nom Terrier-Rouge Nord-Est Haïti 🇭🇹🇭🇹☮️ by Boomba Libertaire 🇭🇹

 

Orijin non Terrier-Rouge: ant listwa ak mistè.

Komin Terrier-Rouge, ki chita nan depatman Nòdès Ayiti, se yon kote ki chaje ak mistè, kote listwa li melanje ak rakont ak ipotèz k ap eseye eksplike orijin non li. Plizyè teyori konfwonte youn ak lòt,  istoryen ak chèchè k ap defann chak pwòp pozisyon yo, san okenn pa rive enpoze tèt li nèt. Ann li ansanm tèz ki pale sou sa .

1. Yon orijin ki lye ak koulè tè a: tèz Beaubrun Ardouin

Youn nan eksplikasyon ki pi souvan site se sa istoryen Ardouin di nan liv li " Études sur l'histoire d'Haïti". Dapre li, non "Terrier-Rouge" soti dirèkteman nan koulè rouj tè a  moun ka remake nan kèk zòn nan komin nan. Vrèmanvre, Nòdès Ayiti prezante kèk fòmasyon jeyolojik ki rich an fè, sa ki bay tè a yon koulè espesyal.
Tèz sa a jwenn pye lè nou obsève peyizaj lokal la. Tè rouj la, sitou lè lapli sot tonbe, ta ka frape premye abitan ak vwayajè yo, sa ki ta pouse yo rele rejyon an dapre karakteristik natirèl sa a ki frape je yo.

2. Yon orijin relijye: tèz Thomas Madiou

Yon lòt eksplikasyon soti bò kote istoryen Thomas Madiou, ki se otè Histoire d’Haïti an uit volim. Dapre li, non "Terrier-Rouge" ta gen rapò ak yon pè relijye nan kòmansman 18yèm syèk la ki te rele Henry Rouge. Nan lane 1701, relijye sa a ta jwe yon wòl enpòtan nan kominote lokal la, sa ki fè non li ta enskri nan toponimi a pou onore li.

Tèz sa a sijere  non an ta yon omaj pou mesye sa a, petèt an rekonesans pou aksyon espirityèl oubyen sosyal li te fè yo. Sepandan, achiv sou pè sa a ra anpil, sa ki rann li difisil pou konfime vèsyon sa a.

3. Yon orijin pre-kolonizasyon: tèz Jean-Louis Butherly

Finalman, ipotèz ki pi mistik la se sa nou avanse a, nou  kwè  non "Terrier-Rouge" te deja egziste anvan kolonizasyon. Teyori sa a fè kwè non an ta ka gen rasin Amerendyen oswa Afriken, ki sòti depi avan Ewopeyen yo te rive sou tè sa a.

Nou panse , li posib  pèp otoktòn yo oswa esklav Afriken yo te deja bay tè sa a yon non anvan li parèt sou kat kolonyal yo. Sa ta ka soti nan koulè tè a, yon rit sakre, oswa yon mit ansyen. Sepandan, jan pa gen okenn dokiman solid pou apiye ipotèz sa a, li rete difisil pou pwouve li.

Twa tèz, twa pèspektiv. Sepandan, verite a sanble toujou chape n. Paske pa gen ase dokiman presi ak etid apwofondi, orijin egzak non Terrier-Rouge rete yon mistè.

Elèv yo, pwofesè yo, ak pwofesyonèl nan komin nan kontinye poze tèt yo kesyon. Absans sètitid sa a ankouraje deba epi pouse moun fè plis rechèch pou eksplore listwa lokal la epi mete valè sou patrimwàn kiltirèl la.

Petèt yon jou, gras ak rechèch pi avanse, achiv yo ap revele verite kache ki dèyè non sa a. An atandan, Terrier-Rouge kenbe sekrè l fèm, ant lejand ak reyalite, pandan l ap envite tout moun fouye fon nan chemen pase li.

Boomba Libertaire 🇭🇹
+50939989718

Commentaires