk maladi plas leta nan bagay sa se jis regile .
Lajan moun ap touche , Retrèt , Refòm ,
Sektè prive ak sektè piblik
Nou vle pwopoze Yon sèvis Piblik ki gen bon
jan kalite
1- Amelyore ankadreman
Popilasyon an jis pou nou ka fasilite emèjans tout ajan piblik yo .
2-Reyekilibre bidjè nasyonal la , sa vle
di si bidjè a 5500 milya goud nap pran 45
% pou envèstisman nap pran
40 $ %
pou fonksyònman epi 15 % pou sèvis epi dèt peyi a.
3- priyorize envèstisman nan peyi a , pou nou fè sa nap pran 2400 milya
de goud nan bidjè a nap repatil konsa .
Nap pran 500 milya nap
metel nan agwo-endistri ak devlopman zòn andeyò yo.
Nap pran 450 milya pou endistri epi nap
pran 1000 milya pou enfrastrikti ( wout , ray elektrisite, dlo , batiman ,
elatriye) epi nap pran 450 milya goud
pou zafè Politik sosyal.
4- Se pou Popilasyon an peye taks , enpò pou nou ka jwenn 20 % nan PIB nou an sa vle di 400 milya resèt
pwòp.
5- Mete plis bon jan kad nan sektè edikatif nou an.
Nou vle rekrite 22 .000 ansèyan chak lane
sa vle di nap pran 10 000 enstititè ak
11 000 pwofesè lise epi 1000 ansèyan nan inivèsite chak lane.
6- Fè sistèm sante nou an redoutab ,pou nou fè sa nap bezwen 8000
pèsonèl sante kap gen 2000 medsen epi 250 nan chak fakilte leta.
7- Ranfòse sekirite nasyonal peyi a
pou nou fè sa nap bezwen 5000 pèsonèl sekirite kap gen ( polisye , janda
m, eko-gad , militè )
8- Rapwoche jistis peyi a ak sitwayen yo.
Sa vle di nap bezwen 5000 pèsonèl jistis
ak lòt ajan ki nan administrasyon peyi a pou nou wè si nou ka mete tout gwoup nan Sosyete a ansanm.
9- Fè Administrasyon piblik yo modèn fè tout dokiman ki nan
administrasyon yo nimerik se pou tout moun gen tout enfòmasyon yo menm jan ak
tout moun ki anlè yo , pwopaje enfòmasyon yo apre pèsonèl konsène yo finn fè
trètman .
Fòk peyi a gen yon lòt modèl ekonomik[6]
Yon ekonomi kwasan kap baze sou agrikilti
, endistri ak sèvis piti antrepriz , mwayèn antrepriz epi gran antrepriz.
Politik ekonomik
yon peyi dwe baze sou 2 gran baz
agwo-endistri ak konstriksyon
Pwodiksyon yon peyi dwe gen bonjan enfrastrikti
.Pou yon peyi devlope li dwe mache ak sivilizasyon an , konstriksyon sivilizasyon ayisyèn dwe sèl preyokipasyon
nou.
1-kreye yon agwo-endistri
nan chak awondisman peyi a.
Se pou leta konsève 20 % nan
bidjè a pou agrikilti sa vle di 500 milya goud pou semans , elektrisite , batiman agrikòl ,
abatwa elatriye)
2- kreye yon izin nan chak komin pou nou transfòme matyè premye yo .
Sa ap pèmèt nou fè endistriyalizasyon
nasyonal la epi evite twòp moun vinn gonfle nan gran vil yo.
3- Akonpanye kreyasyon antrepriz nan peyi a.
Kreye antrepriz sèvis tankou labank, mikwo
kredi, asirans , transpò anwo dlo touris
Otèl komès ,elatriye.
4- Priyorite pou antrepriz nasyonal yo
Nou vle sa paske , livrezon ap ka fèt sou
kòmand pi byen nan chak komin , nan chak depatman peyi a.
5- Nou vle finanse ti antrepriz yo epi devlope ekonomi nimerik nan peyi
a paske nou vle 10.000 moun jwenn travay chak lane epi mete
anpil dispozitif pou yo genyen 10 %
jiska 20 % epi devlope komès nan
peyi a.
6-Kapitalize banque PME
yo epi fè nou genyen yon ekonomi sosyal epi solidè.
LEta dwe dispoze 200 milya goud nan bank
yo pou fasilite jèn antreprenè lokal ak nasyonal yo trouve prete. Ankouraje ti
antrepriz yo epi mete antreprenè Ayisyen yo nan yon relasyon ki onèt ak
antrepriz prive yo.
Yon sitwayen Ki gen sekirite pa pè anyen .
1-
Nou vle kreye 50.000 kay chak
lane paske nou pa ka nan syèk sa pou moun ap Domi deyò nan lari se pou leta
pran responsabilite l . Pou pwojè sa
reyalize se pwomotè yo menm kap finansel.
2-
Fòk nou rezoud tout problèm ki
gen andeyò yo se sak fè nan chak zòn pral gen pòs polis pou tout moun santi yo
nan sekirite .Polisye sa yo ap touche pa yon komisyon ki la pou jere dezòd kap
fèt.
