Tèrye-Wouj nan lagè by BOOMBA LIBERTAIRE

 

Politik nan Tèrye-Wouj by Still Boomba 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹

Tèrye-Wouj, yon komin nan Nòdès Ayiti, reflete dinamik politik ki egziste nan nivo nasyonal la. Menm si jèn yo reprezante majorite popilasyon an, yo rete an majorite absan nan pwosesis desizyon yo. Konsta sa a poze gwo kesyon sou fason politik la fèt nan komin nan ak sou konsekans esklizyon sa a sou devlopman lokal ak lavni jèn yo.

Tankou lòt rejyon nan peyi a, Terrier-Rouge ap fè fas ak yon estrikti politik trè santralize kote gwo desizyon yo pran san reyèlman konsilte jèn yo . Malgre dinamism yo ak kreyativite yo, jèn yo raman konsidere kòm aktè enpòtan nan jesyon zafè piblik yo. Estrikti leta lokal yo, tankou meri a, konsèy minisipal yo ak komite devlopman lokal yo, kontwole pa moun ki pi gran ki souvan dekonekte ak reyalite jenerasyon ki pi jèn yo.

Pratik politik ki chita sou kliyentelis, relasyon fanmi ak alyans lontan kontinye ogmante neglijans yo genyen pou jèn yo nan zafè piblik. Sa fè anpil jèn pèdi enterè nan politik, yo wè li kòm yon domèn ki rezève pou yon ti gwoup ki difisil pou rive ladan l.

Absans reprezantasyon jèn yo nan pwosesis politik yo gen konsekans grav pou Tèrye-Wouj. Yon bò, bezwen espesyal gwoup sa a, tankou edikasyon, fòmasyon pwofesyonèl, travay ak aktivite kiltirèl, souvan neglije. Projè ki vize jèn yo manke kowòdinasyon ak finansman, sa ki limite enpak yo.

Yon lòt bò, esklizyon sa a ap kontinye kreye yon sèk visye : jèn ki dekouraje pa sistèm nan vin rete pi lwen politik, sa ki diminye chans yo pou enfliyanse desizyon yo. Inaksyon otorite lokal yo pou ankouraje plis enklizyon politik pou jèn yo kontribye nan yon santiman fristrasyon, epi pafwa, yon kòlè lakay yo.

Malgre tout difikilte sa yo, jèn Tèrye-Wouj yo gen anpil potansyèl. Malgre yo manke opòtinite, anpil ladan yo gen swaf pou aprann, yo kreyatif, epi yo gen kapasite pou jwenn solisyon inovatè pou defi lokal yo. Ekzanp antreprenè jèn, atis ak lidè kominotè montre  jèn yo ka jwe yon wòl kle nan devlopman komin nan, si yo jwenn sipò nesesè.

Malerezman, potansyèl sa a pa jwenn eksplwatasyon akoz mank soutyen nan nivo enstitisyonèl. Ti inisyativ kèk jèn pran yo souvan inyore pa otorite yo oubyen bloke pa pwoblèm administratif.

Ki sa nou pwopoze .
Pou chanje sitiyasyon sa a, lidè lokal yo dwe pran mezi konkrè pou enkli jèn yo nan zafè piblik :

1. Kreye estrikti enklizif : Mete kanpe konsèy jèn nan nivo komin nan ta pèmèt yo patisipe nan desizyon ki konsène yo. Konsèy sa yo ta ka sèvi kòm konsiltan pou otorite lokal yo.

2. Fòmasyon sivik ak politik : Fòk gen ranfòsman nan edikasyon sivik pou ankouraje jèn yo patisipe aktivman nan politik. Pwogram fòmasyon ta ka anseye yo baz jesyon piblik ak defans dwa yo.

3. Soutyen inisyativ jèn yo : Otorite lokal yo dwe idantifye epi finanse pwojè jèn yo pote, kit se nan domèn antreprenarya, aktivite sosyal, oubyen kiltirèl.

4. Kobat kliyantelis la : Pou retabli konfyans jèn yo nan sistèm nan, fòk gen plis transparans ak meritokrasi nan nominasyon yo nan pòs piblik yo.

5. Pwomosyon yon kilti dyalòg ant jenerasyon yo : Kreye espas kote jèn ak granmoun ka diskite ka ede diminye tansyon ak favorize yon pi bon konpreyansyon ant bezwen ak atant youn ak lòt.

Envesti nan jèn yo pou transfòme Tèrye-Wouj

Politik nan Terye- Wouj pa dwe rete yon zafè minorite. Jèn yo, ak enèji yo ak vizyon yo pou lavni, gen yon wòl esansyèl pou jwe nan devlopman komin nan. Se devwa tout  dirijan  yo pou konprann  si yo inyore jèn yo, yo mete an danje pa sèlman lavni jèn yo, men tou avni Terrier-Rouge antye.

Bay jèn yo plas nan zafè piblik pa sèlman yon kesyon jistis sosyal; li se yon nesesite pou konstwi yon sosyete ki pi ekitab ak ki pi pwospè. Listwa montre gwo chanjman yo kòmanse souvan ak yon konsyans kolektif. Nan Terrier-Rouge, konsyans sa a dwe kòmanse kounye a.

Boomba Web TV 🦇🇭🇹
Boomba Libertaire
+50939989718 WhatsApp

Commentaires