Byenvini Terye Wouj .Boomba WEB TV 🕸️

 Chè sitwayen parèy yo,


 Chè sitwayen nan vil Terye Wouj , Li lè pou jèn yo pran kontwòl tout dispozitif ki genyen nan komin nan . Nou vle pran gouvènans  minisipal nou an.  Nou vle fè fas ak defi. Nou vle mete enèji nou ansanm . Nou Vle kreyativite ak angajman nou makònen , nou ka simonte yo ansanm.  Se poutèt sa n ap lanse yon apèl ak aksyon pou nou pran meri a epi mete nouvo pwopozisyon ki pou satisfè bezwen tout sitwayen nou yo.


 Nou pare pou nou travay san pran souf pou konstwi yon pi bon avni pou komin Terye Wouj , kote tout moun gen plas yo epi pwogrè ap fèt.


 Jwenn  nou nan vwayaj sa a pou yon avni ki pi briyan, ki pi enklizif pou vil nou an. Ansanm, nou ka fè yon diferans.


 Antanke yon aktivis sitwayen, mwen onore pou m adrese pawòl angajman sa yo pou ou.  Vil nou an se yon kote ki gen Anpil jèn ki dinamis ak devouman, epi se gras a angajman ou ak pasyon ou pou kominote a Nou  pral kontinye pwogrese ansanm.


 Jodi a, mwen vle pataje avèk ou kèk etap n ap konsidere pou avanse vil nou an nan yon avni briyan, ki pi enklizif:


 Pwomosyon inovasyon: Nou dwe ankouraje inisyativ inovatè nan tout domèn, kit se nan teknoloji pwòp, edikasyon, sante oswa devlopman ekonomik lokal.


 Objektif nou se kreye yon anviwònman ki favorab pou aparisyon nouvo lide epi sipòte antreprenè lokal yo.


 Ranfòse patisipasyon sitwayen yo: Vwa ou esansyèl pou fòme avni minisipalite a.  Nou dwe mete sou pye yon bon  platfòm patisipasyon sitwayen yo pou kolekte lide, enkyetid ak sijesyon w yo, yon fason pou pi byen satisfè bezwen w ak aspirasyon w paske w se sitwayen komin nan 


  Konsèvasyon Anviwònman: Nou pran angajman pou pwoteje anviwònman nou an ak pwomouvwa pratik dirab nan tout aspè nan lavi chak grenn Moun kap viv nan komin nan .



 Nou Vle Ankouraje yon edikasyon sosyal Pou nou kapab kontwole jènès la .


 Nou Vle fè Pwomosyon pou  egalite ak jistis sosyal: Nou dwe garanti opòtinite legal pou tout sitwayen nou yo, konbat tout fòm diskriminasyon epi ankouraje jistis sosyal nan tout nivo.  Ansanm, nou ka bati yon kominote ki pi enklizif, ki pi vibran e ki pi dirab pou jenerasyon kap vini yo.


 Kontwole pasaj wòch yo nan vil la.


 Meri a dwe kontwole ekleraj piblik nan komin nan.

 Nou pral diskite ak ofisyèl NRECA. ( Mtre The)


 





 JEAN LOUIS BUTHERLY

 Mèsi pou konfyans ou ak sipò kontinye.

 Bonswa, Boomba Web TV 🕸️

Commentaires

Articles les plus consultés