Fòlibète Kanaval

 

Kanaval Fort-Liberté : Kote Diyite, Koutwazi ak Ospitalite Rete Chimen Pou Lendepandans Kiltirèl by Boomba Libertaire 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹
+50939989718 WhatsApp

Si gen yon kote kote kilti ayisyèn lan pa sèlman selebre, men li jwe yon wòl fondamantal nan refòme relasyon ant moun, se Fort-Liberté. Kanaval la pa t jis yon lòt fèt kote moun mete mask, danse, epi viv lajwa yon ti moman. Non, li te plis pase sa. Li te yon demonstrasyon de kote moun yo chita sou prensip diyite, koutwazi ak respè youn pou lòt. Si w pat la, ou rate yon eksperyans kote manifestasyon kiltirèl te pran tout sans li nan randevou respè ak senbyoz sosyal.

Lè nou pale de kanaval an Ayiti, moun gen tandans mete aksan sou debòdman, sou foul la kap pouse, sou moun kap goumen pou plas. Men, Fort-Liberté te bay yon lòt egzanp. Lè ou ap mache nan lari a, si ou touche yon moun san fè espre, ou tande "gade kote w ap mete Pye w pa gen vyolansa " . Ou santi moun yo gen konsyans ke tout moun la pou pase yon bon moman. Sa fè sonje eksperyans anpil ayisyen fè nan peyi etranje kote respè youn pou lòt chita sou konpreyansyon mityèl.

Se tankou tout moun rekonèt ke lòt la gen valè e tout moun ka fè yon erè. Se sa ki defini yon sosyete avanse : kote regleman sosyal yo pa ekri sou papye, men nou tout respekte yo paske nou konprann enpòtans yo.

Gen moun ki panse ke yon gwo evènman tankou kanaval pa ka fèt san l pa gen vyolans, blese ak arestasyon. Men, kanaval Fort-Liberté a demanti prensip sa a. Lapolis ak komite kanaval la te jere foul la ak anpil entegrite. Poko gen chif final yo sou blese, men rapò inisyal yo montre ke kantite ka  yo ka  minim oubyen pa gen menm , sitou lè nou konpare ak lòt gran vil kote kanaval fèt nan peyi a .

Moun ki te vizite vil la pandan peryòd sa a te sezi wè akèy la, chalè moun yo, ak jan kominote a mete tèt ansanm pou montre sa ki pi bèl nan eritaj kiltirèl yo. Lè w rive Fort-Liberté, ou santi ou lakay ou, menm si ou pa soti la. Paske moun yo resevwa ou ak souri, ak bon jan etikèt, e ak santiman ke prezans ou gen valè.

Sou plan mizikal, kanaval la te pote tout koulè li. Gwoup mizik lokal yo te mete dife nan lari a ak bon jan rit mizikal ki sòti nan rasin nòdès. Fòk nou mansyone ke komite a te fè yon gwo erè lè li inyore plizyè gwoup mizikal lokal ki merite ekspoze yo. Sa te kreye anpil fristrasyon nan mitan jèn atis ki te swete mete talan yo anvalè nan pwòp vil yo.

Sa montre nou ke, menm si kanaval la te bay leson sou koutwazi ak lòd, gen batay ki rete pou mennen pou mete pi plis jistis kiltirèl. Se pa nòmal pou mizisyen ki soti an deyò vil la jwenn plis espas pase moun ki fè mizik tout ane a sou tè Fort-Liberté. Se tankou yon fanmi ki envite moun manje lakay li, men li bliye pitit li yo grangou.

Nan epòk kote anpil moun ap mande tèt yo si kanaval toujou gen plas li nan kilti nou, Fort-Liberté bay yon repons klè: Wi, li enpòtan, men li dwe fèt ak yon lòt vizyon. Kanaval sa a montre nou ke nou ka selebre kilti nou san nou pa pèdi sans respè nou youn pou lòt.

Li mete anvalè senbyoz sosyal kote moun pa wè youn lòt tankou rival, men pito kòm patnè ki la pou konstwi yon bèl moman ansanm. Sa ban nou lespwa ke lòt vil ann Ayiti ka enspire pa modèl sa a epi redefini jan yo òganize kanaval yo pou mete diyite ak respè anvan tout bagay.

Fort-Liberté pa sèlman bay Ayiti yon bèl kanaval, li bay peyi a yon vizyon. Li montre ke nou kapab fè bèl bagay san dezòd, san vyolans, san moun santi yo mal resevwa.

Menmsi gen pwen fèb, tankou mank respè pou gwoup mizikal lokal yo, fòk nou rekonèt ke kanaval Fort-Liberté montre tout Ayiti ke nou kapab bay kilti nou plis valè san nou pa neglije prensip ki defini yon sosyete avanse: respè, diyite, ak koutwazi.

Lòt vil yo ka aprann anpil nan sa ki fèt la. Se konsa nou ka fè kilti nou avanse pandan n ap devlope yon Ayiti ki gen plis amoni sosyal.

Mwen te konnen moun Fort-Liberté gen diyite ak fyète, men jodi a, mwen wè ak je m.

Boomba Libertaire 🇭🇹🇭🇹🇭🇹
+50939989718 WhatsApp

Tèrye-Wouj Nòdès Ayiti.

Commentaires