Legliz Batis Tèrye-Wouj la divize

 TERYE-WOUJ LAKAYANM JOUNAL

Vwa kominote a, limyè sou verite a

📍 Tèrye-Wouj, Nòdès Ayiti

Redaktè : Boomba 🇭🇹

NÒT POU AMONI, RESPÈ AK VIV ANSANM

Jodi a, kominote nou an ap travèse yon moman ki difisil anpil. Legliz Batis Tèrye-Wouj la, ki toujou te yon senbòl lafwa, inite ak lespwa pou anpil fanmi, vin twouve li divize. Sitiyasyon sa a ap afekte lavi espirityèl ak sosyal kominote a anpil.

Li enpòtan pou nou sonje ke legliz la se pa yon kote pou divizyon, men pito yon espas lanmou, lapè, tolerans ak fratènite. Li dwe yon kote kote tout moun santi yo byenveni, respekte, epi ini nan lafwa.

Timoun Tèrye-Wouj yo ap gade, yo ap koute, epi yo ap aprann nan sa granmoun yo ap fè. Jodi a, yo montre yon bezwen klè : yo vle wè viv ansanm, amoni ak inyon nan legliz yo. Yo vle grandi nan yon anviwònman kote lapè ranplase konfli, kote dyalòg pran plas diskisyon, epi kote lanmou pou pwochen an pa sèlman yon pawòl, men yon reyalite.

Nou lanse yon gwo apèl bay de pati yo : li lè pou nou mete diferans yo sou kote, bliye rankin, epi chèche konprann youn lòt. Se nan dyalòg sensè, respè youn pou lòt ak volonte pou jwenn yon antant  nou ka rive jwenn solisyon.

Linyon pa sèlman enpòtan pou lafwa, li enpòtan tou pou devlopman kominote a. Lè legliz la divize, sa febli kominote a. Men lè li ini, li bay fòs, espwa ak solidarite.

Nou tout vle yon antant. Nou tout vle wè legliz la retounen solid, ini, epi respekte, pou li ka kontinye gide jèn yo epi enspire jenerasyon kap vini yo.

Se pou nòt sa a vin tankou yon kri kè, yon apèl pou konsyans tout moun, epi yon envitasyon pou nou rebati ansanm sa ki kraze.

Linyon fè fòs. Respè bati lapè. Viv ansanm garanti lavni.

Commentaires

Articles les plus consultés