Me pouki rezon Lise Nasyonal Terye Wouj la pa janm ka fèt . Pati 1 by Boomba Libertaire

 Lise Nasyonal  Terye Wouj la te fonde an 1991 sou gouvènman Jean B. Aristide, la .

Lise a  te gen objektif ogmante òf edikasyonèl nan minisipalite a .Li te  gen pou misyon tou diminye difikilte  paran yo t ap fè fas a yo .Lè timoun yo te fini C.E. P, yo te oblije ale yon lòt kote pou kontinye etid yo. Se te Yon tèt kase pou tout Moun Terye wouj sak Pat gen posibilite te oblije kite timoun sa yo lakay yo .Men depi lè Lise Nasyonal la fonde preske tout bagay vinn pasab pou moun yo .

Lise Nasyonal sa n ap gade Anba pòs la anpil jèn ap milite depi lontan pou rekonstriksyon l fèt . Depi plizyè lane pòs aprè pòs konsèy aprè konsèy, lèt aprè lèt ,Depite aprè Depite,Senatè aprè Senatè ,anyen pa janm fèt .Mwen pa bezwen dinou a ki danje timoun yo ekspoze. Preske chak jou se kè sere .


Malgre tout pwoblèm sa yo sa pa enpeche nou valorize l toutan epitou mete limyè sou li.

Paske anpil Moun Terye wouj si yo konn li ak ekri,konte jounen jodiya se gras lise a. Nou ka di nou dwe l anpil.

Jodiya nou pote pou ou menm sitou elèv ki non ansyen rèsponsab ki pase Lise a depi (1991-2024) Yon fason pou jenès la ka okouran de tout pèsonalite sa yo .


1- Me Henry PIERRE

2- Me Manigat LYS 

3- Me Drelinx Benjamin

4- Me K . PIERRE


Eslogan an toujou menm : Lekòl menm nan moman lagè paka tann.

Yon fason pou nou fè sa rive pi lwen se vinn di kòman Lise a ede w nan  vi ou .


Boomba Libertaire

509 39989718 WhatsApp 


Commentaires

Articles les plus consultés