Yon Politik ki gen fòs, pou nou envèsti nan rekonstriksyon peyi a by Boomba Libertaire

 


Dezyèm pwen4 

Yon Politik ki gen fòs, pou nou envèsti nan rekonstriksyon peyi a.
1-Ak lajan ki nan bwat lEta yo nou dwe dispoze 500 MW elektrisite chak lane , kontra sa ap finanse ak anpil patenè piblik _ piblik ( P-P)  ak piblik- privè.(P-P)
 
2- Konstwi  plis santral elektrik nan peyi a, sa vle di mete anplas anpil dizèn mega oubyen ti santral elektrik pou tout moun gen enèji lakay yo sa ap pèmèt LEta achete eneji sa yo nan yon pri abòdab pou tout Popilasyon an ka jwenn . Konsa anpil moun ap rale souf , Paske koze enèji a fè anpil dega nan peyi a , li koze anpil lanmò . Men peyi a pa ka rete konsa si Ayiti vinn peyi ki pi pòv nan monn nan [1]se rèsponsab politik nou yo ki lakoz.
 
3-Nou dwe envèsti nan enèji vèt , se sak fè solèy la ap enpòtan pou nou paske gen zòn ki pap ka jwenn enèji nasyonal la , Fòk nou konprann sa men  nap priyorize santral pano solèy pou
 
4 Ibidhttp://stillboomba.blogspot.com
yo Paske yo tout moun se moun si bon dlo ap kouri anwo , li dwe koule byen pou sa ki anba tou.
 
 
4-                 Nou ka pwodui 500.000m3 dlo chak lane ,nap kòmanse mete yon mega estasyon dlo nan chak rejyon , yon mini santral nan chak depatman ,epi yon ti santral nan chak arondisman yo .Pou tout bagay sa yo posib nap bezwen 100 milya goud sèlman rès kap rete nap remèt yo nan kès lEta paske lajan leta se pou leta.
 
5-                 Nou kapab fè 1000 km wout chak lane paske nou ka di gen anviwon 1000 km pou moman an ,objektif la se mete nan chak komin yo an woutye  nasyonal sa vle di relye tout wout yo ansanm sa ap pèmèt pwodiksyon agrikòl la mache  , (nou ka fè plis manje paske ap gen bon wout trafik machandiz yo ap fèt pi byen)  nap soti tou nan sistèm akayik sa nou ye la nan antikite tadiv .Fè gwo esplwa  sa ap pèmèt entistriyèl yo byen fonksyone tou.
 
6-Nou ka konstwi yon  izin kap kraze ròch nan chak depatman nan peyi a.
 
7-Amenaje zòn andeyo yo,nou ka rezève 250 km wout nan 1000 km nou gen chak lane a paske repiblik la pa pou pèsòn li se pou nou tout , nou tout gen menm dwa .Nenpòt kote ou ye depi ou vini sou sòl la ou lib se nan optik sa tout moun ap jwi menm privilèj leta bay.
 
8- Nou kapab konstwi yon chemin fè , sa ap byen senp mwen pral esplike nou,nou ka konstwi chemin fè a nan yon mezi ki pral 3500 km ( 1750 km X 2 ) sa vle di lap fèt an 2  epi lap laj nan yon mezi ki pral ( 1.30 m) ant Okap ak Pòtoprens epi 480 km ( 240 X 2 vwa soti wanament pou rive Okap . Konsa nap sou wout devlopman tout gran peyi genyen yo poukisa nou menm nou pa ka genyen yo , nou se yon gran peyi ki te konn okipe anpil lòt peyi nan monn nan , nou ede anpil nan yo pran endepandans yo tou.[2]
 
 
9 - Nou kapab konstwi gwo batiman agwo-endistriyèl pou nou konsève pwodiksyon nasyonal  yo , yon pati nan bidjè leta a ap finanse enfrastrikti sa yo epi sèktè prive ak lòt moun ki nan dyaspora Ayisyèn nan ap mobilize tou.
 
10-Nou kapab konstwi epi rekonstwi kèk batiman piblik tankou ( lekòl , lopital, agrikòl elatriye)

[1] Ayiti peyi ki pi pòv nan monn nan Paske nou gen yon PIB ki pi fèb nan monn nan selon dènye rapò ki fèt (
Dosye inesko ak lòt òganizasyon ki la pousa ( ekonomi ayisyèn pdf sou www.google.com 

[2] Ayiti se yon gwo peyi yo fè vinn pòv , tout gran espesyalis ki poko kolonize ap fèw konnen sa siw vle ale pi lwen ou kapab al li Istwa d’Ayiti nan ti moso verite yo Bay nou an wap konprann anpil lòt pwisans te vle pran tè sa paske nou te pwospè , yo te wè gen tè , lò angwo richès pou yo kapab devlope lakay yo.




Boomba Libertaire 

      Le Médecin de la Culture 

Contexte de mon travail

J’avais mis au jour sur mon blog , mes articles en ligne et plus précisément mon ouvrage «  Manuel d'histoire Nationale de 1791-2010 »la mécanique de l’idéologie progressiste qui avait conduit  réellement notre pays Haïti à l’abîme,  pour moi ,ce triptyque né dans la foulée de Février 1986, élaboré dans les années 1990, et installé en majesté dans les années 2000 : «  déconstruction, dérision, destruction ». « corruption , corruption , corruption »

Abonnez-vous à ma page 

Front Populaire pour changer Haïti ( plus de 500 articles disponibles)

Mon blog

https://stillboomba.blogspot.com/2021/09/role-des-jeunes-dans-la-promotion-dun.html ( plus de 1000 textes disponibles actifs depuis 2019 )

Mon ouvrage est disponible

http://www.morebooks.shop/bookprice_offer_eec4c94790379d09a904e4a42b9dc463a5ad9ddf?locale=fr&currency=EUR

Ma chaine Youtube

https://youtu.be/jcFSj9YD6yA

Facebook  : Boomba Libertaire

Chak jou wap jwenn 20 minit filozofi nan lang kreyòl la pa neglije pran yon ti tan pou w kritike nou .

Commentaires

Articles les plus consultés