Tèrye-Wouj nan ane 1970 yo By BOOMBA LIBERTAIRE. Nan lane 1970

 

Tèrye-Wouj nan ane 1970 yo
By BOOMBA LIBERTAIRE.

Nan lane 1970, sant vil Tèrye-Wouj, ki nan depatman Nòdès Ayiti, te genyen anviwon 4 000 abitan, dapre estimasyon ki sòti nan resansman nasyonal Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI). Epòk sa a te make yon faz enpòtan nan lavi komin nan, paske sosyete a te òganize sitou sou baz tradisyonèl, kote solidarite kominotè ak aktivite agrikòl te sous prensipal lavi moun yo (IHSI, Resansman).

Lavi chak jou nan Tèrye-Wouj te depann prèske nèt sou agrikilti fanmi, kote yo te plante mayi, pitimi, kafe, manyòk, epi yo te fè elvaj bèt pou konsomasyon lokal. Ekonomi lokal la te fonksyone sou yon modèl oto-sifizans, kote fanmi nan abitasyon nap , vwazen, ak asosiyasyon peyizan te konn travay ansanm pou asire siviv kolektif la (IPUMS / World Bank, 1971).

Malgre te gen anpil mank nan enfrastrikti modèn  tankou wout ki pa te gen , mank dlo potab, ak elektrisite nan plizyè zòn sant la te toujou yon espas inite sosyal fò. Abitan yo te konn reyini sou plas piblik, nan mache santral la, lekòl yo, oswa legliz yo, pou echanje, fè komès, epi patisipe nan lavi relijye ak kiltirèl kominote a (World Bank, 2018). Inite sosyal sa a te bay Tèrye-Wouj yon estabilite  ak yon dynamis riral ki te konpanse anpil mank materyèl.

Done demografik IHSI (2025) montre popilasyon Tèrye-Wouj te kontinye ogmante pandan dezyèm mwatye 20yèm syèk la. Kwasans sa a te soti, ant lòt bagay, nan natif natalite natirèl ak migrasyon entèn anpil fanmi ki soti nan zòn riral vwazen te vin chèche pi bon kondisyon lavi. Devlopman ti kras pa ti kras nan sant vil  la te fè parèt katye nouvo, sa ki te kòmanse chanje tisi sosyal ak ekonomik komin nan.

Dapre rapò Haitian Cities: Actions for Today with an Eye on Tomorrow ke Bank Mondyal te pibliye nan lane 2018, ti komin riral tankou Tèrye-Wouj te toujou jwe yon wòl kle nan rezilyans teritoryal peyi a. Malgre izolman yo, yo te kenbe fòm gouvènans kominotè ak mekanis entranjid sosyal, ki te pèmèt yo reziste kont kriz ekonomik ak politik youn apre lòt.

Anplis, yon etid Haiti-Now (2015) sou estimasyon demografik ant 2009 ak 2015 montre popilasyon komin nan te kontinye ogmante nan kòmansman 21yèm syèk la. Sa rive paske sant la toupre wout nasyonal ki mennen Okap, sa ki fasilite komès ak deplasman moun yo. Fenomèn sa a montre yon chanjman pwogresif soti nan riralite pou rive nan semi-ibanizasyon.

Ann fè yon ti  rezime,  lane 1970 te make pou Tèrye-Wouj yon moman kle nan listwa lokal li : yon balans ant tradisyon ak modènite, ant lavi riral ak devlopman. Komin nan, menm si li te toujou piti pa kantite moun, te deja pote siy vitalite sosyal ak ekonomik ki ap defini idantite li jouk jounen jodi a.

Referans Bibliyografik

1. Enstiti Ayisyen Estatistik ak Enfòmatik (IHSI). Resansman jeneral popilasyon ak lojman – Done demografik ak riral.

2. IHSI (2025). Estimasyon popilasyon ayisyèn selon rejyon. Pòtoprens : IHSI.

3. IPUMS / World Bank (1971). Resansman jeneral popilasyon, lojman ak agrikilti — Ayiti (1971).

4. World Bank (2018). Haitian Cities: Actions for Today with an Eye on Tomorrow. Washington D.C.

5. Haiti-Now (2015). Popilasyon total, moun 18 an ak plis, kay ak dansite. Estimasyon 2009–2015 (PDF).

Recherche
Boomba Libertaire 🇭🇹

Commentaires

Articles les plus consultés