Terye Wouj Nòdès #Ayiti Boomba Web TV 🕸️ #Lise Nasyonal #Terrier-#Rouge kòm senbòl Rezistans jenès la . Pa #BOOMBA

 Terye Wouj Nòdès  #Ayiti

Boomba Web TV 🕸️

#Lise Nasyonal #Terrier-#Rouge kòm senbòl Rezistans jenès la .


 Pa #BOOMBA WEBTV 🕸️ 🦇 🦇 🕷️


https://stillboomba.blogspot.com/2024/04/terrier-rouge-nord-est-haiti-boomba-web.html



Mwen pran plim mwen pou m eksprime  enpòtans vital rekonstriksyon lise nasyonal nou an.  Li te fonde nan lane 1991.  Pandan lane pase  yo, etablisman nou an te bay anpil siksè e li te jwe yon wòl enpòtan nan devlopman pèsonèl ak akademik elèv li yo. kounye a li tan , li lè  pou nou envesti nan avni li .Nou dwe  bay li yon lòt enfrastrikti modèn ak sekirite li merite.


Rekonstriksyon lise nasyonal Terye Wouj la  pral pote anpil benefis Pou nou.  Premyèman, sa pral amelyore anviwònman aprantisaj lakay nou, bay elèv ki nan komin Tèrye-wouj la  yon kad ki favorab pou devlopman entelektyèl yo.  Sal klas yo  dwe ekipe ak dènye teknoloji yo, laboratwa syans modèn yo .Sa ap  ankouraje elèv yo patisipe epi ankouraje kiryozite yo.


Anplis de sa, nouvo enfrastrikti sila pral asire sekirite elèv yo ak anplwaye yo. Lekòl ki pa nan bon eta yo souvan prezante risk pou sekirite elèv yo, tankou pwoblèm estriktirèl oswa enstalasyon elektrik .Lè gen lapli , lè gen soukous se yon gwo danje Pou tout Moun nan kominote sa yo.  


Anplis de sa, modènizasyon lise nasyonal Terye Wouj la pral ranfòse repitasyon li ak atire plis elèv frekante espas la .  Yon lekòl ki gen enstalasyon modèn non sèlman atire pi bon pwofesè yo ak elèv yo, men tou atire enterè fanmi yo ak patnè edikasyon yo Pou envesti ladan l .  Ogmantasyon konsyantizasyon sa a pral ede Nou toujou kenbe ekselans akademik la  epi ankouraje siksè elèv nou yo nan lavni.


Finalman, rekonstriksyon lise nasyonal Terye Wouj la se yon envestisman nan fiti pou vil Terye Wouj.

Yon etablisman edikasyon de kalite se yon poto esansyèl nan devlopman sosyo-ekonomik lokal . Ekspè nan levasyon tankou (Olivier Reboul, Phillipe M. ak Jacques Tardive) di lè nou ofri jèn jenerasyon yo mwayen pou yo fleri ak reyisi, n ap ede yo konstwi yon sosyete ki pi pwospere epi ekilibre. 


Rekonstriksyon lise  nasyonal Terye Wouj la  se yon etap enpòtan pou asire avni li ak ekselans li .  Se yon envestisman nan potansyèl elèv nou yo, nan sekirite kominote nou an, ak nan pwosperite kominote nou an.

Luc Senatus, natif natal Terye Wouj ansyen bwa dwat (François Duvalier) te di:

Yon levasyon solid se poto prensipal yon kominote k ap pwospere].  Yon lise nasyonal ki byen vit rebati ta bay opòtinite aprantisaj esansyèl, ranfòse ekonomi lokal la, ankouraje devlopman jèn yo epi kontribiye nan pwosperite kominote a an jeneral.


Boomba Libertaire


NB: Chè piblik,

Nou ta renmen enfòme w videyo nou yo bay yon eksplikasyon objektif ak egzat sou sitiyasyon aktyèl yo .


Mèsi Pou lespri bon konprann nou.



Boomba Web TV 🕸️ 🦇 🕷️ 🎃

+509 39989718 WhatsApp


Commentaires

Articles les plus consultés