CQR yon platfòm tout Ayisyen te getan renmen .lage pye l jodiya ak tout lajan moun te envesti yo .


Maten an mwen  leve yo pa banm ranpli tach yo aprè yon ti tan sit la pa mache .Tèt mwen fèm mal paske mwen poko tire kòb mwen an .Se mesaj sa yo ki vinn jwenn mwen maten an .

CQR nan peyi pòv yo se yon vrè danje pou moun ki pa konnen . Moun ki rete nan peyi sa yo souvan fè tout bagay konfyans,paske nivo edikasyon ekonomik yo pa vrèman fèt vre .Gen anpil nan yo kite getan depann sou lajan vityèl sa a . Anpil nan yo te di li pral  asire lavi yo chak jou . 

Vòl kriptografik yo souvan fèt nan tout peyi men li pi enpòtan nan peyi pòv yo paske lajan vityèl sa yo se souvan sèl fason pou moun ki rete nan peyi sa yo gen yon lespwa demen .  

Anplis de sa, vòl kriptografik yo souvan komèt pa moun ki malonèt, ki pa neglije pran avantaj de povrete lòt moun pou komèt move zak yo.  Moun sa yo pa pran swen konsekans aksyon yo epi yo pa gen okenn konsiderasyon pou konsekans yo sou lavi moun y ap vize yo.

Finalman, vòlè lajan kript se yon fleyo ki pa epanye pèsonn.  Moun yo regilyèman jwenn yo san lajan akòz zak sa yo, kidonk anpeche yo mennen yon vi desan nan peyi yo. Se poutèt sa, enstans ki konsène yo dwe goumen san rete pou pwoteje popilasyon ki pi vilnerab yo epi redwi enjistis sa yo.

Sak pase la Ayiti jodiya tout moun dwe aprann avan yo kòmanse envesti lajan yo.

Eske se vre CQR pran tout lajan sa yo ? 

Eske se vre ? 

Eske se vre ?

Si se vre nap di kouraj ak tout moun ki pèdi lajan yo. Epitou nap mande jistis pou moun sa yo .Se pou nou aprann avan nou envesti lajan nou pa kouri rantre nan sa nou pa konnen .

Nou kondane zak malonèt sa a.

Boomba Libertaire 


      Le Médecin de la Culture 


Contexte de mon travail

J’avais mis au jour sur mon blog , mes articles en ligne et plus précisément mon ouvrage «  Manuel d'histoire Nationale de 1791-2010 »la mécanique de l’idéologie progressiste qui avait conduit  réellement notre pays Haïti à l’abîme,  pour moi ,ce triptyque né dans la foulée de Février 1986, élaboré dans les années 1990, et installé en majesté dans les années 2000 : «  déconstruction, dérision, destruction ». « corruption , corruption , corruption »

Abonnez-vous à ma page 


Front Populaire pour changer Haïti ( plus de 500 articles disponibles)


Mon blog


https://stillboomba.blogspot.com/2021/09/role-des-jeunes-dans-la-promotion-dun.html ( plus de 1000 textes disponibles actifs depuis 2019 )


Mon ouvrage est disponible


http://www.morebooks.shop/bookprice_offer_eec4c94790379d09a904e4a42b9dc463a5ad9ddf?locale=fr&currency=EUR



Ma chaine Youtube


https://youtu.be/jcFSj9YD6yA

Facebook  : Boomba Libertaire





Commentaires

Articles les plus consultés