3-Se pou moun ki andikape yo jwenn plas yo
nan peyi a se pou yo jwenn travay valorize menm jan ak tout moun , se pou yo
patisipe nan konkou piblik tankou prive e sa fòl obligatwa fwa sa pap gen
diskriminasyon.
4-Fasilite kote ki pwòp pou pèp la rete ,
se pou gen kontra lokasyon livre 100 menswalite konsa pou moun nan pwopriyetè
kay la fòl ta fè 9 lane ladanl.
5-
Tout moun ki gen laj retrèt dwe
pranl paske gen anpil jènn ki fòme nan peyi a ki poko ka travay , tout pèsonèl
sivil ki nan peyi a depiw gen 60 lane ou pap travay ankò leta la pou pran swenw
vinn manje saw te fè.
6-
Konbat tout delenkens ki gen
nan peyi a , tout sa ki pa nan lòd tout moun ki pa rèspèkte lalwa dwe pini e
pinisyon yo dwe grav pou lòt moun kap gade pa fè sa tou. Mo Ayiti à soti nan
yon gran sivilizasyon sa vle vle di Ayiti dwe yon peyi lalwa se pou gen yon
veritab eta dwa nan peyi [7] Paske nan moman an la peyi fè fas ak sa nou
rele inefikasite leta dwa nan peyi a[8]
Ayiti dwe genyen yon diplomasi ki modèn epi ki bay rezilta.
Diplomasi ayisyèn nan dwe
vizib sou tout plan rejyonal , kontinantal ak nan monn nan
, pou sa fèt se pou LEta a mete moun ki
kalifye nan pòs estratejik epi chèf peyi dwe patisipe nan gran rankont pou
pèmèt peyi a gen plis relasyon sou plan entènasyonal.
1- Ankouraje koperasyon
inivèsite
2-devlope yon agrikiltiki
ki komin
3-Fòk gen koperasyon militè
4- Devlope rechèch
inivèsite nan peyi a
5-Soti peyi de tout dèt
li genyen
6-Nou dwe invèse koub nagativ yo enstore
nan peyi a Fòk nou bay jarèt a pwodiksyon nasyonal pou nou evite prezans
dominikan , amerikan sou mache nou an.
Yon Sistèm edikatif Ki gen misyon inovasyon
Sa pa etone okenn moun pou nou di
edikasyon se mòte devlopman tout Sosyete men kòman sa dwe fèt ? sistèm edikatif nou an baze sou yon ansyen
sistèm kolonyal , Se sak fè tout kontni ki genyen nan sistèm nan se kopi sa vle
di anyen pa sanble nou vre , sa sak fè nou dwe reyoryente sistèm nan jis pou
nou ka genyen yon sistèm edikatif ki baze sou reyalite peyi a epi ki gen yon
misyon pou mas pèp la. Kòman ou vle m fè wè chanjeman Sim toujou chita nan kwen
? Se kesyon sa ki Pouse mwen ekri sou
sistem edikatif ayisyen an plizye tèks disponib nou kapab konsilte yo gratis[9]
1-
Nou vle devlope yon bilengwis[10] ki global
sa vle di sou plan ni sosyal ni entelèktyèl de lang yo nan menm nivo fwa sa nap
fini ak diglosi[11] nan peyi
a nou pral devlope milti lang sa vle di toutan nou ka fè plis moun pale plis
lang nap pi kontan.
2-
Konstwi yon 2 lise nan chak
komin peyi a ki ka resevwa 4000 elèv , kap genyen tout ekipman modèn yo ,
Bibliyotèk , Laboratwa, tèren , Kantin eskolè , elatriye )
3-Miltipliye plis inivèsite leta nan peyi
a kap gen anpil filyè tankou ( medsin, jeni endistriyèl , agwonomi, lekòl komès
,bon Lekòl syans Politik , epi devlope rechèch nan medsin tradisyonèl la , epi
pran 1000 pwofesè chak lane pou nou avanse nan domèn syantifik yo , pèmèt
etidyan ki finn fè lisans yo jwenn Bous etid pou al fè mastè ak doktora apresa
pou yo vinn tounen sèvi peyi a. Se pou nou finanse tout etidyan ki pral fè
doktora , ba yo 200.000 goud pa mwa .
4- Nou vle plis moun ki enstwi nan peyi a
, lè sa ap gen mwens delenkens , toutotan nou pa enstri nou pap janm gen
demokrasi nan peyi a , Paske demokrasi mache ak enstriksyon, se pou tout
Ayisyen patriyòt se pou nou tout goumen pou menm kòz, tout sa se lekòl la pouki
ban nou l ...se sistèm edikatif la sèlman ki ka chanje Sosyete a.[12]
Ayisyen Chwazi avni nou
Panse yon Ayiti bon se panse yon sèvis
piblik ki bon ,se nan optik sa fòk nou mete moun ki konpetan moun ki renmen
peyi a bon nasyonalis ,moun ki vle fè peyi , moun ki vle bati peyi.
