Kanaval Fort- Liberté by Boomba Libertaire 🇭🇹🇭🇹
Kanaval Fort-Liberté : Diyite ak Fyète nan Kè NòDès
Si tout kanaval ann Ayiti gen gou pa yo, pa Fort-Liberté a pote yon sans espesyal ki depase senp plezi ak divètisman. Se pa sèlman yon defoulman pou popilasyon an, men yon ekspresyon fyète ak diyite ki make eritaj ak rezistans moun NòDès
Fort-Liberté, youn nan pi ansyen vil istorik Ayiti, se pa sèlman yon espas ki ranpli ak memwa batay pou libète, men tou yon vil kote kilti kenbe fòs li. Kanaval la pa chita sou eksibisyon senp, men sou prezèvasyon ak valorizasyon richès espirityèl, mizikal ak istorik zòn nan. Moun Fort-Liberté montre yo konnen rasin yo epi yo onore li ak bèl defile, mizik ak dans ki gen yon vibrasyon natif natal.
Sa ki make kanaval Fort-Liberté a se jan chak moun ki patisipe, chak mizisyen, chak danse, chak mask, chak gwoup degize, mete sou yo senbòl fòs ak grandè. Yo pa pè mete anvan eritaj yo ak revandike plas yo nan peyi a. Moun Fòlibète kenbe tèt yo dwat, yo danse, yo chante, yo montre yo se desandan grandèt ki te goumen pou libète nou. Se sa ki fè tout sa ki pase nan kanaval sa a ranpli ak diyite ak fyète.
Se bèl bagay pou wè kijan tradisyon ak nouvo fòm ekspresyon kiltirèl rantre nan youn. Gwoup yo montre imajinasyon san limit yo ak kostim ki rakonte istwa vil la. Mizik rasin, mizik kanaval, rap kreyòl ak mizik dj mixe ansanm pou mete tout moun nan bon vib. Gen sèn komik, gen reyalite sosyal yo mete devan nan fòm mizik, pawòl pwezi, panse kritik ki fè moun reflechi sou eta sosyete a pandan yo ap danse ak ri.
Mwen te toujou konnen moun Fort-Liberté gen diyite ak fyète. Men apre kanaval sa a, mwen wè sa ak plis limyè. Se pa ti plezi senp, se pa ti festivite senp. Se yon selebrasyon ki bay tout moun sans idantite, ki mete NòDès sou kat kiltirèl peyi a ak yon fòs inik. Fòlibète se modèl!
Se sa mwen obsève, e se konsa mwen rezime sa m viv!
Boomba Libertaire 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹 🇭🇹
Foto kredi : @Valery Felix
Boomba Libertaire 🇭🇹🇭🇹
+50939989718
Commentaires
Enregistrer un commentaire