Pledwaye pou yon kontwòl serye sou nouvo moun k ap rive nan Terrier-Rouge : Responsablite Polis la, Majistra a ak BSAP yo nan kontèks ensekirite jeneralize ann Ayiti
Pledwaye pou yon kontwòl serye sou nouvo moun k ap rive nan Terrier-Rouge : Responsablite Polis la, Majistra a ak BSAP yo nan kontèks ensekirite jeneralize ann Ayiti
Nan yon peyi kote enstabilite ap toupizi lavi chak jou, kote zak vyolans ap ogmante, kote estrikti sosyal, politik ak ekonomik yo kraze nèt, li vin enpòtan anpil pou n repanse fason nou jere sekirite ak administratif espas nou yo. Komin Terrier-Rouge, ki te toujou gen repitasyon pou trankilite li, ap fè fas kounye a ak nouvo defi, akoz foul moun k ap rantre san kontwòl ki soti nan zòn wouj, kote vyolans, gang ak dezòd ap simen laterè.
Nan sitiyasyon sa a, li enpòtan anpil pou otorite lokal yo — Polis Nasyonal Ayiti (PNH), Majistra Terrier-Rouge ak Brigadye BSAP yo (Brigad Sekirite Zòn Pwoteje yo) — pran responsabilite yo seryezman pou kontwole, verifye ak suiv tout moun ki ap vin enstale nan komin nan.
Sekirite pa depann sèlman de zam ni de sòlda, men li bezwen bon jan entèlijans nan jesyon moun. Lè w kite nenpòt moun enstale kote ou san okenn verifikasyon, san okenn rechèch sou orijin li, sou sa li te fè anvan oswa sou sa li vini fè, ou ouvè pòt la pou moun ki ka pote danje, mete dezòd oswa bay kominote a malè. Terrier-Rouge pa dwe tounen yon refij pou bandi k ap kouri, ni pou kriminèl k ap chape soti Pòtoprens oswa lòt zòn cho, ni pou gwoup mal entansyonen ki vle enstale tèt yo tou dousman nan zòn riral yo pou simen move enfliyans yo.
Polis la, kòm garanti lòd piblik la, dwe travay ansanm ak Majistra a pou mete sou pye yon rejis ki klè sou tout nouvo moun k ap vini yo, mande pyès idantite ki valab, epi mennen ankèt sou sot kote moun sa yo sòti. Majistra a, li menm, dwe pran plis otorite nan domèn administratif la, mete règ klè pou anrejistreman nenpòt nouvo kay oswa fanmi ki vini, ak kolaborasyon CASEC ak chèf seksyon yo. BSAP yo, malgre misyon prensipal yo se anviwònman, yo ka jwe yon wòl kle tou nan siveyans espas yo, sitou nan zòn riral ak agrikòl, pou yo ka rapòte nenpòt mouvman ki sispèk.
Nou pa di pou n rejte frè nou ak sè nou ki ap kouri pou chape anba vyolans. Nou pa di pou n pa akeyi moun ki viktim. Men, pwoteje tè pa nou, se garanti lapè ak sekirite pou tout moun ki deja ap viv la. Nou dwe rete solidè, men nou pa dwe bèk atè. Akeyi nouvo moun dwe fèt ak lòd, ak limanite, men tou ak rigè. Yon kominote ki pa kontwole frontyè lokal li, se yon kominote ki frajil, ki ouvè a tout kalite dezòd.
Sitiyasyon peyi a mande pou chak lokalite, chak komin, chak seksyon kominotè mete mezi prevantif sou pye. Terrier-Rouge gen dwa pou l pwoteje tèt li. Terrier-Rouge gen devwa pou l rete yon kote ki an sekirite pou timoun li yo, fanmi li yo, kiltivatè li yo, machann li yo,elatriye Pou sa reyalize, fòk gen yon kolaborasyon solid ant popilasyon ki vijilan, otorite lokal yo, polis la ak BSAP yo.
Kontwole kiyès k ap antre, se pa rejte yo : se pwoteje tèt nou. E nan dezòd peyi a ap viv la, pi bon se prevansyon, pase pou n ap kriye aprè.
Boomba Libertaire
Citoyen Haïtien.
Commentaires
Enregistrer un commentaire