Gen yon ekonomi ki kwasan dwe baze sou 2
pilye :
Agwo-endistri ak konstriksyon, dwe gen posibilite pou chak komin gen yon
agwo- endistri.
Se pou peyi a gen yon Politik ki planifye
, ki òganize,Se pou peyi a gen plis pase 2000 km wout byen fèt epi devlope yon
vwa chemen fè kap genyen 3500 km, tout
sa yo ap pèmèt nou gen yon Bèl peyi epi
gen yon avni ki pwòch epi rezone pou tout moun.Se pou nou sispann ak jan de
politik akayik sa nap viv la , se pou aktè politik ansyen vye rat yo kite plas
pou jèn aktè yo
.Nou vle Sèlman de pati
politik nan peyi konsa nap kapab planifye tout aksyon politik nou yo .
Se pou nou tout jwenn , swen lasante nan peyi a.[13]
Se pou pèp Ayisyen an devlope yon lòt
kontra Sosyal , sa vle di se nou menm ki
dwe preyokipasyon nou menm ,aprè tout sa ki ap pase la yo se pou nou fè Politik
nou an yon lòt jan.
Se pou nou menm Pèp Ayisyen , chanje
sistèm Politik sa nou genyen la a , chanje pratik Politik sila , mete tèt nou
ansanm nan linyon nou ka fè anpil bagay , pa kite pèsòn vinn divize nou , nou
se yon pèp ki fò , ki te defann yon vizyon ki inik .
Jenès la se pou batay la kontinye , pa
kite yo achete nou , nan nenpòt sikonstans se pou nou mete tèt nou ansanm pou
nou libere enèji ki nan nou .
Kimoun ki ekri pwojè Sosyete sa se( Jean
Louis Butherly ) Alyas Boomba Libertaire kap etidye syans moun ....pou plis
enfo + 509 39989718
Annou reflechi ansanm
.Annou reflechi Repiblik la .Annou reflechi sistèm sa nou ladan l lan.
Mwen pou yon Ayiti kap
pwoteje epi kap libere enèji
Ansanm annou tounen paj
la .
Gen kèk pwen kap vini , ki pral pale de Espò , kilti
ak travay.[14]
+509 39 98 97 18
Stillboomba282@gmail
.com Ma chaine Youtube : ekri still Boomba
Kongrè etidyan nò.
Mon blog
https://stillboomba.blogspot.com/2021/09/role-des-jeunes-dans-la-promotiondun.html
( plus de 800 textes disponibles actifs depuis 2019 )
[2] Ayiti peyi ki pi pòv nan
monn nan Paske nou gen yon PIB ki pi fèb nan monn nan selon dènye rapò ki fèt (
Dosye inesko ak lòt
òganizasyon ki la pousa ( ekonomi ayisyèn pdf sou www.google.com
[3] Ayiti se yon gwo peyi yo
fè vinn pòv , tout gran espesyalis ki poko kolonize ap fèw konnen sa siw vle
ale pi lwen ou kapab al li Istwa d’Ayiti nan ti moso verite yo Bay nou an wap
konprann anpil lòt pwisans te vle pran tè sa paske nou te pwospè , yo te wè gen
tè , lò angwo richès pou yo kapab devlope lakay yo.
[4] Yon peyi kote chak lane
anpil doktè , enfimyè ak lòt moun ki nan domèn sante ap soti epi peyi a toujou
gen anpil moun kap mouri pou swen sante sa bay problèm tankou se wè yon nwit
blanch ki anbrase yon nuit nwa)
[5] Selon konsta nou fè nou wè
Ayiti pòv nan espesyalizasyon sa yo , se pou gen plis ankourajman ki fèt , nan
kad sa lEta la pou ede nou Paske se yo menm ki la pou sa .
[6] Se pou ekonomis ki nan
peyi a ini yo pou nou ka jwenn yon solisyon ak kriz ekonomik nap viv la depi
plis pase 10 lane
[7] Konsilte travay Mèt Dorval
fè sou Eta dwa nan peyi pou ou ale pi lwen www.lenouvelliste .com
[8] DORVAL, Monferrier, l’État
de droit, garant de la stabilité et du progrès, in Le Nouvelliste, 8 janvier
2015, www.lenouvelliste.com.
[10]
Nou pale de bilengwis se itilizasyon 2 lang pa yon sosyete , yon enstitisyon
men sou plan sosyal de lang sa yo chita sou menm fotèy sou plan entèleksyèl de
lang sa yo nan menm nivo.
[11]
Nou pale de diglosi , se itilizasyon 2 lang pa yon sosyete yon enstitisyon sou
plan sosyal yonn nan lang sa yo parèt pi valorizan pase lòt la .
[12] Jan sistèm edikatif sa ye
la eske li kapab fè sa ? eske yon sistèm
kap fonksyone ak 2 vitès ka fè sa Kesyon yo reponn siw byen li pati ki konsakre
a sistèm edikatif nou an.
[13] Pyen sa devlope deja men
li tèlman enpòtan , nou ta renmen w reli sak di yo ankò.
Commentaires
Enregistrer un commentaire